Kijan fèmti gouvènman Etazini an ap afekte imigran Nouyòk yo

Lè gouvènman ameriken an fèmen, anpil nan sèvis imigrasyon federal yo kanpe. Men kijan sa pral afekte kominote imigran yo nan Nouyòk.

American flag behind a wire fence.(Shutterstock)

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Gouvènman federal la fèmen ofisyèlman depi premye oktòb aprè palman an pa t rive adopte yon bidjè. Pandan gen kèk ajans ki kontinye fonksyone paske se frè itilizatè yo ki finanse yo, gen lòt ki bloke nèt san finansman. Youn nan sektè ki pral afekte imedyatman, se imigrasyon. Sa pral gen repèkisyon sou tout peyi a, men l ap grav sitou nan Nouyòk, ki se yon eta ki gen plis imigran ak plizyè milye dosye imigrasyon k ap trete.

Kisa k ap pase lè gouvènman ameriken an fèmen?

Lè kongrè (palman an) a pa adopte lwa depans ki nesesè pou finanse operasyon gouvènman an, anpil ajans federal oblije sispann oswa diminye travay yo. Pwogram ki pa esansyèl yo kanpe epi plizyè milye travayè federal nan chomaj tanporè (yo voye yo lakay yo san peye). Sèvis esansyèl tankou Sekirite Sosyal, lame, kontwòl trafik ayeryen ak sekirite fwontyè yo kontinye fonksyone, men souvan san peye, jiskaske finansman federal la retabli. 

Kijan travay pral afekte pandan peryòd gouvènman an fèmen an?

Pandan peryòd gouvènman an fèmen an, Depatman Travay (DOL) kanpe travay li nan dosye imigrasyon ki baze sou anplwa. Sa vle di:

Èske E-verify afekte tou?

Wi. E-Verify ki se sistèm verifikasyon elektwonik anplwayè yo itilize pou verifye otorizasyon travay la kanpe tou lè gouvènman federal la fèmen. Sa vle di anplwayè nan eta ki egzije E-Verify dwe jwenn lòt mwayen pou verifye dokiman I-9 la.

Èske tribinal imigrasyon yo toujou ap fonksyone?

Wi. Anjeneral, dosye imigrasyon yo, kit yo konsène detansyon ou pa (sa yo ki enplike moun ki pa an detansyon) ap kontinye.

Nan fen mwa dawout 2025 la, gen 3,432,519 dosye an kou devan Tribinal Imigrasyon, epi pou ane 2025 lan gen 2,271,857 moun ki aplike pou azil k ap tann odyans oswa desizyon.

E konsènan siveyans fwontyè yo?

Anplwaye CBP avèk ICE yo kontinye fè devwa esansyèl pou sekirite nasyonal, enspeksyon fwontyè, ak travay aplikasyon lalwa, sa vle di pifò nan anplwaye yo ak operasyon yo rete aktif.

Èske dosye viza ak paspò yo ap toujou trete?

Paske operasyon Depatman Deta ak operasyon konsilè yo depann an pati sou revni frè ki soti nan sèvis viza ak paspò yo, biwo sa yo kapab kontinye travay pandan yon tan. Men, si grèv la pwolonje, konsila oswa biwo paspò domestik yo ka ralanti oswa limite sèvis yo.

Nan yon kominike pou laprès, òganizasyon ki rele The Legal Aid Society a estime tretman pifò aplikasyon ki nan USCIS yo ap kanpe. Daprè Konsèy Imigrasyon Ameriken an, pwosesis viza Depatman Deta a ak sèvis konsilè yo ap kontinye opere pandan fèmti gouvènman an paske se frè moun peye yo ki fè sèvis sa yon fonksyone. 

Kijan benefis tankou Sekirite Sosyal ak SNAP pral afekte?

The Legal Aid Society fè konnen, benefis tankou Sekirite Sosyal, Medicaid, Asistans Lajan Kach, SNAP, FHEPS, CityFHEPS, ak Seksyon 8 pap afekte omwen jiska mwa Oktòb. Moun k ap viv Nouyòk yo ap kontinye resevwa benefis sa yo.

Kijan imigran nan Nouyòk yo ap afekte?

Imigran Nouyòk yo ka sibi enpak grèv la nan fason tribinal yo ka ranvwaye odyans yo, èd legal yo ap limite, epi vwayaje ap pi konplike. Sa ta sitou vle di:

Plis reta nan demann viza ki baze sou travay

Pou imigran Nouyòk k ap aplike pou viza oswa Green Card ki mande yon sètifikasyon DOL (komen nan kategori H-1B, EB-2, EB-3), grèv la ap kanpe sèvis sa yo epi petisyon yo ka bloke. Anplwayè Nouyòk ki anboche etranje yo ka fè fas ak gwo reta oswa yon sispansyon tanporè nan pwosesis pou imigrasyon apwouve nouvo anplwaye yo. 

Demann azil ak tribinal yo bloke

Odyans tribinal imigrasyon ppou moun ki pa nan detansyon ka ranvwaye. Imigran k ap tann odyans yo ka resevwa nouvo avi plizyè mwa aprè. Odyans pou moun ki an detansyon yo gen plis chans pou yo kontinye.

Presyon sou founisè sèvis legal yo

Nan Nouyòk, òganizasyon ki bay èd legal gratis ak gwoup dwa imigran yo souvan konte sou sibvansyon oswa kontra federal. Men, pwogram gouvènman lokal yo finanse (vil yo ak eta a) ka bouche kèk twou vid. Vil ak Eta Nouyòk bay èd legal pou imigran, sèvis sante ak klinik “Konnen Dwa W”. Pwogram sa yo ka diminye enpak grèv la, men yo ka fè fas ak plis demann epi limit nan bidjè finansman yo.

Eta Nouyòk te debloke $64.2 milyon dola pou sèvis legal imigrasyon nan ane fiskal 2026 la, pandan vil Nouyòk te pwograme plis pase $74 milyon dola pou sipò legal pou imigran nan tout vil la.

Konplikasyon vwayaj

Imigran nan Nouyòk ki bezwen vwayaje aletranje yo ka afekte tou si retou yo depann de jwenn yon nouvo tenb viza, paske konsila yo ap opere ak yon kapasite redui.

Ralph Thomassaint Joseph

Ralph Thomassaint Joseph is the Caribbean Communities Correspondent for Documented. He studied Law and Sociology in Haiti and holds a master’s degree in Digital Journalism from New York University.

@ralphthjo

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.