fbpx Tout sa ou dwe konnen sou mezi sekirite kont dife ak dwa lojman - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo

Tout sa ou dwe konnen sou mezi sekirite kont dife ak dwa lojman

Men sa moun k ap viv Nouyòk yo dwe konnen sou dwa yo kòm lokatè ki garanti yo pwoteksyon kont dife epi kalite kay yo.

Nouyòk, lokatè yo gen yon seri dwa ki garanti sekirite yo ak kalite kay yo. Lalwa ekzije pwoprityetè yo pou yo bay yon espas ki byen sekirize, ki gen enfrastikti sekirite kont dife, yon espas ki pa gen vèmin ladan l, ki pa koule, epi ki pa prezante okenn lòt risk. 

Lalwa pwoteje lokatè yo tou kont tout fòm diskriminasyon ak asèlman. Li pwoteje yo tou pou pwopriyetè yo pa degèpi yo ilegalman. 

Dwa pou gen yon alam/detektè lafimen

Anvan w siyen yon kontra lwaye kay, ou dwe chache konnen kote detektè lafimen yo ye nan kay la. Daprè lalwa, pwopriyetè kay la dwe plase yon detektè lafimen ki sètifye nan chak pyès. Detektè a dwe byen fonksyone, epi fòk moun kapab byen tande son li bay la. Dapre yon rapò Asosiyasyon nasyonal sou pwoteksyon kont dife, “Kay ki gen alam detektè lafimen yo gen 55 pousan mwens chans pou moun mouri ladan yo pase kay ki pa genyen yo, oubyen ki gen yon alam ki pa fonksyone.”

Anplis, nan chak apatman, dwe gen yon detektè lafimen ki enstale nan yon distans dis pye, pa rapò ak chanm kote moun dòmi yo. 

Detektè monoksid kabòn 

Pwopriyetè apatman ki nan klas A ak B (Class A and Class B multiple Dwelling) -sa vle di apatman ki gen chanm pou kouche, kuizin, twalèt- ak kay ki pou youn oubyen 2 fanmi abite, yo dwe enstale yon detektè monoksid kabòn. 

Monoksid kabòn nan se yon gaz ki pa gen odè epi ki san koulè. Li lakoz 430 moun mouri ak anviwon 500 000 moun ale nan swen ijans chak ane Ozetazini akoz anpwazònman. Pami sous monoksid kabòn nan kay yo, genyen dife ki fèt ak gaz fou yo, aparèy chofaj dlo pou kay yo, sistèm chofaj kay yo, ak tout lòt dife ki soti nan gaz, chabon, luil, elatriye. 

Men, ou kapab fè prevansyon entoksikasyon monoksid kabòn lan. Pandan lalwa ekzije pwopriyetè a pou l enstale alam detektè monoksid kabòn nan, se responsabilite w kòm lokatè pou w verifye chak mwa si yo fonksyone, epi chanje batri ki ladan yo omwens 2 fwa pandan yon ane. 

Ekske w kapab mande pwoteksyon fenèt?

Nan tout bilding ki gen omwens twa apatman, lalwa nan vil Nouyòk ekzije pwopriyetè yo pou yo enstale pwoteksyon nan fenèt yo si gen timoun ki gen dizan oubyen pi piti laj, k ap viv landan yo. Pwopriyetè yo dwe enstale pwoteksyon sekirite nan fenèt yo tou, si lokatè a oubyen moun k ap viv nan kay la mande l sa pou kèlkeswa rezon an. 

Anplis, pwopriyetè yo gen obligasyon chak mwa janvye, pou yo voye nòt pou mande lokatè yo si yo gen timoun laj dizan oubyen pi piti ki ap viv nan kay yo; oubyen si lokatè yo swete gen pwoteksyon pou sekirize fenèt yo. Si pwopriyetè a refize fè sa, otorite vil Nouyòk yo ap ba li yon amann pou sa. 

Kisa ki anpwazònman plon an? 

Anpwazònman plon an rive apre plizyè ane yon moun ekspoze anba pousyè, kras, ak moso penti dekale ki gen plon ladan l. Se responsabilite pwopriyetè a pou l ranje tout domaj ki gen nan kay la. Lokatè a dwe enfòme pwopriyetè a si gen penti k ap dekale ak nepòt sitiyasyon ki ka kreye danje yon fason pou pwopriyetè a ranje yo. Si w estime pwoblèm nan pa ranje, ou kapab rele 311. 

Ou kapab mande yon evalyasyon gratis sou risk ekspozisyon anba plon an si ou reyini youn nan kritè sa yo:

  • Kay ou a te konstwi anvan 1960 (oubyen si kay la te konstwi ant 1960 ak 1978 epi pwopriyetè a konnen li pentire ak penti ki gen plon ladan l). 
  • Bilding nan gen omwens twa apatman. 
  • Gen timoun 5 lane, oubyen pi piti k ap viv nan kay la oubyen ki pase pou pi piti dizèd tan pa semèn nan kay la. 

Seri pòt antre yo, entèkòm ak limyè

Lalwa ekzije nan antre bilding ki gen plizyè aptman yo pou yo gen pòt ki lòk poukont yo, pou sekirite lokatè yo, ak pou prevansyon kont moun ki gen move entansyon vin antre nan kay la. Pou bilding ki gen omwens 8 apatman yo, dwe gen yon sistèm entèkòm ki pèmèt vizitè yo sone apatman yo bezwen an, epi pou moun ki abite landan l yo kapab ouvè pou vizitè yo. 

Antre kay yo, eskalye ak koulwa yo dwe gen bon limyè ki klere yo. Lokatè yo kapab ajoute seri nan pòt yo si yo vle, men, fòk yo bay pwopriyetè kay la yon kopi si l mande yo sa. 

Ogmantasyon lwaye a ak frè ki anreta yo

Èske pwopriyetè a kapab chaje m yon seri frè an reta?

Yon pwopriyetè kapab mete frè adisyonèl si l resevwa kòb lwaye a  senk jou apre delè a.  Montan an kapab senk pousan oubyen 50 dola daprè montan ki pi ba a. 

Eske pwopriyetè a kapab ogmante pri kay la pandan m ap renouvle lwaye a?

Pou apatman/kay ki pa gen regleman yo: si ogmantasyon an depase 5 pousan, pwopriyetè a dwe voye yon nòt ekri alavans an fonksyon kantite tan w ap viv nan kay la. 

Si w ap viv pandan plis pase 2 ane: Li dwe ekri w 90 jou alavans. 

Si w ap viv pandan plis pase 1 ane, men mwens pase 2 ane: li dwe ekri w 60 jou alavans. 

Mwens pase yon lane: li dwe ekri w 30 jou alavans. 

Pou lwaye ki stabilize yo: Maksimòm lajan ogmantasyon an dwe fèt sou baz regleman Gid Konsèy Lwaye a (Rent Guidelines Board), oubyen sou baz yon rezon kò stabilizasyon lwaye yo prevwa. 

Kisa ki lwaye ki kontwole a?

Lwaye ki kontwole yo ekziste pou bilding/kay ki konstwi anvan fevriye 1947 nan Nouyòk, nan kèk kote Albany, Erie, Nassau, Rensselaer, Schenectady ak Westchester. Li limite pri lwaye yon pwopriyetè kapab enpoze, epi, li limite pouvwa pou pwopriyetè a degèpi lokatè yo. Pou yon apatman kapab gen lwaye ki kontwole, fòk lokatè a oubyen yon moun ki benefisyè legal li abite kay la depi premye jiyè 1971, pafwa, premye avril 1953. 

Kijan pou m konnen si apatman m nan nan lwaye ki kontwole? 


Pou w jwenn istorik lokasyon kay ou a, oubyen pou w konnen si lwaye kay ou a stabilize, ou kapab mande sa sou entènèt. W ap voye non w, adrès ou ak yon imèl ki valid sou sit New York State Division of Housing and Community Renewal.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers