Sa mande anpil preparasyon ak materyèl ki ka koute chè lè w gen yon ti bebe. Vil Nouyòk gen anpil pwogram ki ka ede paran yo, tankou pwogram Bèso pou Fanmi ki nan Bezwen ak Pwogram Bwat ti bebe nan vil Nouyòk.
Fanmi ki akouche nan kat(4) lopital NYC Health yol (Kings County nan Brooklyn, Jacobi ak Lincoln nan Bronx, ak Elmhurst nan Queens) ap resevwa sa yo rele yon “bwat ti bebe” ki gen kouchèt ak lòt bagay esansyèl.
Fanmi ki bezwen bèso gratis ka rele 311 epi di “bèso pou timoun” pou yo jwenn èd.
Gid sa a bay lòt òganizasyon ki bay kouchèt/daypè ak materyèl pou tibebe gratis pou tout fanmi, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Kote pou w jwenn daypè ak materyèl tibebe gratis nan vil Nouyòk
Bronx free baby supplies (Pwodui pou tibebe gratis nan Bronx)
The Hopeline
Yo bay daypè gratis, pwodui ijyèn pou fanm, ak lòt materyèl pou fanmi ki pa gen gwo mwayen. Yo gen rad, jwèt, mèb, ak ekipman tankou pousèt. MOun ki vini anvan yo, se yo k ap resevwa an premye.
Pou w kalifye, ou dwe gen yon timoun ki poko gen 2 zan, ou dwe ap viv Nouyòk, epi resevwa benefis nan Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun (WIC) oswa Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP). Pou plis enfòmasyon sou kondisyon kalifikasyon yo epi pou w pran yon randevou, klike nan lyen sa.
- Adrès: 884 East 163rd St., Bronx, NY
- Telefòn: (718) 402-1212
Her Village, Inc.
Yo bay pwodui pou règ, daypè, ak lòt pwodui esansyèl pou ti bebe, pou fanmi ki nan nesesite sèlman sou randevou. Pou w kalifye, ou dwe gen difikilte finansye, ou dwe rete nan vil Nouyòk, epi ou dwe pran yon randevou. Pou w aprann plis, klike nan lyen sa.
- Adrès: 388 Canal Pl., Bronx, NY
Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil Nouyòk (DOHMH) – Sant Aksyon Sante Katye Tremont
Yo bay bèso ak chèz machin gratis pou fanmi ki nan bezwen. Fanmi yo kalifye pou yon chèz machin si yo ansent omwens 27 semèn epi yo patisipe nan yon fòmasyon sou sekirite ti bebe. Yo kalifye pou yon bèso si yo ansent oswa si yo gen yon tibebe ki gen 6 mwa oswa mwens. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak lòt resous ki disponib, klike nan lyen sa a. Ou dwe voye yon imèl pou w pran yon randevou pou w jwenn founiti gratis yo.
- Adrès: 1826 Arthur Avenue, Bronx, NY
- Imèl: BronxActionCenter@health.nyc.gov
- Telefòn: (347) 665-0213
Pwodui gratis pou tibebe nan Manhattan
Room to Grow (Espas pou grandi)
Yo bay paran sipò ak atik pou tibebe ak timoun piti pou paran ki aplike epi ki enskri nan pwogram yo a.
Pou w kalifye, ou dwe aplike pou pwogram fòmasyon ak sipò pou paran yo bay ki dire 3 zan. Yo ankouraje tout fanmi pou aplike kèlkeswa estati imigrasyon yo, sitiyasyon matrimonyal oswa relasyon yo. Pou kounye a, yo ofri pwogram nan an anglè ak an espanyòl. Pou plis enfòmasyon, klike nan lyen sa.
- Adrès: 7 W. 30th St., 3yèm etaj, Nouyòk, NY
- Telefòn: (212) 620-7800
Depatman Sante ak Ijyèn Mantal vil Nouyòk (DOHMH) – Sant Aksyon Sante Katye East Harlem
Yo bay bèso ak chèz machin gratis pou fanmi ki nan bezwen. Fanmi yo kalifye pou yon chèz machin si yo gen omwen 27 semèn ansent epi yo patisipe nan yon fòmasyon sou sekirite tibebe. Yo kalifye pou yon bèso si yo ansent kounye a oswa si yo gen yon tibebe ki gen 6 mwa oswa mwens. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak lòt resous ki disponib, klike nan lyen sa.
- Telefòn: (855) 789-8760
- Imèl: HarlemFWS@health.nyc.gov
- Adrès: 158 East 115th Street, Nouyòk, NY
Pwodui pou tibebe gratis nan Queens
Bank Daypè nan Queens
Pou w kalifye, ou dwe rete nan Queens, resevwa Medicaid, SNAP oswa WIC, epi w dwe gen timoun ki gen 4 lane oswa mwens. Pou plis enfòmasyon sou lòt kondisyon yo epi pou w pran yon randevou, klike nan lyen sa a.
- Adrès la nan Queens. Y ap devwale w kote a lè w konfime yon randevou.
- Telefòn: (646) 619-6400
Pwodui pou tibebe gratis nan Brooklyn
Life of Hope
Yo bay atik pou tibebe, pwogram sante ak byennèt, ak aksè a yon gadmanje. Yo akeyi tout moun ki nan bezwen, kèlkeswa laj yo oswa sitiyasyon imigrasyon yo. Pou plis enfòmasyon sou sèvis yo ofri yo, klike nan lyen sa a.
- Adrès: 4123 Avenue D, Brooklyn, NY
- Telefòn: (718) 362-3161
Legliz Kominotè Next Step la
Li bay fòmil, daypè, rad, ak lòt bagay esansyèl pou paran ki ansent oswa ki gen tibebe ki poko gen yon lane. Sou randevou sèlman. Sèvi ak paj Konekte a pou w voye yon mesaj pou di w bezwen founiti gratis pou tibebe.
- Adrès: 360 Schermerhorn St., Brooklyn, NY
- Telefòn: (718) 875-1858
Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil Nouyòk (DOHMH) – Sant Aksyon Sante Katye Brownsville
Yo bay bèso ak chèz machin gratis pou fanmi ki nan bezwen. Fanmi yo kalifye pou yon chèz machin si yo ansent omwen 27 semèn epi yo patisipe nan yon fòmasyon sekirite. Yo kalifye pou yon bèso si yo ansent kounye a oswa si yo gen yon tibebe ki gen 6 mwa oswa mwens. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak lòt resous ki disponib, klike nan lyen sa a.
- Adrès: 259 Bristol Street, Brooklyn, NY
- Telefòn: 718-342-0060 ekstansyon 1162/6852
