Lè Donald Trump te rive prezidan Etazini an Janvye 2017, te genyen 325 mil moun Etazini ki t ap viv ak estati TPS la (Temporary Protected Status an anglè). Ak eleksyon 2024 yo k ap vini la, anpil moun ap mande tèt yo: kisa ki ka pase ak pwogram sa a, si se Donald Trump ki retounen prezidan?
Plizyè tantativ pou kanpe TPS la
Se kongrè Ameriken ak prezidan Georges H.W. Bush ki te premye otorize pwogram TPS la nan lwa sou imigrasyon ane 1990 la. Imigran ki te antre Etazini te benefisye yon pwoteksyon pou yo pa depòte yo gras ak Estati Pwoteksyon Tanporè a, anpil moun rele TPS.
Moun ki elijib pou TPS la gen otorizasyon pou rete epi travay Etazini pandan yon tan akoz konfli ki genyen nan peyi yo, katastwòf natirèl oubyen lòt sikonstans ki ta fè yo pap an sekirite si yo retounen nan peyi yo. Jodi a, ofisyèl k ap travay nan sèvis immigrasyon Etazini kapab bay moun estati TPS pou rive jiska 18 mwa. Gen opsyon pou toujou pwolonje estati a an fonksyon reyalite a nan peyi moun ki benefisyè yo.
Lè l te fenk kòmanse manda l kòm prezidan, Donald Trump eseye kanpe TPS la pou plizyè peyi tankou Salvadò, Ayiti, Ondiras ak Soudan. Li te fè sa nan lide pou l limite imigrasyon Etazini epi redui sou pwoteksyon imigran ki deja Etazini yo benefisye. Administrasyon l lan te fè konnen, kondisyon nan peyi benefisyè yo te amelyore malgre peyi sa yo te toujou ap fè fas ak gwo difikilte.
Se nan sans sa a, nan mwa novanm 2017, administrasyon Trump lan kanpe TPS la pou 59 mil Ayisyen ki te benefisye pwogram nan depi aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te lakòz anviwon 300 mil moun pèdi lavi yo, epi 1.5 milyon moun te oblije kite zòn kote yo t ap viv pou al yon lòt kote. Administrasyon Trump lan te kanpe TPS tou pou 2 500 Nikaragweyen.
Nan mwa janvye 2018, administrasyon Donald Trump lan anonse TPS fini pou 200 mil imigran ki soti nan peyi Èl Salvadò ki te benefisye pwogram sa a an 2001 apre de gwo tranblemanntè te frape l. Nan epòk sa a, se te pi gwo gwoup benefisyè TPS la Etazini.
Ant ane 2017 ak 2018, administrasyon Trump lan te eseye kanpe TPS pou 6 peyi: Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa, Soudan, Ondiras ak Nepal.
Men, tantativ pou kanpe TPS la te jwenn gwo rezistans legal. Benefisyè TPS yo ansanm ak pitit yo ki se sitwayen Ameriken te konteste desizyon sa a nan tribinal atravè dosye ki rele Ramos v. Mayorkas case la. Kèk Tribinal federal te oblije bloke desizyon pou kanpe TPS la. Sa te vin rann anpil benefisyè pwogram nan te viv ak yon konfizyon sou estati legal yo. Yo pat konn kisa ki gen pou rive yo nan tan ki t ap vini yo.
Men, an 2013, administrasyon prezidan Biden nan te redeklare Ayiti ak Soudan elijib pou TPS la. Anplis, li pwolonje TPS la pou sitwayen peyi sa yo ki te deja benefisye pwogram nan. Administrasyon Biden nan te rantre desizyon Trump te pran pou l kanpe TPS la pou peyi Èl Salvadò, Ondiras, Nepal ak Nikaragwa.
TPS pou plis imigran
Lè prezidan Biden rive sou pouvwa a nan ane 2021, administrasyon l lan ouvè pwogram TPS la pou peyi tankou Ikrèn, Etyopi, Soudan, Kamewoun, Birmani, Siri ak Venezyela. Li te deside rechwazi ak pwolonje pwogram nan plizyè fwa pou plizyè sitwayen plizyè peyi, pami yo Ayiti, ki te genyen plis pase 200 mil benefisyè. Sa te vin fè Ayisyen te pi gwo gwoup benefisyè pwogram nan apre Venezyelyen yo. Pou rive jis mwa Dawout 2024 la, genyen 16 peyi ki benefisye pwogram TPS la. Nan sans sa a, genyen plis pase 850 mil benefisyè TPS ki ap viv Etazini.
Pou kounye a, si Donald Trump retounen prezidan, anpil imigran ak militan k ap defann dwa imigran ap reflechi sou ensètitid legal ak sosyal administrasyon l lan ka mete pwogram TPS la. Ta sanble administrasyon l lan kapab demantle pwogram nan epi frajilize nan sans sa a lavi plizyè milyon moun. Anpil benfisyè TPS ap viv Etazini pandan plizyè dizèn ane. Se la a yo konstwi lavi yo, fanmi yo epi yo genyen kominote yo. Desizyon pou Etazini ta depòte yo a t ap non sèlman kraze fason y ap viv la, epi sa ap genyen gwo konsekans sou kominote y ap viv yo, kote yo deja entegre yo.
Gen yon rapò yon òganizasyon ki rele Immigrant Legal Resource Center (ILRC) pibliye an 2017 ki fè konnen, si Etazini kanpe TPS la sèlman pou Ayiti, Èl Salvadò ak Ondiras, se 6.9 milya dola kontribisyon k ap soti nan kotizasyon Sekirite Sosyal ak Medicare. Ap genyen 45.2 milya dola k ap soti nan richès Etazini kreye pandan 10 ane. Anplis, akoz kantite moun ki sou TPS k ap kite travay yo, peyi a ap pèdi 967 milyon dola.
Pledwaye ak Preparasyon
Nan kad preparasyon pou yon nouvo manda Donald Trump nan laprezidans Etazini, plizyè òganizasyon tankou New York Immigration Coalition (NYIC) te toujou kanpe pou defann benefisyè TPS yo, daprè Murad Awawdeh, ki se prezidan ak direktè NYIC.
Awawdeh di: “Akoz se depatman Homeland Security ki detèminie ki peyi ki merite TPS, si Trump rive prezidan -e kanpay li deja montre nan ki pwen li pa tolere imigran yo- se kapab yon dezas pou plis pase 850 mil benefisyè pwogram nan ak fanmi yo, zanmi ak kòlèg ki konte sou yo. Pandan li te sou pouvwa a, Trump te kanpe TPS la pou plizyè peyi, sa te mete an danje lavi plizyè santèn milyon moun.”
Todd Schulte ki se prezidan FWD.us yon òganizasyon k ap defann politik refòm imigrasyon, jistis kriminèl ak sistèm edikasyon an Etazini, di: “Donald Trump eseye detwi TPS la pou plizyè santèn milye moun ki viv Etazini depi plizyè deseni. Nou dwe atann nou, lè l pa renouvle TPS la, l ap retire otorizasyon travay moun ak pwoteksyon pou depòte yo. Se ap yon move desizyon non sèlman pou benefisyè yo ak fanmi yo (anpil nan benefisyè yo gen timoun yo ki Ameriken), men tou, l ap tèrib pou ekonomi peyi a. Ansyen prezidan an anonse yon ajennda ekstrèm dwat, otoritè ak anti-etranje k ap vize prèske tout eta epi sa ap gen enapk sou lavi plizyè milyon moun. Sa ka rann lavi anpil benefisyè TPS vin tèt anba, epi Trump pral eseye fè imigran yo pase pou demon pi plis toujou.”
Nou envite w gade videyo sa a, pou w konnen tout resous Documented genyen pou ou.
Si w bezwen enfòmasyon sou resous ki disponib Nouyòk pou imigran yo, ou kapab voye yon imèl bay Ralph Thomassaint Joseph nan adrès ralph.thomassaint@documentedny.com