fbpx Kijan imigran yo kapab fè biznis nan Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Feb 01, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Kijan imigran yo kapab fè biznis nan Nouyòk

Pa gen okenn lwa federal oubyen lwa nan yon eta Ozetazini, ki anpeche yon imigran ki gen estati legal, pou l fè biznis. Men, si yon moun oubyen enstitisyon anplwaye yon imigran ki iregilye, se lalwa li vyole. Pou sa, li kapab peye amand, epi yo kapab menm arete l sou baz chaj kriminèl.  

Anvan w kòmanse yon biznis, li toujou rekòmande pou w genyen yon plan, chache konsèy, epi chache enfòmasyon sou sektè ou vle envesti ladan l lan. Men kèk resous k ap ede w prepare plan biznis ou a: Anrejistre pou klas planifikasyon biznis, klas pou konsèy sou biznis, kijan pou w ekri plan biznis

Lè w fin deside sou kijan w ap mete biznis ou a sou pye, men ki rekòmandasyon vil Nouyòk fè pou w lanse l:

Chwazi yon fòm legal

Estrikti biznis lan ap defini konbyen kòb taks w ap peye, kapasite w pou w jwenn finansman, papye w ap genyen pou w ranpli, epi, responsabilite pèsonèl ou. 

Men 4 prensipal fòm biznis ki genyen yo:

  • Ou gendwa sèl pwopriyetè biznis la: nan sans sa a, se sèl ou menm ki mèt biznis lan, ki pa bati sou fòm yon “sosyete” ki gen plizyè pwopriyetè. Estrikti sa a ba w yon kontwòl total sou tout pasif ak aktif biznis lan ki pa separe yo ak pasif ak aktif pèsonèl ou. Konsa, ou pèsonèlman responsab pou tout dèt ak obligasyon biznis lan. Modèl sa a bon pou biznis ki pa gen gwo nivo risk epi, pou moun ki vle teste pratik yo, anvan yo lanse yon pi gwo biznis. 

Enpòtan: Anpil fwa, bank yo konn pa vle finanse biznis ki gen yon sèl pwopriyetè yo. (Men kote w ap jwenn tout avantaj ki genyen lè w se sèl pwopriyetè yon biznis)

  • Patenarya: Se yon modèl biznis kote 2 oubyen plis lòt moun mete ansanm pou yo fè biznis. Gen 2 modèl patenarya: Gen youn yo rele Limited Partnership (LP) epi lòt la, se Limited Liability Partnership (LPP). Premye a gen yon asosye ki gen tout responsabilite yo, epi, lòt asosye yo gen responsabilite ki limite. Asosye yo pataje depans yo, travay, konpetans,pwofi ak benefis nan biznis lan. 

Enpòtan: Asosye yo pa anplwaye!

  • Limited Liability Company (LLC): Modèl sa pèmèt ou pran avantaj nan benefis konpayi a ak nan estrikti patenarya biznis lan. Antrepriz LLC yo anpil fwa pwoteje w kont responsabilite pèsonèl. Envestisman w gen landan l lan pap gen risk, si li fè fayit oubyen si antrepriz la nan pwosè devan tribinal. 

Enpòtan: Yo konsidere manm LLC yo kòm moun k ap travay ak tèt yo. Se pou sa, yo dwe peye Medicare ak Sekirite Sosyal taks kòm moun ki anplwaye tèt yo. (W ap jwenn benefis LLC yo la a). 

  • Corporation: Se konpayi ki separe ak pwopriyetè yo. Modèl biznis sa a gen responsabilite legal pèsonèl li. Jeneralman, yo kalkile taks pou l peye pratikman sou menm baz ak yon biznis pèsonèl. Corporation an pwoteje  pwopriyetè yo pi byen nan sa ki gen pou wè ak responsabilite. Men, li pi konplike, epi li pi chè pou w kreye l. Gen 5 modèl Corporation: (an anglè) C Corp, B Corp, S Corp, Close Corporation epi nonprofit Corporation. (Si w bezwen plis detay sou yo, klike la a.)

