fbpx Men kijan imigran iregilye yo kapab jwenn lisans chofè nan Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo

Men kijan imigran iregilye yo kapab jwenn lisans chofè nan Nouyòk

Imigran ki pa regilye k ap viv nan eta Nouyòk elijib pou yo aplike pou yon lisans chofè estanda depi mwa desanm 2019 apre lwa ki rele  an anglè « The Driver’s Licence and Privacy Act » la te fin pase. Anpil moun konnen lwa sa a sou non « Green Law Act. »

Lwa sa a pase yon fason pou pèmèt imigran ki pa regilarize yo benefisye yon lisans chofè, pandan l ap gen enpak pozitif sou kwasans ekonomik, epi amelyore sekirite sou wout yo.

Tout moun k ap viv Nouyòk ki gen omwens 16 lane, kapab aplike pou yon lisans chofè depi yo kapab bay Depatman Veyikil ak Motè yo (DMV) pyès ki nesesè yo.

Plizyè manm kominote Whatsapp nou yo poze kesyon sou kisa pwosedi a ye pou yo benefisye yon lisans. Yo poze kesyon tou sou kijan enfòmasyon sou yo kapab pwoteje. Nou pral bay lis dokiman ak etap yon moun ki nan sitiyasyon iregilye nan Nouyòk kapab suiv pou li gen yon lisans.

Premye pati : Kisa yon lisans chofè apranti ye ?

Yon lisans apranti, se yon endikasyon ki di postilan an pase yon tès ekri sou tout trensip sikilasyon yo ak fason pou moun kondui. Se premye etap pou yon moun aplike pou yon lisans chofè.

Pou w genyen pèmi apranti a, fòk ou pase yon ekzamen ekri. Ekzamen sa a genyen prensip wout yo, kijan pou w kenbe pèmi w, divès kalite pèmi ki genyen yo, ak lòt sijè ki nesesè sou pwoteksyon chofè ak pyeton yo. Ou kapab prepare tès sa a gras ak liv « depatman Veyikil ak Motè » eta Nouyòk la. Men li an anglè.

Tès la genyen 20 kesyon yo chwazi pa aza nan diferan seksyon nan liv la a. Ou kapab fè pratik tès la sou lyen sa a. (Klike la a)

Pou w pase tès la, ou dwe reponn pou pi piti 14 sou 20 kesyon yo.

Ou pare pou ekzamen an ?

Ekzamen an disponib nan trèz (13) lang diferan. Ou kapab al pase l an pèsòn oubyen sou entènèt. Pou pase l sou entènèt, ou dwe genyen yon tablèt oubyen yon òdinatè ki genyen kamera ladan l. Kèlkeswa fason ou chwazi pase tès la, ou dwe bay enfòmasyon sou adrès ou, nesans ak idantite w.

Si w poko janm gen yon nimewo sekirite sosyal, fòk ou bay yon dokiman ou ranpli ki di w pa genyen l. Dokiman sa a dwe notarye. Men modèl dokiman an.

Pou sa ki gen pou wè ak idantite w, ou dwe bay dokiman ki totalize 6 pwen. Epi, yon dokiman pou pwouve laj ou, yon dokiman ki pwouve adrès ou.

Pa ekzanp : Yon prèv idantite ki bay ak paspòw (4pwen) + yon kat debi (1 pwen) + yon kat idantite eta Nouyòk ki rele IDNYC a (1 pwen).

Dokiman yo kapab genyen

·  Paspò valid (4 pwen, li gen prèv laj ou)

·  Kat idantifikasyon konsila bay (4 pwen, prèv laj)

·  Lisans peyi etranje valid oubyen ki ekspire jiska 24 mwa (4 pwen, prèv laj)

·  Kanè lekòl etranje (1 pwen)- si l gen foto (2 pwen)

·  Kat idantite lameri Etazini bay ak foto/IDNYC (1 pwen, prèv rezidans)

·  Pou w genyen lis la konplè, vizite sit DMV a.

Aisre w tout dokiman yo gen menm non an ladan yo. Yo dwe orijinal, oubyen biwo ki bay yo a dwe sètifye yo, yo pa dwe ekspire, se yon pwofesyonèl ki sètifye ki dwe tradui yo, yo pa dwe manke moso oubyen domaje.

Ou kapab pran radevou pou tès la la a pou w jwenn li kote ki pi pre w la epi moman ki disponib yoGen kèk biwo ki ekzije pou sèvis yo bay sou entènèt sèlman.

Dezyèm pati : Tès kondui a ak lisans lan

Lè w fin gen lisans aprantisaj la, ou kapab avanse pou lisans chofè a. Pou sa a, w ap bezwen.

·  Suiv yon klas 5 èd tan. Yo rele l an anglè Pre-Licensing course oubyen H.S oubyen College Driver Education Course.

·  Genyen yon kantite tan pratik kondui anba sipèvizyon yon moun ki kalifye. (Li rekòmande 50 èd tan pou moun ki fenk ap aprann kondui yo oubyen moun ki poko gen 18 ane yo)

Klas anvan lisans la

Klas 5 èd tan an, se yon klas DMV apwouve ki genyen tout sa ki enpòtan sou abitid lè moun ap kondui, sa pou w metrize, api kijan pou w kondui sou gwo otowout yo.

Kou sa a disponib nan lekòl segondè yo, inivèsite, ak yon pakèt lekòl prive. Ou kapab suiv li an pèsòn oubyen sou entènèt (lekòl ou chwazi a ap ba w opsyon yo).

Lè w fin pase kou sa a, y ap ba ou yon sètifika ki rele an anglè : Pre-Licensing course certificate of completion (MV 285). Sètifika sa a valid pou yon lane a pati dat yo delivre l la.

Pratik kondui a

Pèmi apranti a pèmèt ou pran volan machin pou w pratike anba sipèvizyon yon paran, yon zami ki gen lisans. Ou pap kapab fè pratik nan espas sa yo :

·  Nan yon wout ki nan yon plas piblik

·  Sou nènpòt pon oubyen tinèl ki anba jiridiksyon Tri-borough Bridge and Tunnel Authority.

·  Nan Cross County, Hutchinson River, Saw Mill River, oubyen Taconic State parkways ki nan Westchester County.

·  Nan yon wout DMV fè tès.

Pou sila yo ki anba 18 ane, yo dwe tann 6 mwa apre yo genyen pèmi apranti a pou yo aplike pou yon lisans.

Si ou pa kapab jwenn yon fanmi oubyen yon zanmi ki pou sipèvize w nan pratik kondui a, ou kapab peye yon klas nan otoekòl ki tou pre w yo.

Pran randevou, epi pase tès kondui a

Ou kapab pran radevou pou tès kondui a sou sistèm randevou DMV a. Ou kapab pran tès la nenpòt kote nan Nouyòk epi ou kapab chwazi zòn nan lè w mete ZIP code kote w vle a.

Pou pase tès kondui a ou pap peye lajan. Men, gen yon frè pou lisans lan ki koute ant 64.50 ak 107.50 an fonksyon laj ou ak tip lisans ou vle a.

Si w pa pase tès la, ou kapab reprann li apre 2 semèn. Si w pa pase l 2 fwa,  w ap gen pou w peye yon frè 10 dola pou w refè tès la.

Kesyon moun poze souvan

Kisa sa sa vle di pou imigran yo NOT FOR FEDERAL PURPOSES ki sou kèkk lisans ?

Gen lisans ki genyen ladan l, anlè a goch li : NOT FOR FEDERAL PURPOSES. Ou pa kapab itilize lisans sa a kòm yon dokiman idantite lè w ap vwayaje nan ayewopò anndan Etazini. Ou paka itilize l pou w antre nan biwo federal yo.   

Ki diferans li ak yon vrè lisans idantite (REAL ID)?

Diferans lan, lisans ki se REAL ID a pèmèt moun itilize l pou yo idantifye yo lè y ap vwayaje nan ayewopò anndan Etazini. Yo kapab antre nan biwo federal yo avèk li. Se moun ki gen stati legal tanporè oubyen pèmanan Etazini ki kapab posede l.

Èske y ap pataje enfòmasyon m bay yo ak otorite federal yo ?

Non. Lalwa entèdi otorite imigrasyon yo gen aksè ak enfòmasyon sa yo. Sof si se yon desizyon lajistis ki ekzije sa.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers