fbpx Kijan imigran yo kapab jwenn pèmi travay Ozetazini - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Jan 18, 2023 | Rommel H. Ojeda

Kijan imigran yo kapab jwenn pèmi travay Ozetazini

Pou yon moun travay legalman Ozetazini, lwa federal yo ekzije l pou l gen yon pèmi ki rele an anglè, Employment Authorization Document (EAD), oubyen pèmi travay an kreyòl.

Men, akoz estati  yo, imigran iregilye yo pa kapab genyen dokiman sa a. Gen lòt kategori imigran Etazini pèmèt rantre sou teritwa a, men, ki pa gen otorizasyon pou yon travay. Se ka pa ekzanp, moun ki gen viza touris yo. 

Lè yon enstitisyon ap anplwaye yon moun, li dwe verifye si moun ki vle travay la elijib. Se pou sa, enstitisyon an dwe ranpli fòm I-9 la, ki detèmine gras ak ekzamen Green Card li oubyen EAD a, si moun nan gen otorizasyon travay Etazini. Pwosesis sa a fè, li pratikman enposib pou yon moun ki pa otorize pou travay, jwenn travay. 

Men, imigran iregilye yo eseye jwenn yon fason pou yo travay “anba tab”, sa vle di, travay ki pa rapòte nan liv kontab yo. 

Se pou sa a, nou te pale ak espesyalis sou lwa imigrasyon ak lwa sou travay pou n apran kijan moun kapab jwen pèmi travay, epi, ki dwa travayè ki iregilye yo genyen. 

Tout sa ki nan atik sa a, se pou enfòme sèlman. Se pa pou asistans legal. Si w bezwen asistans legal sou imigrasyon, ou kapab ale sou lis avoka ki bay sèvis asistans legal gratis sou imigrasyon, nan Nouyòk. 

Èske imigran iregilye kapab jwenn travay Nouyòk?

Imigran iregilye yo pa kapab travay san yon pèmi travay, men, yo kapab jwenn djòb enfòmèl. Imigran iregilye yo reprezante 4.4% fòs travay la Ozetazini. Yo travay prensipalman nan sektè konstriksyon, nan restoran ak kòmès. Nan Nouyòk, sa reprezante 474 500 travayè iregilye. 

Anpil nan travayè sa yo ap travay nan sa yo rele “sikui kach” la “ki pa fòseman iligal depi moun k ap travay la deklare lajan li touche bay IRS epi li peye taks kòmsadwa”, dapre avoka travay Viviana Morales ki nan kabinè Pechman Law Group PLLC

Si yo peye w ak lajan kach, èske w dwe peye taks?

Oui. Moun ki resevwa peman yo ak lajan kach dwe peye taks yo menm jan ak tout lòt travayè. Men, si w pa gen nimewo sekirite sosyal ou dwe aplike pou yon Nimewo idantite pou taks ki rele an anglè ITIN: Individual Tax Identification Number. Se li w ap itilize pou w fè taks ou nan IRS. 

Èske m ka travay sèlman ak yon ITIN?

Non, yon ITIN pa otorize yon moun travay Ozetazini. Se jis yon altènativ li ye lè w pa gen nimewo sekirite sosyal pou w peye taks. W ap bezwen dokiman otorizasyon travay la ki se an anglè EAD: Employment Authorization Document pou w kapab travay. 

Èske imigran iregilye yo elijib pou yon pèmi travay (EAD)?

Yon EAD, oubyen pèmi travay, se yon prèv ki di, yon imigran gen otorizasyon pou l travay Ozetazini. Gen yon kategori imigran yo bay li tankou benefisyè DACA yo, moun ki mande azil yo pa ekzanp. Yo bay li pou yon tan, li dwe renouvle. Pou w jwenn yon EAD, ou kapab ranpli fòm I-765 pou aplikasyon pou otorizasyon travay. 

Malerezman, yon imigran ki iregilye, pa kapab aplike pou yon otorizasyon travay. 

Moun ki kapab aplike pou otorizasyon travay, se sila yo ki gen yon dosye aplikasyon k ap trete, kit li se pou rezidans pèmanan, oubyen rezidans tanporè”, se sa Shawn Rahman di. Li se yon avoka nan CUNY Citizenship Now!.

Ou kapab li tou: Men kijan imigran iregilye yo kapab regilarize estati yo Etazini

E moun k ap chache azil yo?

Dapre lwa federal la, yo pa konsidere moun k ap mande azil yo kòm imigran iregilye. Men, anvan yo aplike pou azil, yo rankontre obstak menm jan ak imigran iregilye yo lè pou yo jwenn travay. 

Moun k ap chache azil yo tonbe nan kategori moun ki gen otorizasyon pou travay Etazini. Men, yo dwe tann 150 jou apre yo lanse dosye azil yo a, pou yo ranpli fòm I-765. Yo kapab rezsevwa dokiman EAD a, apre dosye aplikasyon yo a t ap trete pandan 180 jou. 

“Dokiman I-765 la, se li menm ki enpòtan pou w ranpli. Pou w fè sa, ou dwe mete si ou gen pou w travay pandan ou gen yon dosye azil k ap trete, epi, ou dwe mete si w byen ranpli dosye alikasyon pou azil la.” Se sa Harold Solis ki se direktè adjwen sèvis legal gwoup Make the Road New York la, di. 

