fbpx Kijan yon imigran kapab jwenn klas anglè gratis nan Nouyòk? - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo

Kijan yon imigran kapab jwenn klas anglè gratis nan Nouyòk?

Menm si w pa gen lajan, ou kapab aprann pale ak ekri anglè gratis nan Nouyòk. Men tout kote ou kapab jwenn kou anglè gratis.

Lè w pale ak metrize lang anglè a Ozetazini, sa kapab ouvè anpil pòt pou ou. Non sèlman li pèmèt ou kominike ak lòt moun nan peyi a, men tou, li se yon gwo avantaj lè w ap aplike pou djòb, lè pou w al lekòk, epi fè sa w renmen yo. 

Nan yon sondaj nou te mennen ak 49 manm ki sou gwoup WhatsApp nou, 10 pousan ladan yo reponn yo enterese ak kou anglè, yon fason pou amelyore konpetans yo. 

Nouvo manm sou gwoup la te kontakte n tou pou mande n ki kote y ap jwenn kou anglè gratis ki pre kominote yo. Documented kreye yon lis ki gen tout klas anglè gratis ki disponib nan Nouyòk, swa an pèsòn oubyen sou entènèt. 

Si w gen kesyon oubyen ou vle mete yon klas nan lis sa a, voye yon imèl pou nou sou ralph.thomassaint@documentedny.com

Life of Hope

Life of Hope se yon òganizasyon Ayisyen ki Brooklyn ki fè klas pou imigran  Ayisyen yo chak madi ak jedi. Li pataje menm adrès ak lekòl Cristo Rey Brooklyn High School. Se enstriktè Ayisyen ki pale kreyòl ki fè klas anglè yo, pou fasilite imigran ki fenk ap aprann pale lang lan. Klas yo gratis. 


Ou kapab vizite sit entènèt yo, oubyen, ou kapab rele nan nimewo (718) 362-3162.

Adrès li se 1377 Brooklyn Ave, Brooklyn, NY 11203.

CUNY

Gen kou anglè ki disponib sou kanpis City University of New York (CUNY). Kou sa you dispnib pou moun ki majè ki vle aprann pale anglè oubyen ki vle pase GED yo (ki se ekivalan diplòm segondè a). Klas yo gratis, epi yo disponib chak sezon. Tcheke pou konnen kilè pwochen klasyo ap kòmanse. Klas CUNY yo disponib plizyè kote nan vil Nouyòk la. 

Lyen ak fichye sa yo gen lis tout kote klas anglè sa yo disponib, epi referans kontak: CUNY || PDF

Pifò nan klas sa yo ekzije w pou suiv yo sou entènèt. Se pou sa, y ap mande w kèk enfòmasyon tankou non w, adrès ou, imèl ak dat nesans ou. 

Inivèsite Columbia

Inivèsite Columbia bay klas anglè gratis nan Nouyòk pou moun ki nan senk awondisman yo. Gen klas pou tout nivo, soti nan debitan pou rive nan nivo ki avanse. Ou kapab chwazi klas sa yo tou pou amelyore pwonosyasyon w. 

Klas yo disponib twa fwa pa ane, epi yo dire douz semèn. Ou kapab aplike ak jwenn plis enfòmasyon sou lyen sa a

Si w genyen kesyon, ou kapab kontakte : adultednyc@schools.nyc.gov | (646) 481-8227

Depatman edikasyon vil nouyòk la

Depatman edikasyon an gen yon pakèt kou ki disponib tankou nan konesans òdinatè, klas sou karyè ak teknik edikasyon. Preparasyon GED ak lòt ankò. 

Men tout pwogram ki disponib yo. Kou sa yo disponib pou tout moun ki gen pou pi piti 21 lane, k ap viv Nouyòk, nan kèlkeswa awondisman an. Ou kapab chwazi suiv yo nan youn nan plizyè espas yo disponib yo. 

Pou w aplike, ou dwe ranpli fòmilè sa a epi bay detwa enfòmasyon tankou non w, adrès, imèl ou, dat nesans ak nimewo telefòn ou. 

Si w gen kesyon ou kapab kontakte: 

adultednyc@schools.nyc.gov | (646) 481-8227

Bibliyotèk piblik nouyòk (new york public library)

NYPL gen klas anglè gratis pou tout nivo ki disponib plis pase 40 kote nan awondisman Manhattan, Staten Island, ak Queens. Kou yo gratis pou tout moun Nouyòk. Yo dire 10 semèn gras ak 2 jou klas lasemèn, e pafwa, pandan wikenn yo. Ou kapab anrejistre pou klas yo sou lyen sa a. 

Gen kou EOSL ki disponib tou pou sila yo ki vle amelyore fason yo li ak ekri anglè. Apre sa, moun ki pa gen tan pou konsakre 10 semèn pandan yon semès, kapab chwazi ale nan kou anglè enfòmèl yo pou pratike. W ap jwenn plis enfòmasyon la a.  

Pou lisa yo ki anvizaje pase tès sitwayènte a nan a ane k ap vini la yo kapab jwenn yon ansanm evenman pou prepare tès la

Bibliyotèk piblik Queens

Disponib pou moun apati laj 17 tan. QPL bay klas pandan 12 semèn nan semèn nan ak nan wikenn. Kou yo disbonib nan maten ak nan apremidi.

Ou kapab anrejistre aplikasyon w lan la a

POu plis kesyon, ou kapab kontakte kowòdonatè pwogram nan ki se Marco Castillo: 

MaCastillo@queenslibrary.org | 718-480-4300 

Bibliyotèk Piblik Brooklyn (Brooklyn Public Library): 

Gen klas anglè gratis nan Nouyòk pou twa nivo: debitan, entèmedyè ak avanse. Yo gen kou tou pou moun ki vle amelyore kapasite yo pou yo kominike nan travay yo gras ak sètifikasyon vokasyon IELCE a (Earn a Food Handler or Digital Literacy Certification Classes). 

Ou kapab anrejistre sou lyen sa a

Enpòtan: ou dwe pran yon tès evalyasyon pou yo konn nan ki nivo y ap mete w.

HANAC, INC

Pwogram sa a disponib pou moun k ap viv Western Queens soti mwa septanm pou rive mwa jen. Klas yo fèt soti Lendi pou rive jedi soti 6zè pou rive 9è nan apremidi. Etidyan yo kapab ale nan de klas pa semèn pandan sesyon an. 

https://hanac.org/  | Phone: 718-396-5016

Make the Road NY

Kou sa yo disponib pou tout moun k ap viv nan senk awondisman yo. Gen plizyè sesyon pandan ane a nan plizyè epas. Si w vle konnen plis sou sa ak kijan pou w aplike, klike la a

Pou plis enfòmasyon, ou kapab rele nan nimewo sa yo: 

  • Bushwick, Brooklyn (718) 418-7690, ext. 1299
  • Jackson Heights, Queens (718) 565-850, ext. 4438
  • Port Richmond, Staten Island (718) 418-7690, ext. 1299
  • Brentwood, Long Island (631) 231-2220, ext. 4304
  • White Plains, Westchester (914) 948-8466

Pwogram Lang Riverside la

 Riverside Program Language se yon lekòl gratis ki bay kou anglè pou imigran, rejifye ak sila yo k ap chache azil. Moun k ap viv nan kèlkeswa awondisman nan Nouyòk kapab patisipe. Si w vle konnen orè klas yo, ou kapab kontakte yo dirèkteman. 

Imèl: info@riversidelanguage.org | Adrès: 270 West 89th Street New York, NY, 10024

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers