fbpx
Logo
Feb 03, 2025 | Faye Qiu

Kijan imigran ki fenk rive Nouyòk yo kapab jwenn ebèjman

Pa rapò ak moun ki Nouyòk pandan yon ti tan, moun vil la defini kòm nouvo arivan yo (sa vle di moun ki fenk vini) dwe suiv yo pwosesis ki diferan pou yo jwenn espas pou yo dòmi. Gid sa a gen enfòmasyon sou sistèm ebèjman vil la, ak opsyon ki disponib pou imigran ki fenk vini yo.

Depi prentan ane 2022 pou rive mwa out 2024, te genyen plis pase 210,000 imigran ki rantre Nouyòk pou chache azil. Pou anpil ladan yo, premye bagay ki enpòtan, se rive jwenn yon kote pou yo dòmi. Akoz gen yon lwa Nouyòk ki oblige vil la ebèje moun, otorite yo dwe bay tout moun ki bezwen, yon kote pou yo dòmi. Menm sila yo k ap chache azil. 

Men, pa rapò ak moun ki nan vil la pandan yon ti tan, moun vil la klase kòm nouvo arivan yo (sa vle di moun ki fenk vini) dwe suiv yo pwosesis ki diferan pou yo jwenn espas pou yo dòmi. Majistra Nouyòk la, Eric Adams, pibliye yon dekrè ki redui kantite tan yon moun kapab pase nan sant ebèjman yo. Nan gid sa a, w ap jwenn detay sou kijan sistèm ebèjman an fonksyone ak kantite tan nouvo arivan yo kapab pase ladan yo. 

Èske imigran yo se nouvo arivan? 

Yo konside yon moun ki rantre Etazini apre 15 mas 2022 kòm yon nouvo arivan. Sa lakoz li suiv yon pwosedi diferan lè l ap aplike nan sistèm ebèjman an. Pwosedi sa a pa menm pou moun k ap viv nan peyi a depi yon tan ki pi long. 

Sant pou nouvo arivan yo

Moun ki fenk rive yo dwe ale nan sant pou nouvo arivan yo ki nan Roosevelt Hotel ki nan 45 E. 45th Street, New York, NY 10017 tou pre estasyon Grand Central la olye pou yo ale dirèkteman nan sant ebèjman vil Nouyòk yo. Sant la travay 24 sou 24 chak jou epi li ofri sèvis takou asirans sante, swen medikal ak sante mantal, epi li ede moun enskri timoun yo lekòl. 

Anplwaye ki nan Arrival Center yo ap mande nouvo imigran yo èske pwojè yo se rete Nouyòk oubyen si yo vle ale nan yon lòt eta. Pou moun ki deside rete yo, y ap voye yo nan youn nan 4 sant ebèjman ki nan 5 sikonskripsyon Nouyòk yo.  

Sant ebèjman ki disponib Nouyòk

  1. HERRC (Humanitarian Emergency Response and Relief Center)

Sant sa yo bay ebèjman, manje, swen sante, douch, lesiv ak jesyon ka medikal yo. 

  • Moun sant sa a sèvi: moun ki majè ki poukont yo, fanmi, fanmi ki gen pitit. 
  • Modèl ebèjman: Gen espas pou moun ki majè yo ak fanmi ki pa gen timoun, kote plizyè moun kapab dòmi ansanm. Fanmi ki genyen timoun yo kapab gen chanm oubyen espas prive yo. 
  1. Respite Centers

Sa yo se sant ebèjman tanporè pou moun ki majè ki poukont yo ak fanmi ki gen moun majè sèlman. Respite Centers yo bay sèvis tankou manje ak yon espas pou moun dòmi. Yo gen mwens ekipman pase sant HERRC yo. Kote w ka pran douch la kapab pa nan menm espas kote w dòmi an. 

  • Moun yo sèvi: moun ki majè ki poukont yo ak fanmi ki gen moun ki majè sèlman. (Donk, timoun pa ladan l)
  • Modèl ebèjman: Espas pou moun dòmi pandan yon ti tan. Jeneralman, se ansyen espas biwo, legliz oubyen lekòl.
  1. Sant ebèjman DHS yo 

Se depatman ki sèvi moun ki pa gen abri yo (Department of Homeless Services) ki jere pi gwo sistèm ebèjman ki genyen nan vil Nouyòk. 

  • Moun yo sèvi: Tout moun, men, yo gen priorite pou fanmi ki akonpaye ak timoun ak fanm ansent yo. 
  • Modèl ebèjman: espas kolektif pou majè ki poukont yo. Anpil fwa, yo mete fanmi ki gen timoun yo nan otèl yon fason pou yo genyen plis entimite. 

Sèl fason nouvo arivan yo kapab rete nan yon sant ebèjman DHS se si sant ki nan Roosevelt Hotel la refere yo. 

  1. Ebèjman nan legliz yo

Sant sa yo ki nan espas legliz yo gen mwens kabann (jeneralman mwens pase 19). Yo sèvi an prensip gason ki majè yo. 

  • Moun yo sèvi: Gason majè ki poukont yo
  • Modèl ebèjman: ebèjman yo disponib sèlman lannuit, epi moun yo dwe kite espas la pandan jounen an. 

Kijan m ka pwouve mwen elijib pou ebèjman?

Lè w rive nan Arrival Center a, anplwaye yo ap mande w èske w genyen fanmi w oubyen zanmi w k ap viv Etazini ou ka rete lakay yo. Yo kapab kontakte moun sa pou yon konfime ak yo si sa posib. Y ap mande w tou èske ka peye pou ebèje tèt ou. Li enpòtan pou w bay verite paske, si w pa kopere, yo gendwa refize w ebèjman an

Pou konbyen tan mwen rete nan yon sant ebèjman?

Si w se yon majè ki poukont li, ou gen dwa rete nan sant ebèjman an pou 30 jou apre si se premye fwa vil Nouyòk refere nan sant lan. Pou majè ki poukont yo epi ki gen mwens pase 23 ane, yo kapab rete nan sant lan pandan omwens 60 jou, si se premye fwa vil Nouyòk refere yo nan sant lan. 

Fanmi ki gen timoun yo kapab re-aplike pou ebèjman apre 60 jou. Fanm ansent ki sou twazyèm trimès yo ak fanmi ki gen ti bebe ki fenk fèt yo kapab benefisye yon pwolonjman k ap pèmèt yo rete jiskaske timoun nan genyen 6 mwa. 

Èske m ka chwazi sant ebèjman mvle ale?

Non. Yo refere w yon sant ebèjman sou baz disponibilite l. Si w pa aksepte kote yo ba w la, otorite vil Nouyòk yo ap konsidere l kòm yon refi. Donk, ou dwe chache kote pou w rete poukont ou. Men, se pap nan sistèm ebèjman Nouyòk la. Men, si w refize akoz sant ebèjman pa an sekirite oubyen ou paka antre ladan l akoz yon andikap, yo dwe jwenn yon lòt opsyon pou ou. 

E si yo jwenn mwen pa elijib pou ebèjman?

Si otorite Nouyòk yo estime pou pa elijib pou ebèjman, y ap ba w yon nòt ki di w sa, nan lang ou pale a. Yo kapab refize w ebèjman si yo estime ou gen kote ou ka rete, si w yo estime ou ka peye lojman, oubyen si w pa vle kopere nan pwosesis la. Si w pa dakò ak desizyon an, ou ka mande pou yo revize l, sitou si opsyon w genyen an pa sekirize, si li pa disponib oubyen li pa akomode pou moun k ap viv ak andikap. 

Sant akèy pou moun ki pa gen abri yo

Malgre sant sa yo pa bay kabann pou moun dòmi lannuit, yo gen yon seri resous fondamantal epi yo disponib chak jou 24 sou 24, menm jou fèt ak konje. Sant sa yo gen sèvis esansyèl pou moun ki pa gen abri tankou: 

  • Pla cho ak rad
  • Aksè ak douch ak espas pou lesiv
  • Konsèy ak sèvis jesyon ka medikal
  • Referans swen medikal ak pou sante mantal
  • Asistans nan chache travay. Epi yo ede moun aplike pou benefis sèvis sosyal yo

Men kèk adrès sant akèy ki ouvè nan 5 sikonskripsyon vil Nouyòk la: 

Bronx
The Living Room
800 Barretto St. (ki Lafayette Avenue)
Si w ap pran tren, pran tren 6 train k ap rive Hunts Point Avenue

Brooklyn
Gathering Place
2402 Atlantic Ave. (ant Sackman Street ak Jardine Place)
Si w ap pran tren: Desann Broadway Junction

Manhattan
Mainchance
120 East 32nd St. (ant Park Avenue ak Lexington Avenue)
Si w ap pran tren, pran tren 6 train k ap rive 33rd Street

Olivieri Center for Homeless
257 West 30th St. (ant 7th Avenue ak 8th Avenue)
Si w ap pran tren: A, C, E, 1, 2, oubyen tren 3 train k ap rive 34th Street-Penn Station

Queens
Breaking Ground
100-32 Atlantic Ave. (nan 102nd Street)

Staten Island
Project Hospitality
150 Richmond Terrace (ant Wall Street ak Schuyler Street)

Sant sa yo sèvi rapid epi yo ede moun yo travèse pwoblèm ebèjman an ak diyite. Yo konekte yo ak resous ki enpòtan yo. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt