fbpx Men kijan pou w aplike pou kat idantite Nouyòk la (IDNYC) - Documented - Documented
 

Men kijan pou w aplike pou kat idantite Nouyòk la (IDNYC)

Kiyès ki gen dwa aplike pou yon kat idantite nan Nouyòk (IDNYC)?

Tout moun k ap viv Nouyòk, a pati laj 10 zan, kèlkeswa estati migrasyon l, kapab aplike pou yon kat idantite Leta delivre. Pwogram idantifikasyon sa a li lanse depi ane 2015. Se youn nan pi gwo ak pi bon pwogram idantifikasyon nan tout Etazini.

Kijan ou kapab jwenn kat idantifikasyon an ?

Yon moun ki gen omwens 14 lane kapab pran randevou sou entènèt. Apre sa, li pral fini aplikasyon an an pèsòn nan youn nan biwo IDNYC yo. Si w vle aplike sou entènèt la, ou kapab klike sou lyen sa a : (https://on.nyc.gov/2sb2ss1)

Pou w fè demann kat idantifikasyon Nouyòk la (IDNYC), w ap gen pou w bay yon prèv idantite w ak yon prèv ou abite Nouyòk. Menm si yo aksepte yon pakèt dokiman, ou kapab jwenn lis sa yo mande yo nan kalkilatè dokiman an.

Kat idantite Nouyòk la gratis epi li valab pou senk lane a pati dat yo livre l la, pou moun ki gen omwens 16 lane. Li valab pou de (2) lane pou moun ki gen mwens pase 16 lane. Aplikasyon an disponib nan 25 lang, epi li aksesib pou moun ki nan sitiyasyon andikap. Pou w jwenn li nan lang Kreyòl, ou kapab klike sou lyen sa a (https://on.nyc.gov/2sb2ss1).

Timoun ki gen 10-13 ane ki bezwen asistans yon responsab (granmoun, paran, elatriye) kapab pran randevou nan yon sant anrejistreman.

Pwosesis pou w renouvle IDNYC a

Sonje verifye dat ekspirasyon kat ou a pou w konnen kilè ou dwe renouvle l. W ap jwenn dat ekspirasyon an nan pati anba kat la. Ou kapab renouvle kat IDNYC a jiska 90 jou anvan li ekspire, oubyen jiska yon lane apre li ekspire.

Ou kapab renouvle kat ou a sou sit IDNYC a. Si kat ou a gen plis pase yon lane depi l ekspire, ou dwe kòmande yon nouvo kat nan yon sant anrejistreman.

Gen de fason ou kapab renouvle kat la. Sou entènèt, oubyen an pèsòn. Si w ap renouvle l sou entènèt, ou kapab kòmanse aplikasyon an sou paj sa a.

 Si w vle renouvle l an pèsòn, ou kapab pran yon randevou sou entènèt pou w ale nan yon sant anrejistreman, oubyen rele nan nimewo 311.

Men kijan imigran iregilye yo kapab jwenn lisans chofè nan Nouyòk

Lè w ap pran randevou a sou entènèt la, ou gen pou w fè mizajou sou pifò enfòmasyon ki sou kat la, pami yo, adrès ou ak enfòmasyon sou sèks ou. Si w ap chanje adrès ou, li posib pou yo mande w  pou w skane dokiman prèv nouvo adrès la. Lè se pou w chanje otè w, koulè je w oubyen non w, ou kapab kòmanse renouvèlman an sou sit entènèt la, epi al fè chanjman yo nan yon sant anrejistreman.

Benefis ou genyen ak yon IDNYC

Kat idantifikasyon IDNYC a se yon kat yo ofisyèlman aksepte, epi li sekirize enfòmasyon sou idantite w. Li pèmèt ou gen aksè ak sèvis nan vil Nouyòk, tankou pou louvri yon kanè bank nan kèk enstitisyon finansye espesyal. Apre sa, li pèmèt ou antre nan kèk espas tankou lekòl. Li kapab sèvi w kòm prèv idantite lè w ap entèraji ak lapolis.

Kat IDNYC a kapab sèvi w kòm kat bibliyotèk nan Nouyòk, nan Brooklyn ak Queens nan sistèm bibliyotèk piblik yo. Pou w kapab itilize kat IDNYC w la nan bibliyotèk piblik yo, ale nan sila ki pi pre w la, epi mande pou konekte kat ou a, oubyen mande pou yo kreye yon nouvo kont pou ou. Se konsa w ap kapab itilize kat IDNYC w la kòm kat bibliyotèk.

SEE MORE STORIES
Early Arrival Newsletter
Receive a roundup of all immigration news, and the latest policy news, in New York, nationwide, and from Washington, in your inbox 3x per week.
info@documentedny.com
Documented Advertising
Solutions
pitches@documentedny.com