fbpx Direktè EminiFX la, Eddy Alexandre, plede koupab pou fwod - Documented - Documented
 

Eddy Alexandre te pwomèt yon jenerasyon milyonè

Plis pase 62 mil moun pèdi plizyè santèn milyon dola nan yon platfòm lajan kripto Eddy Alexandre te kreye. Malgre sa, plizyè moun nan kominote Ayisyen ki Etazini toujou ap sipòte li.

Read in English: Eddy Alexandre Promised a Generation of Millionaires

Samdi 8 avril 2023, Eddy Alexandre rantre nan pòt legliz Advantis Maranata a ki Jamaica, nan Queens. Li genyen sou li yon kostim ble, yon chemiz blan, epi yon brezo ki gen anpil varyasyon koulè. 

Ak linèt li nan je l, li salye jantiman plizyè moun pandan l ap pase nan koulwa goch legliz la pou l chita poukont li. Pandan asanble a te ajenou pou lapriyè, Eddy kanpe, epi li t ap souri detanzantan. 

Eddy Alexandre pa sanble yon moun ki sou siveyans elektwonik epi k ap tann yon santans ki kapab fè li pase pou pi plis, 10 lane nan prizon. 

Anpil manm legliz la pa rekonèt li sèlman paske li se yon ansyen. Men, yo konnen l tou akoz biznis li, EminiFX li t ap jere. Sa gen anviwon yon lane edmi, nan mwa septanm 2021, pandan li Nouyòk, li kreye yon platfòm lajan kripto ak tranzaksyon lajan etranje ki te pwomèt pou kreye yon nouvo jenerasyon milyonè. 

Tout bèl pwomès ak fason li pale te fè plis pase 62 mil moun envesti lajan, sa ki te bay EminiFX anviwon 250 milyon dola envestisman. Moun sa yo te menm jan ak Phucien Baptiste, ki pat janm rankontre ak Eddy, men, li te kwè nan gwo benefis li te pwomèt sou manman lajan an, epi, tout konneksyon li genyen an Ayiti ak nan divès kominote Ayisyen ki Etazini. 

Madanm Phucien te rekonèt kèk moun nan antouraj Eddy, se konsa li konvenk mari l pou l voye je gade platfòm envestisman dijital la. “Prezantasyon Eddy yo te tèlman byen fèt,” ansyen envestigatè lapolis la k ap viv nan eta Georgia di :“Eddy ba w enpresyon se nan yon inivèsite w chita ap aprann. Pa gen yon moun ki enterese nan fè lajan ki pa t ap envesti nan EminiFX”.

Apre prezantasyon Eddy yo te fin chame l, fason li pale byen, epi akoz Eddy se kretyen, Phucien te deside mete 20 mil dola ameriken yon premye fwa nan EminiFX. Apre sa, li di li mete 5 mil sou li, epi madanm li te envesti 2 mil dola. Li te espere jwenn yon benefis ki ant 240 pousan ak 478 pousan. Ak lajan li te envesti a ak tout pwofi li t ap bay yo, li te gen plan pou l achte yon kay, epi peye taks li Etazini. 

Men, menm jan ak yon pakèt lòt moun, li pa janm wè lajan sa a ankò. 

Jou ki te 12 me 2021 a, FBI arete Eddy Alexandre ki genyen 51 lane, akoz li fè fwod sou pwodui ak fwod elektwonik atravè platfòm lajan kripto ak tranzaksyon sou lajan etranje li te kreye a. 

Daprè Damian Williams, ki se komisè gouvènman distri Sid Nouyòk la, “Eddy Alexandre ta envesti yon ti kras nan lajan [envestisè] yo -kote l pèdi pifò ladan l- epi li transfere pifò ladan l sou kont pèsonèl li pou l peye bagay ki chè pou tèt li”. 

Eddy plede koupab jou ki te 10 fevriye a pou youn nan akizasyon sou frod li fè sou pwodui yo. Li admèt li pat devwale manm EminiFX ak moun ki te anvi vin manm EminiFX yo, kèk nan fonksyonalite tranzaksyon sou kripto ak lajan etranje yo pat mache totalman. Li rekonèt, enfòmasyon sa yo li pat bay yo, te enpòtan pou envestisè yo te konnen si yo dwe envesti nan EminiFX. 

“Mwen rekonèt sa a te twonpe moun yo, e mwen an tò.” se sa li di jij John P. Cronan nan yon odisyon nan tribinal Nouyòk nan mwa fevriye. “Se  mwen sèlman ki te responsab pou pran desizyon nan EminiFX sou sa ki konsène fonksyonalite tranzaksyon yo”. 

Eddy Alexandre aksepte pou l peye yon amann 250 milyon dola epi remèt yon kantite lajan tribinal la pral genyen pou l deside. Akoz li plede koupab, Eddy Alexandre, ki pa yon sitwayen ameriken daprè dokiman tribinal yo, ap riske yon pèn maksimòm 10 ane nan prizon. Si li pa t plede koupab, li t ap ale nan pwosè, kote santans maksimòm nan t ap 30 ane nan prizon. 

Malgre li plede koupab, anpil moun nan kominote Ayisyen k ap viv Etazini yo, gen divès opinyon sou li. 

Plizyè fwa Eddy Alexandre ale nan tribinal, plizyè dizèn Asyisyen te deplase pou al sipòte l. Gen ladan yo ki ale ak pankat epi mayo ki gen imaj li enprime sou yo, epi ki ekri “Nou sipòte Direktè nou an”. Manm EminiFX ki pwòch Eddy toujou ap òganize reyinyon, kote y ap di envestisè yo, si li plede koupab, se paske li renmen pèp li a anpil. 

Gen yon petisyon ki lanse sou platfòm Change.org nan dat 11 me 2022, ki genyen plis pase 15 mil siyati. Petisyon sa a di, Eddy Alexandre pat bay manti nan prezantasyon li yo, ni tou, li pa t twonpe manm yo. “Nou menm manm/envestisè, n ap mande tribinal la pou l pwoteje lajan nou yo, pou l kite EminiFX ouvè, epi, pou l abandone akizasyon ki genyen kont Eddy Alexandre yo”. Se sa yo deklare nan petisyon an, paske akizasyon yo pa reflete sa yo viv kòm eksperyans dapre moun ki siyen yo. 

Men, avoka J. Wil Morris ki nan kabinè Morris Legal LLC ki Miyami nan eta Florid fè Documented konnen, li menm ak avoka Ralph Stanley François ap ransanble anviwon 75 viktim pou pote yon plent kolektif kont Eddy Alexandre, pou pita premye me 2023. 

“Yo twonpe moun sa yo”, Wil Morris di. “Gen yon seri pastè ak moun k ap preche levanjil ki te konnen se te yon magouy, malgre sa, yo konvenk moun yo pou yo envesti. Yo abize konfyans moun sa yo. Yo pwofite de vilnerabilite yo, yo pran lajan an, yo pati, yo al byen jwi lavi yo. Moun sa yo dwe rann kont sou sa k pase a”. 

Yon platfòm plizyè milyon dola

Nenpòt moun ki te vle antre nan EminiFX te kapab depoze lajan nan youn nan 2 kont labank Eddy Alexandre te bay yo. Lè envestisè a voye prèv kote li depoze lajan an bay Eddy Alexandre oubyen youn nan asosye l yo, li gen aksè ak yon kont pèsonèl sou platfòm EminiFX la. 

Li te fasil pou yon moun depoze lajan ak chèk, transfè ak tranzaksyon dijital. Men, yon envestisè ki vle retire lajan l lan anvan senk mwa, EminiFX te enpoze l yon frè ki reprezante 15% lajan l lan. Documented te pale ak kèk envestisè ki eksplike yo te pa t rive retire nan lajan yo, paske pwosesis la te konplike anpil. Yo te jis kite lajan an la, kote yo te konn ap konstate benefis k ap monte chak jedi lè EminiFX fè mizajou yo. 

Marc Pirrus, yon envestisè k ap viv Florida, epi ki satisfè ak envestisman l lan deklare: “Kijan pou l ta yon magouy si chak semèn nou te konn ap wè benefis ap ogmante sou kont nou, menm apre yo fin arete Eddy?”

Joseph Lorfils ki se yon pwofesyonèl nan terapi respiratwa k ap viv Florida di li t ap travay nan Sant Medikal Albany a, ki nan eta Nouyòk lè yon zanmi l te ankouraje l envesti nan EminiFX. Jou ki te 2 fevriye 2022 a, li depoze 155 mil dola a pati kont labank li. Lorfils fè konnen, menm yon santim li pat retire sou kont EminiFX li a, ki te konn jenere pafwa 74 mil dola pwofi nan yon semèn. Li te fini pa envesti 250 mil dola nan EminiFX. 

“Premye semèn nan, mwen wè chif yo monte tout bon vre sou kont lan. Se pou sa, semèn ki vini apre a, m te deside envesti plis lajan”. Se sa Lorfils deklare. Jodi a, li wè reyalite a yon lòt fason, se pou sa li di “Sa Eddy Alexandre fè a, se yon krim. Mwen wont di moun mwen pèdi lajan m nan bagay sa a.”

Magalie Philantrope ki se yon pwofesyonèl nan terapi respiratwa k ap travay nan lopital Harlem nan rakonte kijan reyinyon sou entènèt Eddy Alexandre te konn òganize yo, se te plis divètisman. Li di, “te gen yon blan ki te konn kòmanse reyinyon yo. Pafwa, li chante pou l amize nou, epi li prezante EminiFX tankou yon bilten meteyo. Li pa t pwofesyonèl ditou. Okenn moun pa t konprann sa l te konn ap di yo. Se lè sa a m panse, EminiFX pa t serye”. 

Ta sanble, blan Magalie ap pale a, se Joseph J. Lalicata, ki idantifye tèt li sou kont LinkedIn li an anglè kòm yon  pwofesyonèl “Third Risk/Information Security Assesment” ki te travay nan HBO, menm konpayi kote Eddy Alexandre te travay la. Nou te kontakte Lalicata, li te refize fè kòmantè nan repòtaj sa a. 

Magalie Philantrope di, anvan li te vin doute sou EminiFX, li te envesti 20 mil dola nan mwens pase 2 mwa anvan lajistis te arete Eddy Alexandre. Magalie fè konnen, genyen anpil Ayisyen k ap travay nan sistèm sante Etazini an, menm jan avèk li, ki viktim anba men Eddy Alexandre. Nan plent lajistis la, ajan FBI Joseph Strawman di ta sanble “sèl fason EminiFX ta kapab alimante retrè lajan envestisè yo, se ak lajan nouvo envestisè yo mete.”

Daprè kèk envestisè Documented kontakte, te vin gen yon kote, Eddy Alexandre te di yo labank te bloke tranzaksyon l yo. Men, li jwenn yon fason pou l fè moun kontinye envesti lajan nan EminiFX. Li te mande yo, pou yo achte kripto. 

Phucien Baptiste di, “Lè sa a, li te vin pi fasil. Nenpòt moun te kapab transfere lajan a pati kont kripto yo, epi, okenn moun pa t ap kapab wè  operasyon Eddy t ap fè yo. Men, nou te gen yon seri frè adisyonèl nou te dwe peye pou n konvèti lajan n yo an kripto.” 

Plizyè envestisè Documented kontakte fè konnen, Eddy Alexandre fè anpil moun nan kominote Ayisyen an envesti, poutan yo pat gen okenn konesans sou sa ki kripto a. Malgre envestisè yo te konn obsève lajan yo ap gwosi sou kont yo, okenn nan sa Documented fè entèvyou ak yo, pa t kapab eksplike kijan EminiFX t ap   fè benefis sou  lajan envestisman yo a. 

Biwo komisè gouvènman distri Sid Nouyòk la eksplike, envestisè yo te kwè platfòm nan t ap fè  lajan sou envestisman kripto yo, gras ak yon teknoloji ki rele an anglè “Robo-Assisted Advisor Account”, yon teknoloji sekrè Eddy Alexandre te di li pa t kapab revele. Finalman, li t ap admèt se te yon strateji maketing li te itilize pou twonpe moun yo. 

Nan premye rapò l ki pibliye 20 jiyè 2022 a,  jesyonè piblik tribinal Nouyòk la David A. Castleman revele malgre te gen plis pase 180 milyon dola envestisè yo te depoze an kripto sou kont EminiFX la, li pat kapab jwenn okenn kote, yon teknoloji k ap fè platfòm nan fè pwofi. 

Gid spirityèl ak ajan maketing

Nan plizyè videyo ki pibliye sou rezo sosyal yo, nou wè Eddy Alexandre k ap preche nan legliz, l ap anime konferans nan plizyè legliz ki Tekzas, Florida ak Nouyòk. Yon kòlèg pastè l ki rele William Jean Charles, ki te ale nan menm lekòl segondè ak li an Ayiti, dekri Eddy tankou yon “entèlektyèl rafine” pandan yon prezantasyon nan yon legliz Advantis nan vil Houston, nan eta Tekzas. 

Kèk manm legliz advantis nou kontakte ki te envesti nan EminiFX rakonte, apre Eddy Alexandre rive Etazini an 1998, li benefisye rapidman koneksyon papa l te genyen Etazini yo. Papa l se te yon pastè advantis. “Li [Eddy] te konn preche nan maten, epi, nan aprèmidi, li te konn anime seminè sou EminiFX”. Se sa yon envestisè, ki se manm administrasyon legliz advantis nan Nouyòk deklare. Li di li te envesti 80 mil dola, e, li pat vle non l site nan atik sa a. 

Jiska 15 avril 2023 a, nou wè Eddy Alexandre kontinye ap preche nan legliz Advantis Maranatha ki nan Queens, Nouyòk, kote li gen grad ansyen. Documented te rankontre ak pastè prensipal legliz sa a ki se Smith Olivier, li refize kòmante sou EminiFX. 

Plizyè sous fè konnen, pandan Eddy Alexandre t ap viv Nouyòk, li lanse platfòm EminiFX a pati yon klèb envestisè li te genyen sou Whatsapp, gwoup sa a te genyen plizyè santèn manm. Eddy te rive rale anpil envestisè gras ak yon strateji maketin plizyè nivo kote yon moun ki mennen nouvo envestisè ap genyen otomatikman 5 pousan nan lajan envestisè a, ak 5 pousan  sou benefis li fè yo. EminiFX pat anrejistre legalman nan CFTC (Commodity Futures Trading Commission) jan lalwa mande sa a. Nan yon plent li depoze nan mwa me 2022, CFTC fè konnen, Eddy te deklare li an fayit 2 fwa, an 2017 ak an 2019. 

Eddy te pran anpil moun pou envesti nan yon gwoup WhatsApp ki rasanble plizyè manm enpòtan elit Ayisyen an. Gwoup sa a Documented gen aksè ak li, genyen plis pase 120 manm, pami yo, yon manm kabinè premye minis Ariel Henry.

Yon jenerasyon milyonè

Daprè CFTC, Eddy Alexandre pèdi plis pase 6 milyon dola nan pati lajan li envesti a. Apre sa, li detounen 14.7 milyon dola pou mete sou kont pèsonèl li. Ak lajan envestisè yo, li achte yon BMW ki koute 155 mil dola, epi, li achte 46 kay lajistis te sezi ak 2 lòt kay nan Long Island, Nouyòk. Pou sa yo, li peye yon moun 10 mil dola sou chak miz, epi  li depoze plis pase 2.5 milyon dola kòm premye vèsman. Daprè rapò jesyonè piblik tribinal Nouyòk mete sou EminiFX la, 48 kay Eddy te achte yo te vo 24, 254, 525 dola. 

CFTC di, Eddy Alexandre itilize lajan envestisè yo pou l depanse nan otèl byen ak rad byen chè, ak seyans terapi fizik. Li itilize lajan an tou pou  “lwe ak meble biwo EminiFX ak pou l òganize gala nan non EMiniFX.” biwo EminiFX la te nan 31 W, 34Th St., nan Nouyòk kote w te kapab gade  Emipre State Building lan prèske anfas li. Daprè rapò jesyonè piblik tribinal Nouyòk mete sou EminiFX la, lwaye biwo EminiFX la te koute plis pase 100 mil dola pa mwa.

Eddy te itilize lajan envestisè yo tou pou l bay òganizasyon tankou Voices for Haiti. Li te bay 15 mil dola. Kèk sous enfòme Documented, Eddy te achte 2 mèsedès pou l bay moun ki mete plis envestisè nan EminiFX. 

“Nou twò entèlijan”

Gen yon kont YouTube ki rele “Life Changing Club” ki kreye nan mwa Out 2022 pou l fè pwomosyon Eddy Alexandre ak EminiFX. Jou ki te 23 Out 2022 a, kont sa a reposte yon videyo reyinyon EminiFX ak envestisè yo. Nan deskripsyon videyo a yo ekri an kreyòl poukisa Leta ameriken kenbe lajan yo: “Yo wè nou twò entèlijan, nou ta pral milyonè twò vit. Se sa k fè yo kenbe kòb nou an.”

Pami moun ki pale nan videyo sa a, genyen pastè advantis John Edvard Maisonneuve ak madanm li Sohia D. Maisonneuve ki nan legliz advantis Bethlehem ki nan pennsylvania. Nou te wè imaj pastè John Edvard Maisonneuve ki te akonpaye Eddy Alexandre lè l t ap kite tribinal la nan Nouyòk jou ki te 11 mas la. Documented wè pastè a k ap adore nan legliz Maranata a nan Queens, ak Eddy Alexandre. Pastè Maisonneuve ak madanm li pa aksepte kòmante sou EminiFX.

Nan yon reyinyon ki te fèt sou Zoom jou ki te 7 mas la, te genyen plis pase 300 moun ki t ap tande pandan plis pase inèd tan, yon gwoup moun ki te prezante tèt yo kòm “envestisè lwayal EminiFX.” Nan reyinyon sa a, yo fè anpil lwaj pou Eddy, epi yo pale pou yo konvenk patisipan yo Eddy plede koupab, paske li vle yo jwenn lajan yo a. “Jeni sa a ap rete nan kominote nou an. Se pou sa a n ap goumen kont tout malen ki vle retire l pami nou”, se sa a Ricardo Estime, yon predikatè ak koutye kay k ap viv Pennsilvani di nan reyinyon Zoom nan. 

Apre Eddy Alexandre fin plede koupab la, gen yon ansyen avoka ki pèdi lisans li ki rele Emmanuel Roy, ki ap fè pledwaye pou viktim EminiFX yo. Jou ki te 26 fevriye a, li te envite kèk ladan yo nan yon reyinyon sou zoom ak 2 avoka nan eta Florid ki se Ralph Stanley François ak J. Wil Morris. Yo t ap ankouraje envestisè yo pou yo pote yon plent an gwoup rapidman. Pou sa, chak envestisè ap peye avoka yo 1000 dola. Avoka yo di, y ap pran 30 pousan sou lajan viktim ki pote plent yo jwenn gras ak pwosè a. Yo di envestisè yo, gen yon tribinal Nouyòk ki pibliye yon òdonans ki ba yo yon delè 3 mwa pou yo fè sa. 

Poutan, sou sit jesyonè piblik tribinal la mete sou EminiFX la, nou kapab li: “Jesyonè piblik la (Receiver an anglè) pa remèt okenn manm EminiFX lajan. Li poko tabli yon plan distribisyon pou dosye sa a, ni tou, li pa mande tribinal la pou apwouve okenn distribisyon. Kèlkeswa enfòmasyon ou ta resevwa ki ta di yon bagay ki kontrè, ni enfòmasyon ki di gen yon swadizan pwosedi 90 jou, yo pa kòrèk”. 

Gen yon lòt petisyon ki rasanble 1300 siyati envestisè EminiFX ki denonse Emmanuel Roy. 

Nan yon temwanyaj ki disponib sou Fesbouk, Eddy Alexandre detaye pou manm legliz li yo kijan Bondje fè yon “mirak” pou “delivre l”  nan prizon an. Li di li te fè yon kontra ak Bondje kote li te mande l wetire l nan prizon an si li inosan. An reyalite, Eddy Alexandre te libere apre li te bay tribinal la yon kosyon 3 milyon dola senk moun te garanti ak twa pwopriyete. 

Pandan Eddy se sèl moun ki nan pwosè nan dosye EminiFX la, gen plizyè lòt moun ki te toujou parèt pou fè pwomosyon biznis lan. Dokiman lajistis yo revele EminiFX te anplwaye plis pase 40 moun. Matthew S. Edelstein ki se yon envestigatè ki te travay pou CFTC deklare “ta sanble lajan envestisè EMiniFX yo ta al jwenn fanmi Eddy Alexandre ak asosye l yo.” Li souliye nan rapò li a, Eddy Alexandre voye pou pi piti 200 000 dola pou yon envestisè. Nan premye rapò jesyonè piblik tribinal Nouyòk mete sou EminiFX la, Castleman, revele madanm Eddy se te Ofisye Finansye an Chèf EminiFX. 

Sè Eddy Alexandre la, Lydie Bastien, se te youn nan moun Eddy te konn mete devan pou montre envestisè yo kijan yo kapab vin rich. Documented eseye plizyè fwa jwenn Lydie Alexandre, men, li refize kòmante. Pou atik sa a, Documented kontakte plizyè fwa, Eddy Alexandre, avoka li, Emi Bove, sè li Lydie Alexandre Bastien. Yo tout refize kòmante. 

Eddy retounen legliz advantis Maranatha ki nan Queens jou ki te 15 avril la. Jou sa  li te genyen yon kostim nwa, yon chemiz blanch, yon brezo nwa. Li kanpe sou chè a pou revize leson semèn nan ak asanble a, epi, li prezante  “lekti ekriti yo.” Li te chwazi pou l li “Parabòl mouton ki te pèdi a” nan levanjil sen Lik. 

Li li pasaj yo an fransè, “Apre sa, li rele zanmi l yo, li di: vin fete avè m, mwen jwenn mouton m te pèdi a. Ap gen plis lajwa nan syèl la pou yon pechè ki repanti olye pou 99 moun dwat ki pa bezwen repanti.”

Envestisè EminiFX yo ki bezwen enfòmasyon sou dosye yo dwe ale sou sit jensyonè piblik tribinal la mete a (Receiver an anglè). Y ap jwenn plis enfòmasyon sou https://www.eminifxreceivership.com epi yo dwe voye tout kesyon yo genyen bay  EminiFXInquiries@Stretto.com

SEE MORE STORIES
Early Arrival Newsletter
Receive a roundup of all immigration news, and the latest policy news, in New York, nationwide, and from Washington, in your inbox 3x per week.
info@documentedny.com
Documented Advertising
Solutions
pitches@documentedny.com