Prezidan Donald Trump pote anpil chanjman nan politik imigrasyon Etazini depi dezyèm manda li a kòmanse. Tout chif yo montre kominote imigran yo gen plis laperèz pou sekirite yo ak avni yo nan peyi a. Anpil moun di yo chanje fason y ap viv, tankou yo evite al pran sèvis swen sante, yo pa soti al chache travay, oswa yo rete lakay yo olye y al patisipe nan aktivite nan lari.
Malgre rechèch yo montre imigran yo — menm sila yo ki iregilye — mwens enplike nan zak kriminèl pase moun ki fèt nan peyi a, administrasyon Trump lan te fè kanpay nan lide pou sible imigran ki gen dosye kriminèl yo. An reyalite, done yo montre jiska mitan ane 2025 la, 4.5 pousan moun ICE te arete yo te gen kondanasyon pou “krim ki pa vyolan.”
Pou imigran ki pè gen dosye kriminèl, vil Nouyòk gen kèk lwa ak règ sou enfraksyon ki pa konsidere kòm gwo krim oswa zak vyolan, men ou ka toujou pran tikè pou li oswa resevwa yon manda pou w prezante w nan tribinal. Yon tikè ou pa peye oswa si w pa prezante devan tribinal apre yon konvokasyon, sa ka tounen yon manda arestasyon, epi sa kapab konplike sitiyasyon legal ou kòm imigran.
Men kèk enfraksyon moun pa twò konnen nan Nouyòk pou moun ki vle evite nenpòt pwoblèm ak lapolis oswa lòt otorite yo.
Gen bwason alkolize louvri nan machin ou oswa kenbe nan men w nan lari
Seksyon 1277 nan lwa sikilasyon ak trafik nan Eta Nouyòk la entèdi moun bwè oswa kenbe bwason ki gen alkòl anndan machin yo. Li ilegal pou yon moun bwè pandan l ap kondui nan tout Eta Etazini. Nouyòk, chofè yo pa dwe genyen bwason ki gen alkòl louvri nan machin yo pandan y ap kondui, kit bwason an se pou yo oswa pou nenpòt lòt pasaje nan machin nan.
Avèk legalizasyon marigwana nan Eta a ak kantite dispansè legal k ap ogmante, li enpòtan pou w konnen règ sa a aplike tou pou bwason ki gen bòz ladan yo. Ni chofè ni pasaje yo pa gen dwa gen yon bwason ki gen marigwana ki louvri pandan yo sou otowout oswa lòt wout piblik. Nenpòt moun yo jwenn ki vyole règ sa a komèt yon enfraksyon trafik.
Règ sa a pa aplike pou machin ki fèt pou transpòte 10 moun oswa plis, ni machin transpò piblik yo.
Anplis de sa, lwa Nouyòk pa pèmèt moun bwè alkòl nan espas piblik, sof si yo nan yon fèt katye oswa yon lòt aktivite ki gen pèmi ofisyèl pou sa.
Si yon moun pran yon tikè pou tèt li vyole lwa sa a, li ta dwe reponn rapidman epi li ka bon pou li pale ak yon avoka ki espesyalize nan dosye kriminèl. Si moun nan pa regle pwoblèm nan kòmsadwa, sa ka gen gwo konsekans, tankou jij ka mete yon manda arestasyon kont li.
Itilize telefòn pandan w ap kondui
Èske w te konnen Eta Nouyòk se premye Eta depi ane 2001 ki entèdi moun kenbe telefòn selilè nan men yo pandan y ap kondui ? Jounen jodi a, lwa yo rele “No Touch” la ale pi lwen toujou. Lalwa di chofè pa gen dwa kenbe telefòn oswa nenpòt lòt aparèy elektwonik pòtab pandan y ap kondui sou wout yo. Aktivite ilegal yo pa sèlman limite ak pale nan telefòn, men tou yo se ekri oswa li mesaj tèks, gade enfòmasyon sou entènèt, gade, pran, oswa voye foto, ep jwe jwèt sou telefòn.
Si yo jwenn yon moun ap itilize yon “aparèy elektwonik pòtab” pandan l ap kondui — sof si l ap rele 911 oswa sèvis ijans yo — moun nan ka resevwa yon tikè epi oblije peye amann ak lòt frè.
Pa peye transpò piblik — menm pou bis yo
Menm si sa rive souvan pou wè moun antre nan metwo Nouyòk oswa nan bis ble ak blan MTA yo san yo pa peye, zak sa a ilegal epi lalwa konsidere li kòm vòl sèvis, sa ki konsidere kòm yon deli minè. Zak ilegal sa yo gen ladan l antre nan bis pa dèyè san peye oswa itilize pòt ijans yo pou antre nan estasyon metwo san peye.
Kounya a, pri yon sèl trajè se 3 dola paske responsab MTA yo di yo bezwen plis lajan pou kenbe sistèm transpò piblik la byen fonksyone epi fè reparasyon ki nesesè yo. Moun ki gen pwoblèm finansye ka mande èd atravè pwogram “Fair Fares” la. Pwogram sa a pèmèt moun ki kalifye peye mwatye pri pou tren ak bis.
Si yo kenbe yon moun k ap vyole règ sa yo, li ka resevwa yon avètisman pou premye enfraksyon an. Men, dezyèm fwa a, amann lan se 100 dola, epi apre sa chak lòt vyolasyon ka koute 150 dola. Moun yo dwe peye amann sa yo atravè Transit Adjudication Bureau. Si yon moun pa reponn oswa pa peye amann yo, sa ka mennen nan konvokasyon ki vin pi grav.
Yo ka menm arete yon moun pou fwod transpò si lapolis dekouvri li deja gen manda arestasyon, li gen plizyè lòt ka menm jan an, li pa bay pyès idantite li, oswa li gen yon dosye kriminèl ki te deja devan lajistis.
Soti nan yon wagon metwo al nan yon lòt
Ka gen bon rezon ki fè yon moun vle chanje wagon nan yon metwo — move sant, pasaje ki derespektan, oswa yon espas ki fè twò cho. Men sa dwe fèt nan bon fason an : moun nan dwe desann nan pwochen estasyon an epi mache pou antre nan yon lòt wagon. Depi ane 2005, règleman vil Nouyòk sou zòn ak aktivite ki entèdi yo entèdi moun sèvi ak pòt ijans yo pou pase soti nan yon wagon al nan yon lòt san rezon valab. Pandan peryòd kote lapolis ap fè plis kontwòl, yo ka veye kalite enfraksyon sa yo, epi moun ki vyole règ la ka resevwa yon amann 75 dola.
Sèl eksepsyon pou règ sa a se lè gen yon ijans oswa lè yon anplwaye ki gen pouvwa pou sa mande moun nan fè sa.
Mete senti sekirite — menm si w se pasaje
Eta Nouyòk egzije pou tout pasaje mete senti sekirite pandan yo nan machin, kèlkeswa kote yo chita. Sa soti nan lwa yo rele “Occupant Restraint Law” la, ki te antre an aplikasyon premye novanm 2020. Lwa sa a mande pou chak moun ki nan yon machin itilize senti sekirite, oswa itilize chèz sekirite espesyal pou timoun piti yo.
Si pasaje yo pa mete senti sekirite, lapolis ka kanpe machin nan, epi granmoun ki pa t mete senti a ka pran yon tikè. Anplis, si yon chofè ap transpòte yon timoun ki poko gen 16 zan ki pa akonpaye pa paran li oswa responsab legal li, epi timoun nan pa t mete senti li, chofè a ka resevwa yon tikè tou.
Men, règ sou senti sekirite a pa aplike pou machin ijans yo, machin ki fèt depi ane 1964 oswa anvan sa, ni pou pasaje ki nan bis ki pa bis lekòl.