fbpx Opòtinite fòmasyon pwofesyonèl pou imigran yo nan Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 17, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Opòtinite fòmasyon pwofesyonèl pou imigran yo nan Nouyòk

Gen plizyè santèn fòmasyon vokasyonèl ki ekziste nan divès domèn pou: veteran, imigran, ak lòt moun k ap viv Nouyòk. Anpil nan pwogram sa yo disponib pou moun ki pa genyen yon diplòm segondè nan lekòl Etazini. Anplis, pou entegre anpil ladan yo, ou pa bezwen yon nimewo sekirite sosyal. Men, gen de lòt, pou w entegre yo, ou dwe genyen otorizasyon travay Etazini, donk, fòk ou genyen nimewo sekirite sosyal ou. 

Men kèk pwogram vokasyonèl ki disponib pou imigran. 

Fòmasyon nan dizay ak teknoloji

Kou sa a disponib pou moun ki gen ant 14 ak 24 Lane. Li pwograme abityèlman nan apremidi ant 4 ak 7 è. Ladan l, w ap aprann eleman baz dizay ak achitekti, medya dijital ak dizay grafik. Klas yo ap fèt an pèsòn. Pou w elijib, ou dwe ap viv Nouyòk. 

Pou plis enfòmasyon, ou kapab vizite sit  youthdesigncenter.org oubyen rele nan 718-513-1115. Si w enterese, ou kapab voye yon imèl nan adrès  programs@youthdesigncenter.org.

Anglè ak klas HSE

CUNY ki se City University of New York gen plizyè klas pou moun ki vle amelyore anglè yo, epi prepare ekzamen pou ekivalan diplòm segondè yo, an Anglè li rele “High School Equivalency” (HSE). Toujou gen aplikasyon pou pwogram sa a pandan tout ane a. Pou w jwenn ki klas ki disponib nan zòn w ap viv la, klike la a

Bibliyotèk piblik Brooklyn yo (Brooklyn Public Library) gen yon seri klas tou ki disponib pou entranje k ap aprann anglè yo k ap viv Nouyòk. Pou w jwenn enfòmasyon sou pwogram sa yo, ou kapab anrejistre pou w patisipe nan yon sesyon oryantasyon. W ap kapab wè tou ki opsyon ki genyen pou karyè, epi tou pwofite evalye nivo anglè w. 

Pou plis detay sou orè klas yo, ou kapab klike la a. Pou w jwenn plis enfòmasyon, voye yon imèl bay adrès esol@blkynlibrary.org oubyen rele nan nimewo 201-899-4914. W ap jwenn fòmilè anrejistreman an la a

Moun ki gen pou pi piti 21 ane, ki pa gen diplòm segondè oubyen ekivalan diplòm segondè a, yo kapab antre nan pwogram Depatman Edikasyon pou Granmoun yo nan Nouyòk, ki disponib nan 5 awondisman yo. Pwogram Edikasyon Bazik pou granmoun yo ede moun konstwi konpetans yo nan lekti ak nan matematik, pou yo kapab prepare ekivalans bakaloreya a. Klas sa yo fèt soti Lendi pou rive Samdi, nan apremidi. Ou kapab ranpli fòmilè enskripsyon an la a. Pou plis enfòmasyon, voye yon imèl nan adrès adultdnyc@schoolsnyc.gov oubyen rele 646-481-8227 

Manifakti

Sèvis ti biznis Nouyòk la genyen plizyè opòtinite aprantisaj, pafwa ki peye, nan izin pou moun ki gen pou pi piti 18 lane. Pou w elijib, ou dwe abite Nouyòk, lajan ou rantre dwe pi piti pase 50 mil dola chak ane, epi, ou dwe gen angajman pou yon karyè ki long nan sektè manifakti a. Ou dwe alèz ak matematik epi enfòmatik, epi ou dwe renmen travay ak men w. Pou plis detay, ou kapab kilke la a

