W ap jwenn vèsyon atik sa a an anglè tou.
Menn jan sa rive anpil lòt jenn imigran ki fenk rive Nouyòk, Gael te genyen anpil difikilte lè pou l te ale lekòl. Jenn imigran an ki gen 17 lane di : “ An Ayiti, m te konn gade fim k ap montre kijan yo te konn fawouche elèv etranje yo nan lekòl yo. Lè m konnen m t ap ale lekòl isit, m te kontan et mwen te strese an menm tan.”
Gael rantre Nouyòk nan mwa septanm 2023 nan kad Pwogram pawòl imanitè prezidan Biden nan. Avan sa, li t ap viv Pòtoprens ak papa l, epi yon ti frè li.
Imedyatman li rantre Nouyòk, paran li enskri l nan lekòl segondè ki rele Samuel J. Tilden High School ki nan Brooklyn, nan menm awondisman sa a kote l ap viv ak 2 frè li yo. Pou pwoteje idantite yo, yo mande pou nou pa mete siyati yo.
Se gran frè Gael la, Max, ki pale l de yon òganizasyon ki rele Flanbwayan Literacy Project. Depi 18 lane, òganizayon sa a ap ede jèn elèv ki soti Ayiti yo, li ofri yo yon espas kote yo jwenn moun ki pale menm lang ak yo, epi ki konnen kilti yo.
Se la a Gael jwenn yon kominote. Flanbwayan Literacy Project se sèl òganizasyon Karayibeyen dirije nan Nouyòk, ki espesyalize l nan enskri jenn elèv yo nan lekòl, kèlkeswa estati yo kòm imigran. Men, 2 ane ki sot pase yo, kantite elèv ki vin chache asistans nan òganizasyon an double, akoz kantite fanmi Ayisyen ki vin rete Nouyòk yo. Menm jan ak Flanbwayan, plizyè lòt òganizasyon ki asiste Ayisyen Nouyòk, konstate kantite imigran ki bezwen sèvis yo ogmante.
Genyen plis pase 126 000 moun k ap chache azil ki rive Nouyòk depi sezon ete 2022 a. Genyen 21 000 ladan yo ki gentan entegre lekòl piblik yo. Daprè chif ofisyèl sit Migration Policy Institute pibliye, soti mwa oktòb 2020 pou rive mwa me 2023, otorite imigrasyon ameriken yo rapòte yo kwaze ak Ayisyen sou fwontyè Etazini-Meksik la anviwon 146 000 fwa.
Ou kapab li tou: Imigrasyon vle depòte yon abitan Nouyòk an Ayiti, yon peyi li pa janm vizite
An 2010, anpil Ayisyen te kite Ayiti pou ale viv nan kèk peyi Amerik Latin, apre yon tranblemanntè te touye anviwon 300 000 moun. Apre pandemi Covid-19 la, kriz ekonomik nan rejyon an te fòse anpil Ayisyen al chache pi bon kondisyon lavi Etazini.
Pou redui kantite imigran k ap rive sou fwontyè Meksik la, prezidan ameriken an, Joe Biden, te chwazi sitwayen Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela nan kad yon pwogram pawòl imanitè. Pwogram sa a pèmèt sitwayen Ameriken ak moun Etazini otorize sou teritwa l la legalman, sponnsorize moun ki soti nan 4 peyi sa yo, pou yo antre travay Etazini pandan 2 zan.
Chif depatman enteryè Etazini pibliye nan mwa jen 2023 montre te genyen 63 000 Ayisyen imigrasyon ameriken gentan tcheke pwofil yo, epi apwouve dosye yo nan 6 premye mwa pwogram nan. Gen plis pase 50 000 pami yo ki deja antre Etazini.
Pou kounye a, Flanbwayan gen anviwon 400 elèv l ap akonpaye nan kominote Ayisyen Nouyòk la. Men, depi pandemi COVID-19 la, kantite elèv ki bezwen asistans yo sanse double. Avan sa, Flanbwayan te konn akonpaye anviwon 200 elèv chak ane, daprè sa Darnell Benoit di. Men kounye a, ak kantite Ayisyen k ap antre Nouyòk yo, òganizasyon an gen difikilte pou l satisfè bezwen yo.
Jere bezwen imigran k ap ogmante yo
Lè Darnell te kreye Flanbwayan nan ane 2005, li fè konnen, se pou l te pèmèt imigran ki fenk rive yo jwenn yon ekip ki pou ede yo. Ekip sa a se imigran Ayisyen ki te rankontre menm pwoblèm nouvo imigran yo ap afwonte jodi a.
Lide a vini nan tèt li a pati premye eksperyans li Nouyòk nan kòmansman ane 1980 yo. Lè sa a, li te genyen 13 lane. Lè l te rive Queens, malgre te gen yon gwo kominote Ayisyen, pa t genyen pwogram eskolè nan 2 lang, espesyalman pou Ayisyen yo.
Lè li te fini lekòl segondè, li te anseye imigran yo anglè. Se gras ak eksperyans sa a li rive wè kijan jenn imigran Ayisyen yo rankontre anpil obstak menm jan avè l, lè li te nan lekòl piblik yo. Li di konsa: “mwen gade ki dispozisyon Leta genyen an favè imigran ki elèv yo, mwen gade opòtinite ki manke yo, resous ki pa genyen, ak lekòl yo. Se konsa, mwen sispann anseye pou m ka konsantre m sou bezwen kominote m nan.”
Flanbwayan gen yon bidjè 800 000 dola pa ane pou yon ekip ki genyen 9 anplwaye, 12 volontè ak 4 fasilitatè. Pifò bidjè òganizasyon an soti nan New York Foundation ak Pinkerton Foundation.
An 2021, vil Nouyòk, atravè Biwo Majistra pou zafè imigran yo (Mayor’s Office of Immigrant Affairs, an anglè) te bay 8 òganizasyon k ap akonpaye imigran Ayisyen, yon anvlòp 1.5 milyon dola. An 2022, menm òganizasyon sa yo resevwa yon finansman adisyonèl 1.6 milyon dola. Flanbwayan te benefisye 200 000 dola an 2021, epi 100 000 dola an 2022. Li itilize lajan sa a pou jere dosye lekòl jèn imigran Ayisyen ki fenk rive Nouyòk yo.
Akoz moun ki manke nan ekip la, Darnell Benoit fè konnen, Flanbwayan rive sèvi sèlman 3 lekòl segondè nan Brooklyn.
“Gen yon gwo kantite elèv Ayisyen ki bezwen èd nou. Nou pa vle kite okenn ladan yo deyò. Men, nou pa kapab sèvi tout”, Darnell di.
Ou kapab li tou: Sèvis pou imigran ki fenk rive Nouyòk yo
Men, Darnell fè konnen, Flanbwayan ta dwe anplwaye moun pou chache lajan ak pou pwojè devlopman yo. Se konsa, òganizasyon an ta kapab jwenn plis finansman. Kontribisyon donatè prive yo, ki gen majorite ladan yo Ayisyen, reprezante sèlman anviwon 2.5 pousan bidjè òganizasyon an chak ane. Donatè sa yo Flanbwayan rele “Zanmi” bay kontribisyon yo regilyèman sou sit entènèt òganizasyon an, oubyen lè yo jwenn manm òganizasyon an rele yo pou mande yo kontribiye.
“Li pa anpil. Men, nou swete nou ta genyen plis donatè Ayisyen”, Darnell fè konnen.
Se yon bagay ki posib, li rete kwè. Eksperyans li fè pandan anviwon 20 lane nan òganizasyon pèmèt li konprann Ayisyen yo dispoze pou kontribiye nan kominote yo.
“Si ou gen yon moun ki gen responsabilite sèlman pou l al chache finansman, ap genyen plis donatè. Men, òganizasyon an dwe gen mwayen pou peye moun sa”, Darnell di. Men, pou kounye a, Flanbwayan pa gen mwayen pou peye yon pwofesyonèl pou chache finansman.
Akoz travay espesyal Flanbwayan ap fè nan kominote Ayisyen an, Darnell estime òganizasyon an ap bezwen 500 000 dola anplis pou l rive satisfè nouvo demand ki genyen yo.
“Konsa n ap kapab rive sou chak grenn elèv. N ap kapab genyen ekip nou bezwen an, ki kapab al travay nan lekòl ki bezwen asistans nou”, li di.
Oryante nouvo imigran yo nan edikasyon yo
Se nan Flanbwayan Gael rankontre Kerby Ulysse, yon Ayisyen ki gen 19 ane ki vini Nouyòk nan mwa septanm 2021. Kerby t ap viv ak paran l nan peyi Brezil pandan 2 ane. Li travèse forè Darien nan ak plizyè fwontyè pou l rive finalman sou fontyè Meksik-Etazini an.
