fbpx Men kijan imigran iregilye yo kapab regilarize estati yo Etazini - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo

Men kijan imigran iregilye yo kapab regilarize estati yo Etazini

Gen plis pase 11 milyon moun k ap viv Ozetazini ki pa gen yon estati regilye pa rapò ak imigrasyon. Nou pale ak espesyalis sou imigrasyon ki reponn kèk pami kesyon imigran iregilye yo plis poze. Gen yon grenn bagay ekspè yo atann yo sou li: pou yon moun regilarize estati l Ozetazini, se yon bagay ki konplike anpil, e li depann de reyalite chak grenn moun. Li toujou pi bon pou w konsilte yon avoka. 

Atik sa a ak tou sitasyon ki ladan l yo la pou enfòme sèlman, yo pa la pou sèvi kòm konsiltasyon legal. Pou konsiltasyon legal, tanpri vizite lis avoka ki bay imigran yo konsiltasyon gratis nan Nouyòk. 

Si w gen kesyon, tanpri ekri nou sou info@documentedny.com 

Kilè yon moun se yon imigran iregilye?

Pandan tèm “iregilye” a souvan aplike pou moun ki antre Ozetazini san kontwòl otorite yo, gen anpil moun ak viza tankou -viza F-1 (pou etidyan), viza B-1/B-2 (pou vizitè ak touris) pa ekzanp- yo kapab konsidere yo tou tankou “iregilye” lè yo rete sou tèritwa a apre viza yo ekspire. 

Kijan yon imigran iregilye kapab regilarize estati l pou l tanporè oubyen pèmanan? 

Gen plizyè fason yon moun kapab vin gen yon estati legal, men, chak fason sa yo depann de sikonstans patikilye chak imigran. Genyen kategori pèmanan ak tanporè. Gen kategori ki pi rapid pase lòt. Pi bon fason pou w konn ki kategori ki pi bon pou ou, ou dwe konsilte yon avoka. 

Yon moun kapab aplike pou regilarize l sou baz maryaj ak yon sitwayen ameriken oubyen ak yon moun ki Rezidan Pèmanan Legal (Legal Permanent Resident an anglè). Ou kapab aplike tou sou baz petisyon yon sitwayen ameriken oubyen yon paran ki Rezidan Pèmanan Legal, oubyen gras ak yon travay apati yon seri ekzijans. Gen kategori tou pou moun ki viktim vyolans domestik (VAWA), moun ki viktim lòt kalte vyolans (viza U), ak moun ki viktim trafik (estati T). Gen kategori espesyalman pou sitwayen yon seri peyi. 

“Lè imigran iregilye yo vizite n oubyen yo poze n kesyon, nou koute istwa yo, epi nou eseye kontekte yo ak fanmi yo genyen Etazini. Konsa, nou eseye wè si gen posibilite pou yo jwenn “green card” la gras ak manm fanmi yo”, se sa Shawn Rahman ki se yon avoka nan CUNY Citizenship Now, fè konnen. Li di, gen plizyè fason yon moun kapab kalifye pou l jwenn yon rezidans pwovizwa oubyen pèmanan Ozetazini. 

Ki enpak fason yon moun rantre Etazini genyen sou pwosesis rezidans li?

Fason yon moun antre Etazini ap gen enpak sou pwosesis rezidans li. Sila yo otorite yo te kite antre oubyen ki an libète kondisyonèl, kapab mande reyajiste estati yo pandan yo sou teritwa ameriken an. Sila yo otorite yo pat bay dwa rantre oubyen rete sou teritwa a, gen anpil chans kite teritwa a pou al prezante yo nan yon konsila ameriken ki nan yon lòt peyi.

Èske otorite ameriken yo kapab arete yon moun k ap kite teritwa a, paske li te rantre ilegalman? 

Tout moun k ap kite teritwa a gen pou l pase yon pòs sekirite kote ofisye sekirite transpò yo ap tcheke paspò yo. Pou sila yo ki pa gen yon viza sou paspò yo (sa ki ta vle di yo san papye legal oubyen yo rete plis pase tan yo te otorize yo a), yon ajan imigrasyon ap mete yo sou kote, epi l ap deside si y ap kenbe yo an detansyon, oubyen ekspilse yo. 

“Lè w sou fwontyè a, dwa w toujou diminye. Li pa fasil pou w jwenn yo arete yon moun k ap kite tèritwa a. Si w gen yon manda kont ou pou krim, yo kapab arete w. Si se depase ou depase tan yo te otorize w la, ou gen anpil chans pou yo pa kenbe w, men, y ap note depa w la plizyè fason nan diferan sistèm elektwonik yo. Pandan Etazini pa gen ekzijans fòmèl sou “soti sou viza” gouvèman an kolekte done apati manifès konpayi avyon yo, epi paspò moun ki antre nan lòt peyi a.” Se sa Lenni B. Benson ki se pwofesè Imigrasyon ak Dwa moun nan fakilte dwa inivèsite Nouyòk eksplike.  

Konsa, lè w ap kite, otorite yo ap aktive entèdiksyon twa oubyen dis ane pou w pa rantre sou teritwa ameriken an.

Si pandan ou nan pwosesis kote y ap reajiste estati w, epi otorite yo kenbe w nan ayewopò a pandan w ap vwayaje soti Etazini, Rahman rekòmande w pou w “mande avoka w prezante dosye reajisteman prese prese bay otorite ICE yo (Immigration and Customs Enforcement an anglè). 

Èske gen yon delè ekzak pou m jwenn “Green Card” la?

Tan pou pwosedi yo kapab varye. Pou tan “viza sou baz maryaj” la ap pran pa ekzanp, Benson fè konnen, gen 2 aspè pou n konsidere. “ Premye a se: èske kategori dosye imigrasyon w lan ladan l lan, fè pati kategori ki gen limit kantite yo (sa yo rele kota a)? Gen kategori nan imigrasyon an ki pa gen delè, tankou maryaj ak yon sitwayen ameriken. Men, si w marye ak yon moun ki gen rezidans pèmanan legal, oubyen ou marye ak yon moun ki nan pwosesis imigrasyon sou baz petisyon travay li oubyen fanmi l, sa kapab mete w nan kategori “kota” yo.  

Pou rezime: sof si kongrè a ta pase yon lwa ki sanble ak lwa ki rele “Immigration Reform and Control Act of 1986 (IRCA) ki te bay plizyè milyon imigran amnisti paske yo t ap viv sou teritwa ameriken an pandan lontan, pa gen yon repons fiks sou kijan yon imigran kapab regilarize estati l, oubyen konbyen tan pwosesis la ap pran. 

Pou sila yo ki gen dosye prezans ilegal, kijan yo kapab evite entèdiksyon 10 ane sou teritwa a?

Dapre seksyon 212 (a) (9)(B)(ii) kò imigrasyon an, moun ki rete Etazini apre dat ekspirasyon Depatman Homeland Security otorize yo a, ap tonbe nan kategori prezans ilegal. Moun ki gen 180 jou prezans ilegal sou teritwa a, men mwens pase yon lane, y ap entèdi yo antre sou teritwa a pandan twa ane. Sila yo ki gen yon ane prezans iligal ap jwenn entèdiksyon pou rantre Etazini pandan dis ane. 

Gen plizyè rezon ki kapab anpeche yon moun kite teritwa a -jan n te wè sa nan kòmansman pandemi Kovid-19 la kote ayewopò yo te fèmen. Men, li toujou rekòmande pou USCIS ba w yon ekstansyon yon fason pou w pa gen pwoblèm pou pwochen vwayaj ou yo

Èske otorite yo ap arete w pandan  w ap kite Etazini apre ou depase tan w te dwe rete a? 

“Si w depase tan w te dwe rete a, gen anpil chans pou yo pa arete w lè w ap kite peyi a. Men, y ap anrejistre depa w la plizyè fason nan sistèm elektwonik yo.  Si w kapab jistifye tan w depase a, si li kout, si w ka esplike poukisa, etlatriye… li posib pou w kapab aplike ankò pou yon viza vizitè oubyen lòt kategori viza. Gen yon entèdiksyon pèmanan tou”, dapre Benson

Kisa ki entèdiksyon pèmanan an? 

Rahman esplike, gen entèdiksyon pèmanan, lè moun otorite yo te entèdi (pou dis ane pa ekzanp), li antre Etazini ankò, san yo pa t enspekte l (sa vle di, san otorite imigrasyon yo pa okouran). Gen yon fòm ki rele I-212 [Application for Permission to Reapply for Admission into the United States After Deportation or Removal], ki se yon espès pèmisyon pou w reaplike apre yo rapatriye w. 

Ki mezi genyen pou leve entèdiksyon pou w pa antre sou teritwa a pandan twa oubyen dis ane yo? 

Benson di gen 2 fason ou kapab jwenn yo leve entèdiksyon pou w pa antre sou teritwa a pandan twa oubyen dis ane yo. 

Otorizasyon pou w retounen kòm yon non-imigran: Wè INA 212(d)(è). Se yon pèmisyon ki ba w dwa retounen pou yon tan. Se otorizasyon ki pi favorab ki genyen nan lwa imigrasyon an. Men, ou dwe suiv pwosedi a byen, epi li kapab pran tan. 

Otorizasyon pou w retounen kòm yon imigran: Wè INA 212 (a) (9)(B)(v). Seksyon sa a pèmèt yo leve entèdiksyon twa oubyen dis lane a si mari/madanm ou, oubyen paran w gen yon rezidans pèmanan legal (Green card). Si w gen pitit ki Ameriken, se kapab yon rezon, men li pa sifi. Ou kapab gade kritè ak pwosedi yo an anglè. 

Èske yon immigran iregilye kapab aplike pou yon viza travay pandan li Etazini?

Benson fè konnen, pa gen yon grenn repons senp pou kesyon sa a. Li di “gen moun ki kalifye pou aplike pou yon viza ak pèmi travay. Sa vle di, sitwayen yon peyi kote Etazini gen yon akò envestisman ak echanj. Apre sa, gen moun ki gendwa kalifye pou aplike pou TPS. Chak moun gen yon sitiyasyon ki pwòp ak ka pa l la, se pou sa yo dwe gen konsiltasyon legal.”

Gen kategori viza travay ki ekzije fòk moun nan gen yon moun oubyen yon enstitisyon ki aplike pou li anvan li rantre sou teritwa a. Kategori viza sa yo valab pou yon tan, anplwayè a gendwa pwolonje yo tou. Pou sila yo ki deja sou teritwa a, yo kapab aplike pou yon viza travay ki adapte kalifikasyon yo, konpetans yo, talan, karyè, elatriye. Pafwa sa depann de enterè peyi a. 

“M t ap plis mande ki kote w ap travay, pou kiyès w ap travay, oubyen si yo vle sponnsorize viza a pou ou? Si nou detèmine yon moun gen yon konpetans ki espesyal, nou kapab rekòmande l pou l konsidere youn nan kategori viza travay yo.” Se sa Rahman di. 

E si m pa gen okenn sponnsò pou aplike pou viza travay la? 

Gen moun ki kapab travay Ozetazini menm si yo pa gen sponnsò, depi yo kalifye pou yon dokiman otorizasyon travay ki nan kèk kategori tankou DACA oubyen TPS. Kategori sa yo pèmèt moun aplike pou otorizasyon travay pandan estati yo toujou aktif. 

“Jeneralman, w ap jwenn regilasyon pou moun ki kalifye pou otorizasyon travay la la 8 C.F.R. § 245A.12. Gen kategori moun ki kapab chache otorizasyon travay akoz yon seri sikonstans espesyal 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers