fbpx ICE vle depòte yon abitan Nouyòk an Ayiti, yon peyi li pa janm vizite - Documented - Documented
 

ICE vle depòte yon abitan Nouyòk an Ayiti, yon peyi li pa janm vizite

ICE rete kwè Pascal Charpentier ki gen ti non Shakoure, se yon sitwayen Ayisyen. Si l jwenn lagras nan men Gouvènè Kathy Hochul, yo pap depòte l an Ayiti. 

Jounen jedi 14 Desanm 2023 a,  yon ventèn defansè dwa imigran te resanble devan biwo gouvènè eta Nouyòk la, Kathy Hochul, pou yo te mande gouvènè a padone Charpentier ki gen 51 ane, akoz yon kondanasyon ki genyen plizyè dizèn ane. 

Pascal Charpentier ki gen ti non Shakoure, ap viv Nouyòk depi l te gen twa zan, epi li pase tout lavi l, li panse li te yon sitwayen Ameriken. Men, ICE ki se yon ajans federal nan sèvis imigrasyon Etazini, rete kwè Charpentier se yon sitwayen Ayisyen, vle depòte l an Ayiti, yon peyi li pa janm vizite. 

Lè Charpentier te yon adolesan, lapolis te arete l 2 fwa. Apre youn nan arestasyon sa yo, lajistis te rekonèt li koupab pou yon asasinay, epi te kondane l pou l pase 25 ane nan prizon. Charpentier te jwe wòl siveye pandan yon gwoup moun t ap agrese yon touris ki te soti Utah, nan yon stasyon tren Nouyòk. Touris la ta pral mouri anba kout kouto.  Aprè kondanasyon, Charpentier soti nan prizon nan ane 2015, jan medya Gothamist rapòte sa

Charpentier di li pat gen zam sou li nan moman zak la te pase a, epi, li pa t konnen si ta pral genyen vyolans. Men, daprè lalwa eta Nouyòk, si yon moun mouri padan yon vòl, tout moun ki patisipe nan zak la ap jwenn menm akizasyon. 

Charpentier te pran prizon ak sis lòt moun nan dosye sa a. Men, kèk ane apre kondanasyon yo, plizyè militan dwa moun te dekòtike dosye a. Sa te fè lajistis te blanchi youn nan moun yo te kondane ak Charpentier yo, apre li te pase plis pase 25 ane nan prizon. Moun sa  te resevwa anviwon 18 milyon dola dedomajman nan men vil ak eta Nouyòk la. 

ICE deklare, yo kapab depòte Charpentier, paske lajistis kondane l pou yon krim ki grav. Se konsa, nan ane 2020, ajan ICE yo te debake lakay li Queens, yo arete l. Li pase 7 mwa nan prizon imigrasyon nan New Jersey. Li mennen dosye a nan kou dapèl, epi, l ap tann desizyon enstans ki responsab dosye apèl yo nan depatman lajistis (Board of Immigration Appeals in the Justice Department).  

Pandan rasanbleman an, Charpentier te deklare kijan li rekonesan pou sipò li jwenn yo. Li te deklare: “Sa fè prèske 4 ane depi kochma sa a antre lakay nou, nan fanmi nou ak nan kominote nou an. Mèsi anpil paske nou angaje n nan batay sa a, paske n ap defann fanmi m, paske nou se moun k ap viv Nouyòk ki gen konpasyon, epi, nou rann batay la vizib.” 

Pascal Shakoure Charpentier (right) consoles his fiancée Nathalie Sicard (left) at a rally calling for Gov. Hochul to approve his pardon application. Photo: Giulia McDonnell Nieto del Rio for Documented

Charpentier fèt nan yon baz militè nan peyi Almay, kote papa l t ap sèvi pandan lagè Vyetnam nan. Papa l ak manman l fèt Ayiti. Aprè sèvis militè yo, fanmi l retounen Nouyòk nan ane 1972 lè l te yon bebe. Li fè konnen, tou 2 paran l yo, se sitwayen Ameriken yo ye. 

Jessica Rofé se youn nan avoka Charpentier yo k ap travay nan Klinik Dwa Moun Inivèsitè Nouyòk la. Li di Documented, li pa klè sou ki fason, Ayiti vin tounen peyi orijin Charpentier nan sistèm imigrasyon ameriken an. Men, li fè konnen: “Gouvènè Hochul kapab ede nan pwen sa a”. 

Moun k ap defann dwa Charpentier yo te depoze yon dokiman pou mande padon pou li nan mwa septanm 2020. Yo fè konnen, se pi bon garanti Charpentier genyen pou l kapab rete Etazini ak pitit fi li Anaelle ki gen 13 ane, epi fiyanse li, Nathalie Sicard.  

Ekip Charpentier a te deja depoze yon dokiman pou mande padone l lè Andrew Cuomo te gouvènè Nouyòk. Jessica Rofé fè konnen, dosye a te toujou ap tann yon repons, jiskaske Gouvènè Cuomo kite pòs la. Ekip Charpentier a depoze yon demann anplis pandan mwa oktòb ki sot pase la a. 

Ekip avoka Charpentier a fè konnen, Charpentier se yon sitwayen Ameriken. Men, ICE di, Charpentier se yon sitwayen ki genyen yon Green Card, donk, yo kapab depòte l sou baz kondanasyon kriminèl li a. Jessica Rofé di, li pa kòrèk lè ICE di Charpentier te fèt Ayiti a. 

Nan sans sa a, Jessica te di moun ki te patisipe nan rasanbleman yo: “ Padone Shakoure, kite l lakay li, epi, mete fen ak pwosedi a definitivman.”

Pandan tan sa a, Shakoure pote yon braslè elektwonik nan pye l, ki te kòmanse bipe lè rasanbleman an te pral fini jou jedi maten an. Daprè Charpentier, ta sanble se batri braslè a ki t ap dechaje. Fiyanse Charpentier a ki se Nathalie Sicard, te rete ak Charpentier pandan yon bon tan nan jounen an. 

Nathalie fè konnen, risk depòtasyon ki pandye sou Charpentier a gen yon enpak “sou tout lavi l.” Li fè konnen, Charpentier se yon papa pou pitit fi li a. “Li pase tan l nan prizon, e, m gen enpresyon li toujou ap pije pèn li pandan l ap goumen pou libète l.” Daprè Jessica, “se yon kochma.”

Gouvènè Kathy Hochul ak ICE pat reponn Documented pou yo bay dizon yo sou dosye sa a. 

Defansè imigrasyon yo gen gwo kè kase sou fason pwosesis padon an manke transparans. Òganizasyon yo konn tann plizyè mwa, pafwa plizyè ane pou yo jwenn yon desizyon sou avansman dosye yo. Kèk avoka imigrasyon fè Documented konnen, anpil fwa, lè otorite yo pa bay padon an, yo pa jwenn yon refi ofisyèl. 

Menm si lè yon moun annafè ak fòs lòd yo Etazini sa kapab genyen gwo enpak sou estati yo kòm imigran, sistèm gras la, malgre l pa fin klè, anpil fwa, se sèl rekou ki pèmèt imigran ki sou lis depòtasyon yo pou yo rete Etazini. Moun k ap sipòte Charpentier yo pa konnen ki lè l ap jwenn padon an, men, yo espere, gouvènè a ap ba li l pandan sezon fèt la. 

Socheatta Meng ki se youn nan kowòdonatè yon òganizasyon ki rele “Clemency Coalition of New York”, mande pou gouvènè Hochul siyen padon an rapidman. Li deklare: “Okenn moun pa merite pou yo separe l ak fanmi l, ak kominote l, ak kote li renmen an.” 

“Se jis ak yon kout plim gouvènè Hochul kapab chanje sa, pou l transfòme lavi Shakoure nan bon sans lan.” Se sa Socheatta Meng deklare. 

Avan fèt nwèl 2023 a, Gouvènè Kathy Hochul bay 16 moun lagras, Pascal Charpentier pa pami moun sa yo. 

Ralph Thomassaint Joseph tradui atik sa a.

SEE MORE STORIES
Early Arrival Newsletter
Receive a roundup of all immigration news, and the latest policy news, in New York, nationwide, and from Washington, in your inbox 3x per week.
info@documentedny.com
Documented Advertising
Solutions
pitches@documentedny.com