Kerby ak fanmi l te pami plis pase 47 000 Ayisyen otorite imigrasyon Ameriken yo te rankontre sou fwontyè Etazini-Meksik la an 2021. Fanmi an rive benefisye estati TPS la an desanm 2022 apre sekretèdeta Serikire enteryè a Alejandro N. Mayorkas te re-chwazi Ayiti kòm peyi sitwayen l yo elijib pou pwogram nan.
Se lè Kerby te gen anpil difikilte pou l prepare ekzamen leta a nan lekòl Cobble Hill High School of American Studies, kèk kamarad te pale l de pwogram akonpayman Flanbwayan an. Akonpayatè yo te ede l fè devwa l yo, epi, ekip Flanbwayan an te akonpaye l nan tout pwosesis li bezwen pou lekòl la. Se konsa, li aprann rete konsantre sou edikasyon l, epi tou, li aprann tout opsyon li genyen pou karyè pwofesyonèl li apre lekòl segondè a.
Pandan tan li pase nan Flanbwayan an, Kerby ak lòt benefisyè òganizasyon an pataje eksperyans yo Nouyòk ak nouvo imigran tankou Gael yo. Nan Flanbwayan, gason ak fi gen espas pa yo kote yo rankontre pou diskite sou defi yo rankontre Nouyòk epi reflechi sou avni yo kòm jenn imigran.
Jere lòt difikilte anplis lekòl la
Aplis ankadre ak enskri timoun yo lekòl, Flanbwayan vle fè plis enpak sou yo. Jenn elèv ki benefisye pwogram nan òganizasyon an enplike tou nan plizyè aktivite sou lidèchip, devlopman pèsonèl ak pledwaye.
Darnell Benoit di: “Ou vini nan Flanbwayan, ou fè zanmi, ou jwenn sipò, ou jwenn yon kominote, opòtinite, resous, ak yon bèl espas. Yon bèl espas vle di, ou kapab vin sa w swete a, ou kapab fè sa w swete a”.
Darnell fè konnen, jenn imigran Ayisyen yo aprann travay, yo aprann eksplore. Òganizasyon an gen divès pwogram ki akonpaye yo pou fè devwa yo. Yo aprann dans fòlklò Ayisyen yo ak jwe tanbou. Yo patisipe nan yon seri atelye terapi, yo chante, yo resite pwezi.
Menm si anpil nan òganizasyon ki Nouyòk yo ap akonpaye imigran, anpil fwa, yo neglije adolesan ak jenn imigran yo. Yo sèlman konsidere akonpaye yo lè yo vin granmoun.
Sa rive souvan, imigran Ayisyen ki vini Flanbwayan yo an reta nan nivo yo ta dwe ye lekòl. Anpil ladan yo vwayaje ak paran yo ki ap aprann nouvo anviwonman peyi a, an menm tan ak timoun yo. Anpil nan paran yo pa nan travay ki byen peye yo, epi nivo alfabetizasyon yo ba. Kidonk, paran sa yo gen anpil difikilte pou yo ede timoun yo ranpli dokiman ki enpòtan yo, epi ede yo nan fè devwa lekòl yo.
Kòm konsekans, paran yo pa vrèman konnen kijan sistèm edikasyon Nouyòk la fonksyone. Pafwa, imigran tankou Kerby yo, avan yo rive Etazini, yo vwayaje nan plizyè peyi kote yo pa t gen tan pou entegre sistèm peyi sa yo.
Lè jenn imigran sa yo rive Nouyòk, yo oblije ale nan yon estrikti ki rele Family Welcome Center ki deside nan ki lekòl yo dwe ale. Men, Darnell Benoit fè konnen, Flanbwayan goumen pou yo antre nan lekòl ki bay pi bon kalite edikasyon yo.
Darnell di: “Anpil nan jenn sa yo gen responsabilite lakay yo. Anpil ladan yo dwe pran swen tout kay la, sitou tifi yo”.
Se pou sa Flanbwayan se yon òganizasyon espesyal daprè Darnell.
“Ki lòt òganizasyon Nouyòk ki fè sa n ap fè la a?” Darnell di.
Documented se sèl medya enfòmasyon Nouyòk ki espesyalize nan kouvri istwa imigran ak dosye imigrasyon. W ap jwenn anpil resous an Kreyòl sou sit la. Si w gen lide repòtaj sou imigrasyon oubyen si ou gen kesyon sou imigrasyon ou ta renmen jwenn repons pou yo, ou kapab voye yon imèl nan adrès ralph.thomassaint@documentedny.com