Fòmasyon sou asistans medikal

Moun k ap aprann anglè epi ki gen diplòm bakaloreya yo, GED, HSE oubyen TASC, yo kapab aprann san lajan, pratik bazik pou bay swen sante, epi fè tès klinik. Yo kapab genyen yon sètifika pou fòmasyon sa a. Pwogram sa a ki sou 2 semès disponib pou moun ki nan pwogram azil, pou refijye, moun ki gen rezidans ak sitwayen ameriken. Fòk ou geyen pi piti, 18 lane. . Fòk  salè w ap rantre chak ane a, li piti oubyen mwayen. Klas yo fèt an pèsòn soti lendi pou rive vandredi. Pou plis enfòmasyon, ou kapab klike la a

Devlopman wèb

Moun ki abite Nouyòk ki genyen pou pi piti 18 lane, ki pa gen yon djòb nan devlopman wèb gendwa aplike pou pwogram devlopman wèb NYC a (an anglè NYC Web Development Fellowship) ki gratis. Pou w elijib nan pwogram sa a ki fèt ant 19 ak 21 semèn, ou dwe gen otorizasyon travay Ozetazini, ou dwe swa pap travay, oubyen, si w ap travay, ou dwe touche mwens pase 50 mil dola. Ou dwe ranpli tout kritè selective service requirements yo. Pou w okouran sou pwochen opòtinite k ap disponib pou devlopman wèb, ou kapab enskri la a, pou w jwenn tout dènye detay yo. 

Montaj photo, videyo ak efè vizyèl yo

Abitan Nouyòk ki pa gen gwo salè, moun ki benefisye asistans piblik yo, kapab prepare yon karyè nan domèn pwodiksyon odyovizyèl yo. Pou sa, yo kapab antre nan pwogram The Made in NY Post Production Training Program nan. Pou w elijib, ou dwe genyen pou pi piti 21 lane, ou dwe ap viv Nouyòk depi omwens 6 mwa, ou dwe gen otorizasyon travay Etazini, ou dwe genyen omwens 6 mwa eksperyans nan domèn pwodiksyon odyovizyèl, endistri divètisman, medya oubyen yon travay ki konekte ak pwodiksyon odyovizyèl. Ou dwe genyen tou, konesans bazik nan enfòmatik. Nan pwogram sa a, klas yo fèt pandan 6 semèn, soti lendi pou rive vandredi. W ap jwenn enfòmasyon sou sesyon k ap vini yo sou lyen sa a. Pou plis enfòmasyon, rele nan 347-470 3231 oubyen voye yon imèl nan adrès post@bwiny.org

Konstriksyon

Moun k ap viv Nouyòk ki pa gen gwo salè, moun ki benefisye asistans piblik, imigran ki gen otorizasyon travay kapab patisipe nan fòmasyon pou aprann konstriksyon NYC Small Business Services (SBS) genyen an. Pou w elijib, ou dwe genyen pou pi piti 18 lane, ou dwe gen diplòm bakaloreya w oubyen ekivalan l ( General Educational Diploma GED/ High School Equivalency Diploma HSED). Ou dwe nan uityèm nivo pou pi piti nan lekti ak nan konpreyansyon matematik. Ou dwe disponib pou w ale nan fòmasyon yo ki gratis . Fòmasyon yo fèt jeneralman lajounen, soti lendi pou rive vandredi. Yo dire ant 4 a 7 semèn. . Pou w entegre pwogram sa a, ou kapab ranpli fòm nan la a

Enfòmatik

Si w vle aprann baz enfòmatik yo, medya sosyal, itilize imèl, pwogram Microsoft Word, Excel ak fotochòp, ou kapab ale nan divès atelye fòmasyon ki genyen nan rezo bibliyotèk Queens yo (Queens Public Library). Ou kapab jwenn asistans pèsonèl fòmatè ki la pou ede w. W ap genyen aksè ak òdinatè epi entènèt. Ou kapab menm jwenn yon sètifika lè w fin konplete kou yo. Pou plis enfòmasyon, voye yon imèl nan QB-Programs@queenslibrary.org.

Ou kapab jwenn plis opòtinite fòmasyon gratis oubyen ki pa koute chè, si w vizite sit Working NYC.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers