Sa pou w konnen sou fason pou w peye mwens kòb pou tren ak bis nan vil Nouyòk:
- Fair Fares NYC bay yon rabè 50% sou pri tikè tren ak kèk bis.
- Tout moun k ap viv nan vil Nouyòk ka aplike, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
- Ou ka fè aplikasyon an sou entènèt, epi y ap voye MetroCard la nan yon delè ki ka rive jiska 30 jou.
- Pou w kalifye, ou dwe gen ant 18 ak 64 lane, ap viv nan vil Nouyòk, epi revni w dwe respekte limit pwogram nan.
Atravè pwogram Fair Fares NYC a, abitan Nouyòk ki kalifye yo ka jwenn 50% rabè sou pri tikè tren ak kèk sèvis bis. Si w gen ant 18 ak 64 lane epi revni w rèspekte kondisyon pwogram nan, ou ka kalifye. Nenpòt moun k ap viv nan vil Nouyòk ka aplike, kèlkeswa estati imigrasyon l.
Fair Fares NYC ede moun nan Nouyòk ki gen revni fèb itilize transpò piblik a yon pri ki pi abòdab. Moun ki kalifye yo peye $1.50 olye $3 pou chak vwayaj nan tren, feri, ansanm ak bis lokal, bis ki fè mwens arè, oswa bis Select Bus Service yo. Moun ki itilize Access-A-Ride (yon sèvis pou moun k ap viv ak yon andikap ki anpeche yo sèvi ak transpò piblik nòmal ki aksesib) ka benefisye 50% rabè sou pri sèvis transpò adapte a.
Pou w kalifye pou Fair Fares NYC, ou dwe:
- Gen ant 18 ak 64 lane.
- Ap viv nan vil Nouyòk epi w pa deja ap resevwa yon MetroCard ak rabè atravè yon lòt pwogram.
- Gen yon revni fanmilyal ki rèspekte limit pwogram nan, selon kantite moun ki nan kay la.
Pa egzanp, yon moun k ap viv poukont li dwe touche pou pi plis $23,475 pa ane, tandiske yon fanmi ki gen kat moun ka kalifye si revni total yo pa depase $48,225 pa ane. Pou fanmi ki gen plis pase 8 moun, ajoute $8,520 nan limit revni an pou chak moun an plis. Yo pa mande estati imigrasyon w, epi yo pa pran li an konsiderasyon pandan pwosesis aplikasyon an.
| KONBYEN MOUN KI NAN FANMI AN | REVNI ANYÈL |
| 1 | 23,475 DOLA |
| 2 | 31,725 DOLA |
| 3 | 39,975 DOLA |
| 4 | 48,225 DOLA |
| 5 | 56,475 DOLA |
| 6 | 64,725 DOLA |
| 7 | 72,975 DOLA |
| 8 | 81,225 DOLA |
| POU CHAK MOUN ANPLIS | +8250 DOLA |
Limit revni sa yo aplike pou ane 2026 la epi yo ka chanje nan ane k ap vini yo.
Kijan pou w aplike pou Fair Fares
Ou gen de fason pou w aplike:
- Aplike sou entènèt: Ale sou sit Fair Fares NYC a epi suiv enstriksyon yo etap pa etap pou w voye aplikasyon w lan.
- Ale nan yon biwo Fair Fares NYC: Biwo yo louvri soti lendi pou rive vandredi, 8:30 a.m. rive 5:00 p.m. Ou ka jwenn adrès biwo yo sou sit entènèt Fair Fares la.
- Pou kesyon oswa pou jwenn asistans, rele 311.
Sa w ap bezwen pou w aplike pou Fair Fares
Prepare w pou w bay dokiman sa yo:
- Yon pyès idantite valab ki gen foto, tankou pèmi kondui, IDNYC, kat idantite eta a, oswa paspò.
- Prèv revni fanmi w, tankou dènye chèk travay ou, deklarasyon taks, oswa lèt ki montre benefis sosyal ou resevwa.
- Prèv ou abite nan vil Nouyòk, tankou yon fakti resan oswa yon lèt ofisyèl ki gen yon dat ki pa depase 90 jou.
Pou w voye dokiman yo, telechaje aplikasyon mobil ACCESS HRA a, kreye yon kont, epi telechaje dokiman w yo sou aplikasyon an. Si w pa kapab sèvi ak aplikasyon an, ale nan yon biwo Fair Fares NYC pou w jwenn asistans an pèsòn. Pou tout detay yo, al gade gid ofisyèl la sou dokiman Fair Fares la nan lyen sa a.

Biwo ki ofri asistans an pèsòn pou Fair Fares (Kredi: NYC.gov)
Apre w fin voye aplikasyon an, y ap egzamine l nan yon delè ki ka rive jiska 30 jou, epi w pa bezwen fè okenn entèvyou pou yo verifye si w kalifye. Ou ka tcheke estati aplikasyon w lan nenpòt ki lè sou nyc.gov/accessfairfares, epi w ap resevwa yon imèl lè yo pran yon desizyon.
Si yo apwouve aplikasyon w lan, rabè a ap valab pandan yon lane—apre sa, w ap bezwen renouvle l.
Ou deja ap itilize OMNY?
Fair Fares NYC mache ak OMNY, sistèm MTA a pou w peye transpò san kontak fizik la. Moun k ap resevwa Fair Fares yo dwe jwenn yon nouvo kat Fair Fares OMNY pou yo ka benefisye rabè a. Sinon, yo dwe kontinye itilize Fair Fares MetroCard yo deja genyen an. Si w itilize menm kat la oswa menm aparèy la 12 fwa nan 7 jou, tout lòt vwayaj ou fè apre sa ap gratis pou rès semèn nan. Rabè Fair Fares ou a, aplike otomatikman, sa ki fè deplasman yo pi fasil epi pi bon mache. Klike nan lyen sa a pou w jwenn plis enfòmasyon.
Ou pa kalifye pou rabè Fair Fares yo?
Ou ka toujou kalifye pou yon lòt pwogram ki bay rabè sou transpò. Si w gen pou pi piti 65 lane, oswa ou gen yon andikap ki kalifye, MTA Reduced-Fare Program ofri menm rabè 50% an. Ou ka aplike sou entènèt oswa ale nan yon Sant Sèvis Kliyantèl pou w jwenn asistans.