fbpx Kijan pou w valide diplòm ak lòt sètifika pwofesyonèl entènasyonal Ozetazini - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo

Kijan pou w valide diplòm ak lòt sètifika pwofesyonèl entènasyonal Ozetazini

Men premye etap ou dwe suiv pou w valide diplòm entènasyonal ak sètifika pwofesyonèl yo Ozetazini.

Repons lan pa senp sou kijan pou w valide diplòm ak lòt sètifika pwofesyonèl entènasyonal yo, men, n ap ba w etap ou dwe suiv pou w kòmanse pwosesis la. 

Pa gen yon grenn otorite ki responsab pou revize rekonesans diplòm ak sètifika entènasyonal yo Ozetazini. Se nan chak eta yo jere sa yon fason ki pwòp ak yo. Sa vle di, ou gen pou w verifye tout etap ak tout ekzijans eta ki enterese w la enpoze.

Gen twa prensipal rezon ki fè ou ta bezwen fè evalye diplòm entènasyonal ak sètifika pwofesyonèl ou Ozetazini: pou w travay, pou w al lekòl, oubyen, pou w pratike yon pwofesyon lib. 

Pou w valide kredi pou etid yo

Pou w etidye Ozetazini, ou gen pou w jere validasyon diplòm etranje a dirèkteman ak enstitisyon ou enterese etidye a. Nan ka sa a, lè w diskite ak depatman admisyon enstitisyon an bonè, li pi bon pou ou. 

Pa ekzanp, si w ta swete yo evalye nòt ou yo pou nivo lisans, pou w etidye nan La Guardia Community College oubyen kèklkeswa lòt lekòl la; y ap verifye kredi w yo, pou pi plis 30 kredi. Kantite a ak sikonstans yo ap varye an fonksyon enstitisyon an. 

Pou metriz ak lòt pwogram yo, li diferan, epi, li pi konplike pou w antre nan yon pwogram metriz nan Baruch College’s Zicling School of Business pa ekzanp ki kapab evalye kalifikasyon diplòm ki soti nan kèk peyi. Men, gen diplòm lòt peyi, li ekzije w pou w gen yon evalyasyon entènasyonal ki soti nan yon ajans NACES apwouve

Men kèk kote yo evalye kalifikasyon diplòm entènayonal yo

Ou kapab li tou Gid Nouyòk sou Evalyasyon Edikasyon Entènasyonal

*Anvan w anrejistre pou yon evalyasyon, nou rekòmande w antre an kontak ak depatman admisyon nan enstitisyon fòmasyon ki enterese w la. Yo kapab oryante w sou opsyon k ap pi bon pou ou yo. 

Ou kapab li tou: Men kijan ou kapab genyen pèmi ki otorize w vann nan lari Nouyòk

Valide diplòm entènasyonal yo, konpetans ak sètifika pwofesyonèl

Enstitisyon Etazini k ap rekrite w la ap toujou dirije w bay òganizasyon ki gen kapasite pou evalye diplòm ou. Nan ka kote yo pa rekòmande w youn, ou kapab chwazi youn poukont ou. Biwo Zafè Entènasyonal depatman edikasyon Ameriken an rekòmande pou w itilize youn nan sèvis sa yo:

*Li enpòtan pou w konnen, fòk ou peye pou sèvis evalyasyon sa yo. Se pou sa, nou rekòmande w pou kontakte enstitisyon sa yo, pou tout kesyon w genyen, anvan ou pran sèvis yo. 

Valide diplòm pwofesyonèl entènasyonal 

Pou w valide yon lisans pwofesyonèl entènasyonal, ou dwe satisfè kritè sila yo: edikasyon, ekzamen ekri, ekzamen klinik. 

Ozetazini, pwosesis validasyon an varye an fonksyon eta a, ak domèn pwofesyon an. An fonksyon pwofesyon ou vle pratike a, li enpòtan pou w konsilte kijan eta yo regle sa. Regilasyon yo ap aprann ou kijan w ap kapab valide diplòm ou pou w rive travay sou pwofesyon w nan chak eta yo. Anpil fwa, yo toujou ekzije pou w fè yon rezidans pandan omwens, yon lane. 

Nan Nouyòk pa ekzanp, enstans ki regle pifò pwofesyon yo, se Biwo Pwofesyon yo. Sou lyen sa a, w ap jwenn tout pwofesyon ki dirije w bay biwo sa a. 

* Poutèt ekzijans pou valide sètifika yo diferan pou chak pwofesyon, nou pa kapab mete yon lis ki gen kòb sa ap koute w, ak ki etap ou dwe suiv. 

Jan nou di sa deja, pa gen yon sèl fason ou kapab valide diplòm ou. Se pou sa, nou vrèman rekòmande w, pou w kontakte enstitisyon nou bay yo, pou w konnen, kijan pwosesis la ye pou sèvis ou bezwen an.  

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers