Kòman pou w itilize sistem tren Nouyòk la tankou yon pwofesyonèl

Wa p ale anwo oubyen anba lavil? Aprann koman pou w navige sistèm tren Nouyòk la tankou yon moun lokal avèk gid detaye sa.

Photo: Marc A. Hermann / MTA

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Si w fenk vini Nouyòk, tren an ka parèt konplike pou ou. Anpil moun pran tren an chak jou, e yo tout te tankou w. San pèdi tan, avèk yon ti èd sèlman, wap ka navige tankou yon moun lokal.

Tren an se souf vil lan, chak jou li konekte Manhattan, Brooklyn, Queens, Bronx, ak Staten Island. Chak tren gen yon lèt oubyen nimewo – tankou A, B, oubyen 7 – yo anchenne ansanm anba otorite MTA ki se Otorite Transpò Metropolitèn lan.

Ki kote m ap jwenn yon kat jewografi pou tren an?

Anpil stasyon gen moun ki la pou ede w epi montre w kote pou w fè. Wap jwenn yon kat jewografi sou preske tout miray stasyon tren yo.

Ou pa bezwen regle tout bagay pou kont ou. Aplikasyon tankou Google Apps, Apple Maps, Transit, ak Citymapper ap fè w konnen ki tren pou w pran, ki kote pou w chanje tren, e menm konbyen minit wap bezwen tann anvan lòt tren an vini. 

Sit ofisyèl MTA (new.mta.info) bay papye ki gen enfòmasyon ki ka ède w planifye vwayaj ou davans. Avèk aplikasyon ofisyèl MTA a, ou kapab pran tren an, pataje enfòmasyon, epi pale avèk yon manb staf MTA a si w ta gen yon pwoblèm oubyen pou w ka jwenn èd nan lang ou.  Telechaje aplikasyon MTA a sou telefòn Iphone iOS oubyen  Android.

Ou kapab telechaje kat jewografi yo sou sit sa, high-quality PDF maps from the MTA website, epi mete yo sou telefòn ou anvan w sòti, pou si w pa ta gen signal entènet disponib.

New York City – April 20, 2018: Exit sign from 42nd Street Times Square MTA subway station along the Eighth Avenue line in New York City. (Shutterstock)

Kijan w fè konnen ki bò pou w ale nan tren Nouyòk yo?  

Moun Nouyòk souvan di yap ale “anwo” oubyen “anba” lavil lè yap pale de zòn yo. Anwo lavil vle di wap ale nan nò, ki se souvan sou bò Bronx oubyen anlè Manhattan. Anba lavil vle di wap ale nan sid, sou Brooklyn oubyen Anba Manhattan.

Depi w rive nan stasyon an, wap we pankat ki make “Anwo Lavil ak Bronx” oubyen “Anba Lavil ak Brooklyn”. Y ap ede w chwazi bon bò pou w tann tren an.

Menm moun kap viv la depi tout vi yo pafwa konn pran move tren an. Si w ta pèdi epi w ale nan move direksyon, se pa grav. Jis desann nan pwochen kote tren an kanpe a, travèse ale sou lòt bò an (oubyen ale anlè a epi desann, sa depann de ki stasyon), epi moute tren ki prale nan lòt direksyon an.

Kisa koulè sou tren Nouyòk yo vle di?

Li nòmal pou w wè plizyè tren ap sèvi menm wout la pandan yon sèl vwayaj. Se paske tren yo fèt pou pote anpil moun byen vit, sitou nan zòn ki gen anpil trafik tankou Manhattan.

Nouyòk, yo itilize koulè pou mete tren yo nan gwoup liy pa yo avèk liy antèt la ki se Manhattan. Sa fè l pi fasil pou moun kap pran tren yo ka wè ki wout ki ale ansanm epi ki kote pou yo desann pou yo pran yon lòt tren. Tankou, wouj se pou 1/2/3, vèt pou 4/5/6, ble pou A/C/E, jón abriko pou B/D/F/M, epi jón pou N/Q/R/W. Liy mov la gen yon sèl tren ladan l, 7 la, vèt pal la se G, mawon an se J/Z, epi gri a se pou L.

Ann di ou nan mitan vil lan – ou ka wè tout tren jón N,Q, ak W yo kap pase devan w. Yo fè menm wout pou yon ti tan, men aprè yo chak pran yon direksyon. Tankou, si tren an ap ale anwo lavil, N ak W ap rive  Astoria nan Queens, men Q a ap ale nan bò lès, anwo nan Manhattan. Sa depann de ki kote wap desann, ou ka chwazi pran youn nan tren jón yo. 

Se menm bagay la pou lòt liy yo. Gen tren ki pataje mwatye nan wout la, epi apre yo chak fè wout pa yo ale nan zòn diferan.

Ki Diferans ki Genyen ant Tren Lokal ak Tren Express yo

Yon bagay enpòtan pou w konnen: Tren lokal yo kanpe nan tout stasyon yo. Tren express yo sote kèk stasyon epi yo kanpe sèlman nan stasyon ki pi gwo epi ki gen plis trafik yo.

Si w ap ale yon kote lwen oubyen ou vle rive yon kote vit, tren express yo bon pou sa. Men si w pap kanpe nan yon gwo stasyon, wap bezwen pran yon tren lokal.

Tankou, liy jón lan, tren N ak Q ki fè wout Broadway nan Manhattan epi ki ale Queens oubyen Brooklyn, W fè wout lokal yo epi li kanpe tout kote, men se sèlman lasemèn. 

Sou liy ble a, A se express, C a se lokal, epi E a rantre Queens. Sou liy wouj la, 1 an se lokal, epi 2 ak 3 se express. Sou liy vèt a, 6 la lokal, epi 4 ak 5 express.

Sa vle di, si de tren sanble tankou y ap fè menm wout, youn ka kanpe plis epi pran plis tan. Gade direksyon yo epi koute anons yo, yo souvan di w si tren an lokal oubyen express.

Kisa ki rive lannuit oubyen le wikenn?  

Tren an travay 24 sou 24, men pafwa bagay yo konn chanje lannuit oubyen lè wikenn. Tren yo konn pase mwens souvan, epi pafwa, yo konn fè lòt wout paske yo konn ap ranje wout yo.

Anvan w soti, li bon pou w sevi aplikasyon MTA a oubyen sit MTA a pou w konfime vwayaj lan. Sa ka ede w pa pèdi tan epi pou w pa egare nan chache.

Kèk fraz pou ede w

Kèk kesyon senp ka ede w si w ta pèdi. Ou ka mande, “Ki tren ki ale [kote w ap ale a]?” oubyen “Eske m bezwen pran plizyè tren?” Oubyen, si w gentan nan tren an, ou ka di, “Eske tren sa a kanpe nan tèl [stasyon]?” pou asire w nan bon tren an.

E si w ta nan yon stasyon epi w pa konprann yon bagay, mande yon moun ki tou pre w. Moun Nouyòk yo ka kontan ede w.

Kijan pou w peye pou tren Nouyòk yo?

Si wap mande kijan pou w peye pou vwayaj lan, ou pa bezwen enkyete w. Gen plizyè opsyon ki senp.

OMNY card on the left and Metrocard on the right. Photo: Madeline Faber for Documented

Itilize telefòn ou gras ak OMNY

Fason ki pi fasil e pi resan pou w peye se avek OMNY. Se yon sistèm pou w peye san kontak fizik. Si w gen yon kat kredi oubyen debi avèk senbòl pou w peye san kontak fizik, oubyen si w sèvi Apple Pay, Google Pay, oubyen Samsung Pay sou telefòn ou, ou ka jis tape kat ou oubyen telefòn ou sou machinn lan nan stasyon an.

Chak vwayaj koute $2.90, epi ou pa bezwen achte anyen davans. OMNY otomatikman kontwole vwayaj ou fè yo: depi w fe 12 vwayaj peye nan yon semèn ( lendi a dimanch), rès vwayaj ou pou semèn sa a gratis. Se tankou wap jwenn 7 jou ilimite san fòse.

Ou vle yon kat fizik OMNY pito? Ou ka fè sa tou.

Si w pa ta vle sèvi ak telefòn oubyen kat bank ou, ou kapab achte yon kat fizik OMNY. Li prèske tankou ansyen kat bis la. Ou ka achte kat OMNY nan machinn OMNY yo nan kèk stasyon tren sou sit sa a: select subway stations.

Kat la koute $1 sèlman, epi ou ka mete plis lajan sou li pou w peye pou chak vwayaj oubyen ou ka ajoute yon montan pou 7 jou ilimite. Wap jwenn yon sèl pri pou wout ou fè souvan pou kat fizik OMNY yo tou, men fò w sèvi ak menm kat la pou chak vwayaj pandan semèn lan. Apre 12 vwayaj, nenpòt vwayaj ou fè ankò sou tren oubyen bis lokal yo gratis jiska dimanch. Sonje si w chanje fason w peye a, tankou w sèvi kat ou yon jou, epi telefòn ou yon lòt jou, sa pap ajoute tout vwayaj yo ansanm. 

Ou kapab anrejistre kat OMNY ou an sou omny.info pou w ka wè konbyen w rete sou li, gade tout vwayaj ou fè yo, epi mete lajan pou w peye l otomatikman.

Ou toujou ap sèvi kat bis la? Pa gen pwoblèm.

Yo toujou aksepte kat bis yo nan tren yo ak sistèm bis lan. Ou ka achte yo nan stasyon oubyen nan machin ki vann yo. Si w pa souvan monte tren yo, ou ka mete lajan sou yon kat pou w peye pou chak vwayaj apa. Si w monte tren yo souvan, li tap miyò pou w pran yon kat pou 7 jou pou $34 oubyen youn ilimite pou 30 jou pou $132. Pou fen ane a, kat bis la pap ka itilize ankò, men pou kounye a ou ka sèvi avè l, e li mache trè byen.

Kèk lòt konsèy ankò

Gen kèk lòt ti bagay ki ka fè vwayaj ou ale pi byen epi menm edew sere lajan.

  • Timoun ki mwens ke 112 sentimèt ka pran tren an san peye lè yo avèk yon granmoun. 
  • Sèlman lè w ap monte tren an ou bezwen tape kat ou pou peye, se pa lè w ap desann.
  • Si wap transfere ale nan yon bis lokal, ni kat OMNY an avèk bis lan ap baw li gratis si w fè l anviwon dezèdtan premye fwa w te kat ou pou peye a.

Si w elijib, gen kèk pwogram ki bay rabè. Pwogram sa ki rele Fair Fares NYC ofri kat bis la mwatye pri bay moun ki pa rantre anpil lajan. Sa fè li depanse mwens lajan pou transpò. Granmoun (65 ak pi gran) ak moun ki gen difikilte ka aplike pou yon kat bis ki gen diskont sou sit sa Reduced-Fare MetroCard; pri yo desann a mwatye.

Ralph Thomassaint Joseph

Ralph Thomassaint Joseph is the Caribbean Communities Correspondent for Documented. He studied Law and Sociology in Haiti and holds a master’s degree in Digital Journalism from New York University.

@ralphthjo

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.