Pou w kapab jwenn konsèy legal gratis sou konstriksyon biznis yo ak lòt detay, ou kapab klike la a

Pou w anrejistre yon biznis

Moun ki sèl pwopriyetè biznis ak biznis ki gen asosye yo kapab aplike pou sètifika antrepriz nan biwo ki la espesyalman pou sa yo. Men kote w ap jwenn yo nan Nouyòk:

Bronx: 854 Grand Concourse, Room 118. Bronx, NY 10451

Brooklyn: Supreme Court Building 360 Adams St, Room 189 Brooklyn, NY 11201

Manhattan: Supreme Court Bldg 60 Centre St, Room 103B New York, NY 10007

Queens: 88-11 Sutphin Blvd, Room 106 Queens, NY 11435

Staten Island: 130 Stuyvesant Place Staten Island, NY 10301

Pou w konnen si non ou chwazi pou biznis ou an disponib, ou kapab chache sa nan biwo ki nan zòn ki konsène a. Klike la a pou w jwenn li.

Biznis ki se modèl Corporation, Limited Partnerships (LP) ak Limited Liability (LLC) yo, yo dwe aplike pou yon sètifika pou non biznis lan (an anglè: Certificate of Assumed Name). Ou kapab fè sa nan depatman deta depatman Nouyòk la. Inite depatman an ki responsab sa a se Division of Corporations, State Records and Uniform Commercial Code. 

Adrès la se: One Commerce Plaza  99 Washington Ave. Albany, NY 12231

Gen kèk limit lè w ap aplike pou yon non nan depatman deta depatman Nouyòk la. Okenn biznis pa dwe gen menm non ak lòt LCC, LP ak Corporation ki ekziste deja. Men yon lis bagay ou dwe konsidere lè w ap chwazi yon non pou biznis ou a. 

Aplike pou yon nimewo idantifikasyon biznis (EIN)

Yon nimewo idantifikasyon biznis (EIN: Employer Identification Number) se yon seri 9 chif ki idantifye yon biznis pou l kapab peye taks. W ap bezwen EIN nan pou w ouvè yon kont labank pou biznis lan, pou w aplike pou lisans, epi, pou w ranpli dosye taks ou. 

Se IRS ki delivre nimewo idantifikasyon biznis yo gratis. Ou kapab aplike pou li sou entènèt, ou kapab voye faks, imèl, oubyen ou rele nan telefòn. Men kote w ap kapab aplike pou EIN nan

Enpòtan: Sèvis pou EIN nan gratis. Ou pa bezwen aplike pou li sou sit entènèt oubyen nan òganizasyon k ap fè w peye pou sa. 

Anrejistre pou yon sètifika pou w ka vann

Pou biznis k ap vann pwodui oubyen sèvis leta takse nan eta Nouyòk la, w ap bezwen yon sètifika ki rele an anglè Certificate of Authority. Se yon sètifika ki pèmèt ou kolekte taks sou sa w vann yo. Men yon lis byen ak sèvis ki kapab gen taks sou yo:

  • Byen tanjib yo (sof si gen ladan yo leta pa takse)
  • Gaz, kouran, refrijerasyon ak vapè, telefòn.
  • Yon seri sèvis spesifik.
  • Manje ak bwason yo vann nan restoran, ba ak nan sèvis tretè yo. 
  • Chanm otèl yo
  • Kèk frè admisyon ak okipasyon. 

Pou plis enfòmasyon, ou kapab kontakte Depatman taks ak finans eta Nouyòk la

Pou w jwenn asirans pou biznis ou a

Malgre gen modèl biznis ki pwoteje w kont kèk responsabilite, yon asirans biznis ap pwoteje w kont kèk depans ou pa t prevwa, aksidan, katastwòf natirèl ak pousuit jidisyè.

Gen plizyè kalite asirans ou kapab achte pou yon biznis. Pou w idantifye sila a ki pi bon pou a, ou ta dwe konsidere kantite bagay ou vle pwoteje yo ak ki kalite pwoteksyon w ap bezwen. Depatman ki responsab ti biznis yo gen yon lis ki gen etap ou dwe konsidere yo, anvan ou achte yon asirans. W ap jwenn detay la a.

Enfòmasyon nou bay nan lis ki pi wo a, se jis premye etap k ap ede w kòmanse biznis ou an. Lè w fin anrejistre biznis lan, ou dwe defini ki kantite lajan w ap bezwen. Ou dwe chache ki pwogram ki ekziste ki kapab baw bourad, epi, fòk ou jwenn yon espas pou l fonksyone. Menm jan pou asirans lan, etap sa yo ap varye an fonksyon kalite biznis ou genyen an. Yon moun k ap vann pwodui sou entènèt pa ekzanp, pap gen nesesite pou l chache yon boutik pou l lwe, men, li kapab bezwen yo kote pou l stoke machandiz yo. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers