Documented se yon sit enfòmasyon endepandan ki espesyalize nan kouvri imigran k ap viv Nouyòk yo ak politik ki
gen enpak sou lavi yo. Nan Documented, nou pibliye sou platfòm Nextdoor yon fason pou n enfòme epi konekte ak
kominote Karayibeyen k ap viv Nouyòk yo.
Youn nan misyon nou bay tèt nou, se toujou tande kisa kominote imigran k ap viv Nouyòk yo ap di, yon fason pou n
pwodui enfòmasyon bon kalite. Se lide ak bezwen imigran yo ki gide travay nou.
Documented pwodui repòtaj orijinal sou enpak chanjman politik sou dwa travay yo genyen sou moun, fason lalwa
aplike ak ekzijans administrasyon yo, epi, enpak nouvo lwa federal yo. N ap toujou enfòme w sou tout nouvèl
enpòtan k ap pase lòt kote.
Suiv nou sou Nextdoor kote w ap kapab kominike ak jounalis nou k ap kouvri kominote Karayibeyen ki Nouyòk yo. W
ap kapab pataje ak li, lide sijè ou ta renmen li fè repòtaj sou yo, nan kominote w ap viv la.
Our Team
Ralph Thomassaint Joseph
Korespondan Kominote Karayibeyen yo
Ralph Thomassaint Joseph se Korespondan nan Kominote Karayibeyen Nouyòk yo. Li etidye dwa ak sosyoloji an Ayiti, epi li gen yon mastè nan metye jounalis dijital nan New York University.