fbpx Pawòl Imanitè - Documented

Ayisyen ki nan pwogram Pawòl Imanitè Biden nan, ap poze kesyon sou avni yo

Nan kad yon pwogram Pawòl Imanitè, Etazini otorize plizyè dizèn milye imigran antre pou vin travay pandan 2 ane. Imigran sa yo pa konnen kisa k ap vini apre sa. 

President Joe Biden delivers remarks at a Black History Month reception, Monday, February 27, 2023, in the East Room of the White House. Photo: Official White House Photo by Adam Schultz

Lè li t ap viv an Ayiti, Samuel te yon pwofesyonèl ki t ap travay nan dòmèn grafis ak enfòmatik pandan plis pase uit ane. Li genyen anpil pasyon pou teknoloji. Gras ak sa, li te rive travay nan kanpay prezidan Joe Biden nan, pandan l te Ayiti. Li te pwodui videyo pou yon gwoup imigran Ayisyen ki Etazini ki te rele “Ayisyen pou Biden”. 

Nan mwa janvye, akoz sitiyasyon sekirite a ki t ap degrade an Ayiti, Samuel te ale Sendomeng, yon fason pou li bay tèt li yon avni ki gen plis garanti. Se nan menm mwa sa a, prezidan Joe Biden chwazi Ayiti nan pwogram Pawòl Imanitè pou Kiben, Ayisyen, Nicaragweyen ak Venezyelyen yo, kise CHNV an anglè. 

Pwogram sa a, yo konnen sou non CHNV, oubyen Pwogram Pawòl Imanitè, oubyen “Baydenn” an Ayiti, pèmèt Ayisyen pou al rete epi travay Etazini pandan 2 ane. Daprè Depatman Sekirite Enteryè Ameriken (Homeland Security an anglè), Pawòl Imanitè a pèmèt etranje antre yon fason tanporè sou teritwa ameriken an, “akoz yon ijans, oubyen yon rezon imanitè ki ijan, oubyen yon benefis piblik ki enpòtan”. 

Apre pwogram CHNV a te lanse, plizyè milye Ayisyen te ale nan biwo imigrasyon an Ayiti pou yo aplike pou yon paspò. Samuel li menm te genyen yon sponnsò (ki se yon obligasyon pou yon moun elijib) Nouyòk ki te soumèt aplikasyon l pou li, epi, apre uit mwa, Baydenn li tonbe gras ak yon imèl kote USCIS (U.S. Citizenship and Immigration Services) konfime sa. Se konsa li vwayaje ale Nouyòk jou ki te 30 Out la. 

Depi pwogram nan kòmanse, anpil Ayiisyen vwayaje ak timoun yo epi enskri yo nan lekòl Etazini. Menm jan ak Samuel, anpil ladan yo gen enkyetid sou sa ki ka rive apre peryòd 2 ane a ekspire, sitou jan sitiyasyon politik Ayiti a toujou boulvèse, epi, administrasyon ameriken an kontinye ap depòte Ayisyen yo

Depi apre asasinay prezidan Jovenel Moïse, jou ki te 7 jiyè 2021 an, peyi a antre nan yon sik vyolans kote gang ak zam kontwole 60 pousan teritwa kapital la, daprè Nasyonzini. 

Vyolans ak plizyè masak gang yo fè plizyè milye moun kite kay yo, sa ki lakoz gen anviwon 200 000 deplase entèn nan peyi a. Akoz yon kriz ekonomik ki grav, epi pa gen okenn dirijan an Leta a ki soti nan eleksyon, vwayaje aletranje se youn nan pi bon fason anpil Ayisyen konsidere pou yo asire yo yon pi bon avni, pandan y ap evite pil kidnaping k ap fèt nan peyi a. 

Se konsa, lè pwogram pawòl imanitè a lanse, li bay yon pakèt milye Ayisyen opòtinite pou kouri kite vyolans ki gen nan peyi a, pandan y ap jwenn yon travay Etazini.

Administrasyon prezidan Biden nan anvizaje pèmèt 360 000 moun ki soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela antre Etazini nan pwogram CHNV a, chak ane. Men, jiskaprezan, administrasyon Biden nan pa bay okenn detay sou avni pwogram pawòl imanitè sa a. 

Ou kapab li tou: Òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen yo nan Nouyòk

Anpil Ayisyen ki vwayaje nan pwogram Baydenn nan espere yon pwolonjman menm jan sa konn fèt pou moun ki gen TPS yo. TPS la ki an anglè se Protected Temporary Status, se yon estati migratwa 116,505 Ayisyen te jwenn apre yon trableman tè 12 janvye 2010 te touye 300 000 moun epi te lakoz 1.5 milyon moun deplase. . 

Kontrèman ak Pawòl Imanitè a, imigran ki gen TPS yo kapab reaplike depi Etazini re-deziye Ayiti oubyen pwolonje pwogram nan pou benefisyè yo. An 201, administrasyon Donald Trump lan te mete yon fen ak pwogram TPS la pou Ayiti, peyi Salvadò, Onndiras ak Soudan. Men, an 2019, ministè enteryè Etazini (Department of Homeland Security an anglè), te oblije obeyi ak yon òdonans lajistis ki te soti nan distri Nò eta Kalifòni. 

Se sèl Kiba, pami peyi ki nan pwogram Pawòl Imanitè a ki pa benefisye TPS. Twa lòt peyi yo -Ayiti, Nicaragwa ak Venezyela- genyen plis pase 362 000 moun ki benefisye TPS la Ozetazini. 

Lè Samuel t ap travay nan kanpay prezidan Biden nan, Joe Biden te pwomèt Ayisyen yo, lè l prezidan, l ap asire l “kominote Ayisyen an benefisye yon bagay pou l kapab kanpe. Men, depi lè Biden vin prezidan, administrasyon l lan depòte plis pase 20 000 Ayisyen ki te vin chache azil Etazini. Daprè yon òganizasyon ki Maryland ki rele Quixote Center, pandan premye ane Joe Biden kòm prezidan, li depòte prèske menm kantite Ayisyen ak twa ansyen prezidan anvan l yo. 

Yon kesyon ki rete san repons

Jemima ki mande pou yo idantifye l ak ti non jwèt li nan atik sa a, di: “M ap mande m, kisa k ap pase apre sa.”

Menm jan ak Samuel, Jemima ki gen 35 ane te pati al viv Sendomeng apre li te sibi yon agresyon an Ayiti. Li jwenn “Biden” li apre 2 mwa, apre sa, li antre Nouyòk jou ki te 25 mas 2023 a. Yon jou apre, li aplike pou yon pèmi travay li pral jwenn apre 5 mwa. 

Jemima ki rete 14 mwa nan pwogram Biden nan, ap mande si Etazini pap depòte l an 2025,

Li di: “M gen yon pakèt kesyon nan tèt mwen sou ki opsyon m genyen apre 2 zan an fin pase. Bagay sa strese m anpil.” 

Stephanie Delia ki se yon manm Asosiyasyon Avoka Ayisyen-Ameriken yo (Haitian American Lawyers Association an anglè), di: “Si sèvis immigrasyon ameriken ap depòte moun nan, l ap fè sa ak yon dokiman ki rele an anglè Notice to Appear. Pwosedi a ap rapid, paske yo deja genyen tout enfòmasyon yo bezwen yo. Apre sa, yon jij imigrasyon ap pase lòd pou yo depòte moun nan, si l pa elijib pou okenn lòt rekou nan moman an.”

Daprè Stephanie, moun ki antre Etazini nan pwogram pawòl imanitè a kapab aplike pou azil si yo ranpli kritè yo. Y ap kapab depoze dosye yo nan espas yon ane, depi dat yo rive Etazini an. Anplis, sila yo ki marye ak yon sitwayen ameriken oubyen ki gen yon timoun ki genyen plis pase 21 ane, oubyen si timoun nan gen mwens pase 21 ane epi li se pitit yon sitwayen ameriken, moun sa yo kapab elijib nan kategori pwogram imigrasyon pou fanmi oubyen imigrasyon pwofesyonèl. 

Redui kantite moun k ap chache azil

Pou rive mwa novanm 2023 a, gen plis pase 120 000 Ayisyen ki benefisye pawòl imanitè a daprè sèvis imigrasyon Etazini. Genyen 112 000 ladan yo Etazini gentan verifye dosye yo, epi yo jwenn otorizasyon pou vwayaje. 

Pou administrasyon prezidan Biden nan, pwogram pawòl imanitè a se yon strateji pou redui kantite imigran ak moun k ap chache azil ki sou fwontyè Etazini-Meksik la. Pwogram sa a ki vin ouvè pou Ayisyen, kiben ak Nikaregweyen yo ane sa a, se yon pwolonjman pwogram pawòl Etazini te mete pou Venezyelyen yo nan mwa oktòb 2022. Yon mwa apre pwogram nan te lanse pou 4 peyi yo, kantite imigran ki soti nan peyi sa yo otorite imigrasyon ameriken yo rankontre sou fwontyè Etazini-Meksik la te bese a 97% pa rapò ak mwa avan pwogram nan. 

Biwo majistra Nouyòk la ki responsab koze imigran yo (the Mayor’s Office of Immigrant Affairs ( MOIA) an anglè) pa kolekte enfòmasyon sou nasyonalite imigran k ap antre ak soti Nouyòk yo. Anplis, NYC Health + Hospitals ak Depatman Sèvis moun ki pa gen kay yo ki gen done sou mou k ap antre nan sant akèy yo, pa kapab bay chif ekzak sou moun ki rive Nouyòk nan kad pwogram pawòl imanitè a. 

Stephanie fè konnen, avni pwogram pawòl imanitè a ap depann de ki moun k ap prezidan Etazini an 2025. 

Li di: “Pandan m pa atann mwen administrasyon Biden nan ap depòte moun sa yo, sa pa p etone m si l kite yo tonbe nan yon sitiyasyon kote yo gen yon estati ki pa byen defini, menm jan sa te rive moun ki te benefisye DACA yo apre prezidan Obama te fini manda l la.”

Avoka a fè konnen, “si gen yon prezidan ki kont imigran ki genyen eleksyon yo, gen yon risk pou anpil nan benefisyè pawòl imanitè yo jwenn dokiman Notice to Appear  la, epi jwenn lòd pou yo depòte yo.”

Samuel li menm wè nan pwogram sa a, yon opòtinite pou l aprann epi travay. Li di: “M vle di m te rive aprann yon bagay, yon fason pou kèlkeswa kote m ale a, m kapab itilize konpetans mwen ak eksperyans èntènasyonal sa a pou m travay ak sèvi moun.”

Gras ak Haitian American United for Progress (HAUP), ki se se yon òganizasyon ki nan Brooklyn Ayisyen ap dirije, Samuel te jwenn kouvèti sante rapidman, nimewo sekirite sosyal ak yon pèmi travay. Apre 2 mwa, li toujou ap chache pi bon opòtinite yo. 

Jemima li menm te pwofesè nan kindergarten lè l te Pòtoprens. Li toujou reve pou l travay nan lekòl Nouyòk yo, men, li pa rive ranpli kritè pou sa. Li te vle gen yon bon djòb pou l kapab ede twa frè ak sè li genyen Ayiti yo, ak manman l tou. Pou kounye a, li vle sere lajan li fè pandan l Etazini an, pou l kapab ouvè yon lekòl lè l retounen Ayiti. Apre 8 mwa li rive Nouyòk, li gen yon travay tan pasyèl kote l ap akonpaye timoun pandan paran yo pa la. Li toujou ap chache yon bon travay pou kapab voye lajan pou fanmi l yo Ayiti.  

Vèsyon anglè atik sa : Haitian Immigrants Under Humanitarian Parole Question Their Futures in the U.S.

Ralph Thomassaint Joseph

Ralph Thomassaint Joseph is the Caribbean Communities Correspondent for Documented. He studied Law and Sociology in Haiti and holds a master’s degree in Digital Journalism from New York University.

@ralphthjo

SEE MORE STORIES

SOCIAL MEDIA
CONTACT

PO Box 924
New York, NY 10272

General Inquiries:
info@documentedny.com
+1 (917) 409-6022
Sales Inquiries:
Documented Advertising Solutions
+1 (917) 409-6022
Pitches & Story Ideas:
pitches@documentedny.com