fbpx Kijan imigran iregilye yo kapab ouvè yon kont labank - Documented - Documented
 

Kijan imigran iregilye yo kapab ouvè yon kont labank

Si w se yon imigran iregilye k ap viv Nouyòk, menm si ou pa gen nimewo sekirite sosyal, ou kapab ouvè yon kont labank epi gen yon kat debi. Men kijan ou kapab fè sa.

Pwosesis pou ouvè yon kont labank epi genyen yon kat debi kapab parèt konplike pou yon moun ki pa gen nimewo sekirite sosyal. Men, gen lòt dokiman ki kapab pèmèt li fè pati plis pase 94 pousan fwaye Ozetani ki genyen yon kanè bank. Nou pra l eksplike w kijan w kapab ouvè yon kont nan bank Nouyòk sèlman ak yon paspò oubyen yon nimewo ITIN.

Ou pa bezwen nimewo sekirite sosyal pou w ouvè yon kanè bank

Apre atanta 11 Septanm yo, otorite ameriken yo te ranfòse mezi sou kijan yon moun kapab ouvè yon kont labank Ozetazini. Non sèlman yo te ekzije pou gen verifikasyon ki fèt sou moun k ap fè demand lan nan tcheke, pa ekzanp, dokiman tankou lisans chofè moun nan, paspò l; yo te ekzije tou, pou verifye si non moun nan pa nan lis moun yo sispèk ki teworis yo

Men, mezi sa yo pa t anpeche imigran iregilye yo ak moun ki pa gen nimewo sekirite sosyal yo ouvè yon kont labank depi yo ranpli kritè nou pral di la yo. 

Lè w genyen yon kont labank, li kapab ba w anpil benefis. Li pèmèt ou gen yon kat debi, li ede w bay prèv adrès ou. Li pèmèt ou wetire lajan nan plizyè ATM, konsève tras depans ou yo, epi, li pwoteje lajan w. 

Ou kapab li tou: Men kijan pou w aplike pou kat idantite Nouyòk la (IDNYC)

Nan domèn imigrasyon, li kapab montre kijan w patisipe nan sistèm finansye ameriken an. Kont labank lan kapab pwouve a pati tranzaksyon w fè yo, depi kilè ou sou teritwa ameriken an, ki kantite lajan taks ou peye -ki se yon bagay ki enpòtan, lè pou w pwouve kijan ou gen endepandans lajan. 

Ki dokiman ou bezwen pou ouvè yon kanè bank?

Men sa enstitisyon finansye tankou Chase, Bank of America ak Credit Union mande pou w ouvè yon kanè bank: 

  • Non w ak dat nesans ou. W ap kapab pwouve sa gras ak Ak nesans ou, yon paspò ki valid, yon dokiman idantite konsilè, yon lisans chofè Leta bay oubyen yon pèmi pou aprann kondui. Ou bezwen omwen 2 dokiman idantite Leta bay. 
  • Prèv adrès ou. Ou kapab pwouve l ak papye bil telefòn ou, bil gaz, bil kouran, kontra fèm kay. Li kapab tou nan dokiman idantite minisipal (IDNYC a). Dokiman sa yo dwe gen non w ak adrès ou abite a nan yo. 
  • Idantite fiskal ou: ou kapab bay yon nimewo sekirite sosyal (SSN) oubyen yon nimewo idantite pou taks (ITIN)

Men lis bank ki pèmèt louvri yon kont ak yon ITIN

Pifò enstitisyon finansye yo pèmèt moun ouvè yon kanè (checking and savings) depi l genyen tout sa ki di pi wo yo. Men yon lis bank ki pèmèt ou gen yon kanè bank gras ak ITIN nan: 

ENPÒTAN: Ou pap kapab ouvè yon kont laban sou entènèt gras ak ITIN nan. Ou dwe pran yon radevou pou w ale an pèsòn nan bank lan, pou yo verifye idantite w. 

Chase Bank : W ap peye yon frè 12 dola pa mwa pou yon kont chèk ak epay. Gen twa fason ou kapab evite peye l. 

PNC Bank : Frè pou w peye pa mwa a, se 7 dola. Men, depi w gen yon balans 500 dola sou kont lan, ou pap peye l. 

Bank of America : ekzije yon minimòm 25 dola depo alabaz pou w ouvè kont lan. 

Citibank : Pa ekzije okenn kantite lajan pou w depoze alabaz. Men, ou kapab pa peye frè pou kanè a chak mwa si w genyen omwens 500 dola sou li.

TD Bank : Gen yon frè $4.50 chak mwa ou dwe toujou peye, men, ou pap peye frè si balans ou negatif. 

Pou w jwenn plis lòt bank ak enstitisyon kredi nan Nouyòk, ou kapab ale sou lyen sa a

Kijan w ka ouvè yon kont sèlman ak paspò w? 

Alliant Credit Union, Citibank, Wells Fargo pèmèt kliyan yo ouvè yon kont debi ak yon dokiman ofisyèl ki gen foto yo ladan l, tankou paspò. Nou gen prèv gen imigran ki rive ouvè yon kont nan bank sa yo, sèlman ak paspò yo. 

Yon kont labank ap ede w gen estabilite finansye

Pandan anpil imigran chwazi pou fè transaksyon ak lajan kach, pi gwo avantaj yon kont labank ba ou, se flesibilite sou lajan w travay pou w fè a. 

Ou gendwa pa ekzanp pèdi yon lajan kach (swa paske li pèdi nan men w, oson pandan yon dife), yo pap kapab remèt ou lajan sa a, paske ou pap gen mwayen pou w pwouve ou te genyen l vre. Men, yon releve labank kapab montre tout tranzaksyon w yo, epi pwouve lajan sa a te ekziste. 

Anplis, FDIC ekzije labank yo pou yo sekirize yon kantite lajan estanda ki se 250 000 dola. 

Lè w ap viv Etazini, youn nan bagay ki enpòtan yo, se genyen prèv ou peye yon seri pwodui ak lòt obligasyon. Lè w gen yon kanè labank, ou otomatikman genyen yon kalandriye ki evite w pran reta pou peye obligasyon w yo, epi, li ede w gen tras tout depans ou fè yo. L ap ede w jere bidjè w pi byen. 

Jounen jodi a, anpil travay renmen depoze salè anplwaye yo dirèkteman sou kont yo, sa evite y ale nan liy labank pou kach chèk travay yo. 

SEE MORE STORIES
Early Arrival Newsletter
Receive a roundup of all immigration news, and the latest policy news, in New York, nationwide, and from Washington, in your inbox 3x per week.
info@documentedny.com
Documented Advertising
Solutions
pitches@documentedny.com