fbpx Plizyè pwofesyonèl lasante Ayisyen pa travay nan nivo konpetans yo Etazini  - Documented - Documented
 

Plizyè pwofesyonèl lasante Ayisyen pa travay nan nivo konpetans yo Etazini 

Anpil doktè ak enfimyè ki rantre Etazini, oblije travay nan plas moun ki gen mwens konpetans ak eksperyans pase yo.

W ap jwenn vèsyon atik sa a an anglè tou

An 2011, Christelle fè yon ekspeyans k ap chanje lavi l lè yo te kidnape l pandan li te etidyan nan fakilte odontoloji. 

Malgre paran l te enkyete anpil pou sekirite l, li pèsevere pou l fini pwogram dantis la nan Inivèsite Leta Ayiti. Men, li pral deside al viv Etazini an 2015 kote l kite yon bèl kraryè, klinik li ak yon famasi li te genyen nan Sid peyi a. 

Lè l rive Etazini, Christelle te aprann rapidman li te dwe rekòmanse. Malgre kalifikasyon l ak eksperyans li kòm pwofesyonèl, li oblije retounen nan lekòl dantis yon lòt fwa, si li ta vle travay kòm dantis Etazini. 

Christelle pat janm wè l k ap genyen plizyè santèn milye dola dèt etidyan padan l t ap goumen pou l jere yon klinik Nouyòk. Se pou sa, li te deside chanje karyè. 

Li al chache yon diplòm nan oksilyè enfimyè, epi li aprann metye pou pran san moun ak manyen machin elektwokadyogram. Li travay pandan yon ti tan kòm pwofesyonèl k ap pran swen moun lakay yo. Apre sa, li jwenn yon travay kòm asistant dantis nan NYU Langone. Pou kounye a, l ap travay nan yon pwogram ki bay timoun nan lekòl Nouyòk yo swen dantè, pami benefisyè yo, gen plizyè imigran. 

Menm jan ak plizyè pwofesyonèl Ayisyen ki nan sektè medikal la, lè l rive Nouyòk, Christelle te oblije al fè yon metye ki pi ba pase pwofesyon li te genyen an. 

Malgre li jwenn yon travay nan domèn li Nouyòk, Christelle toujou espere pi bon kondisyon an Ayiti k ap pèmèt li retounen pou l kreye klinik kominotè. Nan mitan tout defi l ap rankontre Nouyòk yo, li toujou sonje lavi l nan peyi l Ayiti kòm yon doktè moun te renmen ak respekte. Li konstate gwo diferans ki genyen nan fason l ap travay nan nouvo espas li ye a. 

“Lavi m te lontan pi bon!”, Christelle di. “M te yon doktè nan peyi m! Men la a Etazini, ou tout bagay”. 

Ayiti genyen 0.2 medsen pou chak 1000 moun. Sa fè li se youn nan peyi ki gen sistèm medikal ki pi fèb nan lemond. Òganizasyon Mondyal Lasante rekòmande pou ta genyen 2.5 pwofesyonèl lasante pou chak 1000 moun nan yon peyi, yon fason pou  peyi sa rive garanti yon kouvèti swen medikal primè yo. 

Menm jan pou plizyè lòt sektè an Ayiti, peyi a pèdi pami pi bon medsen espesyalis yo. Yon sous pwòch gouvènman an fè nou konnen, youn nan 2 medsen lejis Ayiti genyen yo ap viv aletranje depi ane 2020 apre li te viktim yon tantativ kidnaping. 

Ou kapab li tou: Kijan pou w valide diplòm ak lòt sètifika pwofesyonèl entènasyonal Ozetazini

Lopital Inivèsite Mibalè a doktè Paul Farmer te kreye, ki se pi gwo lopital peyi a, sibi gwo enpak pwofesyonèl sante yo ki pati kite peyi a. Se sèl espas ki fòme doktè espesyalis nan jesyon ijans, tankou Dimitri Henrys te fè sa, sa gen 6 ane. 

Dimitri Henrys di: “te genyen nou 6 nan pwomosyon mwen an. Gen sèlman nou 2 ki rete an Ayiti. Omwens mwatye doktè nan pwomosyon m fakilte medsin ap viv aletranje.”

Doktè Ralph Ternier, ki se medsen an chèf Zanmi Lasante di Documented pami pwofesyonèl sante yo, se sitou enfimyè yo ki pati an gwo kantite. “Se yon emoraji k ap fèt chak jou”, li di. “Se pa douzèn yo demisyone chak semèn. Pafwa moun ki ta dwe ranplase yo a fè nou konnen yo pap kapab vini, paske yo apwouve yo nan pwogram Pawòl imanitè a.”

Prezidan Joe Biden lanse yon pwogram pawòl imanitè pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen ki pèmèt 133 000 Ayisyen pou viv ak travay Etazini pandan 2 ane. Atravè pwogram sa a, anpil pwofesyonèl kalifye jwenn opòtinite pou yo viv plis an sekirite Etazini akoz sitiyasyon sekirite peyi a k ap deteryore. Anplis, yo pa wè solisyon pwoblèm nan. 

“Nou nan yon sitiyasyon konplèks kote n ap fòme nouvo staf an pèmanans, e, nou manke moun pou travay”, doktè Ralph Ternier di.

Li eksplike kijan li konplike pou ranplase pwofesyonèl lasante ki kalifye e ki genyen plizyè ane eksperyans yo. Pa ekzanp, pandan ane 2023 a, lopital la pèdi espesyalis epidemyoloji l la ki al viv Kanada. Administrasyon an poko ranplase l. 

Yon adaptasyon ki difisil

Porez Luxama akeyi plizyè milye imigran Ayisyen Nouyòk nan Life of Hope, yon òganizasyon l ap dirije nan Brooklyn. Li eksplike kijan lè yo rive Nouyòk, imigran kalifye yo souvan dezoryante nan yon sistèm ki pa gen enstisyon ki pou gide yo. 

Li di, “imigran ki pi detèmine yo jeneralman retounen lekòl. Anpil ladan yo chanje pwofesyon kote yo pran klas pou yo vin oksilyè enfimyè, oubyen pwofesyonèl k ap pran swen moun lakay yo. “Lè yo rive Nouyòk, anpil fwa yo ale nan yon eta pou yo jwenn pi bon opòtinite. Lè yo pa jwenn opòtinite sa yo, yo retounen Nouyòk ak lide pou yo pran nenpòt ti djòb yon fason pou yo gen yon minimòm lajan pou reponn ak kèk obligasyon epi achte manje”, Porez Luxama di. 

Doktè J.S pa ekzanp jwenn premye travay li nan yon sant vaksinasyon pandan pandemi COVID-19 la kèk mwa apre li te rive Nouyòk. Djòb li se te gide moun ki vin pran vaksen yo epi reponn ak kesyon yo genyen. Li pase tout jounen yo kanpe pou l ap gide pasyan yo anba sipèvizyon yon enfimyè Ameriken ki t ap jere sant vaksinasyon an. Men, doktè J.S panse li te kapab gen pi gwo responsabilite nan sant lan. Pa ekzanp, li swete li te kapab nan pozisyon pou mande kèk manm pèsonèl la pou yo fè travay yo pi byen, espesyalman lè li remake erè yo fè nan kèk prensip medikal. 

Ou kapab li tou: Opòtinite fòmasyon pwofesyonèl pou imigran yo nan Nouyòk

J.S. gen 40 ane. Li gradye kòm doktè an 2009 epi li kòmanse rezidans li an 2010. Li te travay an Ayiti pou yon ONG ki rele International Child Care kòm kowòdonatè pwojè. Li espesyalize nan maladi ki bay enfeksyon nan yon pwogram inivèsite Maryland. Apre sa, li diplome nan Swen sante jeneral ak medsin sosyal nan lekòl medsin Harvard. Li fè plizyè rechèch sou VIH an Ayiti. Li te genyen yon klinik kominotè nan Bois Moquette nan Petionville, li t ap dirije ak mandam li ki se yon pedyat ki gradye nan Inivèsite Leta Ayisyen an menm jan avèk li. 

Lè koup la deside viv Nouyòk ak ti bebe yo genyen an, yo pat kapab travay kòm medsen nan sistèm ameriken an san yo pa pase yon seri ekzamen ki ekzijan. 

“M pat janm fè yon eksperyans ki tèrib konsa apre m fin monte tout echèl sa yo nan lavi m”, J.S di. Li mande Documented pou pa mete non l nan atik sa a. 

Menm jan ak plizyè milye Ayisyen, pwofesyonèl tankou l yo fè yon chwa ki difisil pou yo etabli lavi yo Etazini. Doktè J.S dekri lavi li te genyen an Ayiti a kòm yon “reyisit pwofesyonèl.” Li te genyen yon kay kote li pa t peye lwaye, li te genyen yon bon karyè pwofesyonèl, yon salè rezonab ak plizyè gwo pwojè nan tèt li. 

Men pou pwofesyonèl tankou l yo, Ayiti tounen yon peyi ki envivab kote yon seri gang ak zam kontwole yon pakèt teritwa, e, yo t ap monte nan Bois Moquette, kote li te rete a. Lè l gade kantite moun k ap mouri ak chif kidnapping k ap ogmante, li te deside kite Ayiti pou yon pi bon demen. 

Ou kapab li tou: Ayisyen ki nan pwogram Pawòl Imanitè Biden nan, ap poze kesyon sou avni yo

J.S rive Queens pandan pandemi COVID-19 la te paralize Nouyòk. Li te rive ak madanm li ak yon ti bebe kote yo te rete nan yon kay twa chanm yon fanmi madanm li. 

J.S fè konnen madanm li ap travay nan yon lopita Brooklyn. Madanm li poko pase ekzamen pou l pran diplòm medsin nan k ap pèmèt li travay kòm doktè menm jan li te konn fè sa Ayiti. 

“Lè m te rive Nouyòk, se kòmsi mwen retounen nan reyalite ane 2010 yo. Pou m pase ekzamen an Nouyòk, m te oblije retounen nan leson m te genyen nan premye ane medsin”, J.S di. 

Apre li pase twa ekzamen, li nan yon pwogram rezidans nan New York Presbyterian Hospital. 

Depi lè Christelle ak J.S kite Ayiti a, plizyè milye lòt Ayisyen kite Ayiti pou menm rezon an. 

Chif sèvis imigrasyon Ameriken montre genyen 345 000 Ayisyen ki antre Etazini pandan ane fiskal 2021 pou rive 2023. Pifò ladan yo vini nan kad pwogram pawòl imanitè prezidan Biden te lanse a an Janvye 2022. 

Christelle di li espere retounen travay kòm dantis an Ayiti kote l ap genyen pwòp klinik li menm jan li te konn fè sa. Li di: “Mwen renmen travay dantis kominotè m ap fè la a anpil. Pi gwo rèv mwen, se fè menm travay sa Ayiti pou m kapab ede timoun ki nan kominote ki majinalize yo. M reve sa chak jou.” 

Documented se sèl medya enfòmasyon Nouyòk ki espesyalize nan kouvri istwa imigran ak dosye imigrasyon. W ap jwenn anpil resous an Kreyòl sou sit la. Si w gen lide repòtaj sou imigrasyon oubyen si ou gen kesyon sou imigrasyon ou ta renmen jwenn repons pou yo, ou kapab voye yon imèl nan adrès ralph.thomassaint@documentedny.com

SEE MORE STORIES
Early Arrival Newsletter
Receive a roundup of all immigration news, and the latest policy news, in New York, nationwide, and from Washington, in your inbox 3x per week.
info@documentedny.com
Documented Advertising
Solutions
pitches@documentedny.com