Èske sa vle di yon moun k ap chache azil kapab travay apre 150 jou?

Apre 150 jou oubyen 6 mwa, yon moun ki nan azil kapab soumèt aplikasyon pou otorizasyon travay. Sa kapab pran USCIS ant 2 ak 5 mwa pou yo trete l. Chak ka diferan, epi, yo kapab apwouve oubyen yo pa apwouve l. Nan USCIS kapab gen reta nan tretman dosye yo, oubyen gen anpil dosye pou trete, sa ki ralanti dosye yo. 

“Se yon travay ki long. Se pa jis 6 mwa boul. Sa kapab pran yon bon tan paske se pa yon pwosedi azil pou yon moun.” Se sa Jesus Aguais di. Li se prezidan Aid For Life, youn nan òganizasyon k ap ede moun jwenn resous nan Nouyòk. 

Enpòtan: Moun k ap mande azil ki kive Nouyòk depi premye janvye 2022 epi ki kapab bay papye ki pwouve yo antre Ozetazini sou fwontyè Sidwès la, yo kapab rele Sant ki bay resous pou moun k ap chache azil yo (Asylum Seeker Resource Navigation Center) pou yo jwenn asistans legal. Pou w pran yon randevou, ou dwe rele (888) 744-7900. 

Konbyen aplikasyon pou EAD a koute?

Fomilè I-765 aplikasyon pou otorizasyon travay la koute 410 dola. Nou dwe ranpli l sou USCIS. Gen plizyè ekzijans an fonksyon estati moun k ap aplike a. Moun k ap chache azil yo gendwa pa gen pou yo peye.

Kisa k ap pase si otorite yo kenbe m k ap travay anba tab?

Yon enstitisyon k ap anplwaye moun dwe itilize yon fòm I-9 la pou verifye si yon moun elijib pou travay Etazini. Lajistis gendwa kondane l pou l peye 3000 dola amand pou chak moun yo anplwaye ilegalman. 

Ou kapab li tou: Kijan imigran iregilye yo kapab ouvè yon kont labank

Dwa travayè iregilye yo dapre lwa travay nan Nouyòk

Menm si imigran iregilye yo pa gen otorizasyon pou travay Ozetazini, lalwa sou travay nan eta Nouyòk pwoteje yo kont diskriminasyon, reprezay ak vòl salè travay yo.  Sa vle di, moun k ap travay la dwe resevwa pou pi piti, salè minimòm nan ki se 15 dola/lè nan vil Nouyòk, epi 13,20 lòt kote nan eta Nouyòk la. Pou overtime, travay la dwe peye yon fwa edmi kòb lè nòmal la, pou chak inèd tan, apre 40 èdtan travay pa semèn. 

Apre sa, an 2021, gouvènè Nouyòk la, Kathy Hochul, te siyen yon lwa A3412A ki fè li ilegal pou yon moun menase yon lòt sou baz l ap denonse estati imigrasyon l bay otorite yo. 

“Menm si imigran iregilye yo pa gen otorizasyon legal pou yo travay, depi yon travay pou yon moun oubyen estitisyon, lalwa ekzije pou yo peye yo pou travay la. Se pa paske yo iregilye ki fè lalwa federal oubyen lwa eta yo pa aplike.” Se sa Morales di. 

Èske lalwa pwoteje imigran iregilye yo kont vòl lajan travay yo?

Oui. Lalwa pwoteje imigran iregilye yo kont patron k ap vòlè salè yo. Yo kapab rele yon patwon ki pran kòb travay yo lajistis. Lwa ki soti an 2011 sou prevansyon vòl salè bay presizyon sou kijan abitan Nouyòk yo pwoteje kont pratik sa a. Lwa sa a tou bay pwoteksyon kont reprezay, pandan tou, li presize kijan pou pewòl yo fèt. Malgre vòl salè imigran yo ilegal Nouyòk, se yon bagay ki toujou ap rive imigran iregilye yo. 


Sarah Feldman ki se direktris dwa travayè nan òganizasyon ki rele New Immigrant Community Empowerment (NICE), rekòmande travayè yo pou yo “ekri konbyen kote y ap travay la peye yo chak semèn. Menm si se lajan kach, ekri l. Si se yon chèk, asire w ou pran foto chèk la. Si se ak transfè yo peye, fè skrinchòt la sou telefòn ou. Nenpòt jan l ye a, fòk ou gen achiv sou sa. Epi, si yo peye w anreta, denonse sa rapidman.”

Morales sigjere pou n itilize yon aplikasyon k ap ede n genyen achiv kantite tan nou travay. Pa ekzanp, genyen yon aplikasyon ki rele DOL-Timesheet ki kreye yon achiv ki kapab ede nan ka kote gen vòl salè yon moun.

Travayè yo kapab pote plent pou vòl salè yo dirèk sou application DOL la

Ou kapab li tou : Men kijan ou kapab genyen pèmi ki otorize w vann nan lari Nouyòk

This article was translated by Ralph Thomassaint Joseph.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers