Èske gouvènman an peye pou yon pati oswa tout depans lòjman w yo?
Si w ap viv nan yon kay ki gen imigran ki gen plizyè estati diferan, gouvènman an pwopoze yon règ ki ka fè w pèdi sipò sa a. Men, yo poko deside sou sa. Kèlkeswa estati imigrasyon w, ou ka di gouvènman an sa w panse de pwopozisyon sa a.
Nan dat 20 fevriye 2026, Depatman Lòjman ak Devlòpman Vil la (HUD) pwopoze yon règ ki ka egzije pou chak manm yon fanmi bay prèv sitwayènte oswa estati imigrasyon kalifye pou yo ka rete nan lòjman HUD finanse a.
Yo pwopoze règ sa a ki se premye etap nan pwosesis pou l vin yon lwa.
Anpil militan k ap defann kòz dwa moun avèti si yo aplike règ sa a, l ap pratikman anpeche fanmi ki gen plizyè estati imigrasyon jwenn aksè a asistans lòjman sosyal. Dapre règ yo pwopoze a, kay ki gen moun ki gen diferan estati imigrasyon ap resevwa asistans piblik redui pandan 30 jou anvan yo pèdi l nèt.
Kit ou dakò oswa ou pa dakò ak règ sa a, ou gen dwa voye avi w bay gouvènman federal la pou w di sa w panse.
Gid sa a bay yon eksplikasyon jeneral sou kijan pwosesis pwopozisyon règ mache anba lwa yo rele Administrative Procedure Act (APA), epi kijan ou ka pataje opinyon w pou w sipòte oswa kanpe kont lwa HUD pwopoze a.
Kisa lwa sou pwosedi administratif la ye (APA)?
Lwa sou pwosedi administratif la (APA) se yon lwa federal ki di kijan ajans federal yo kominike ak piblik la. Li bay konsèy sou kijan ajans sa yo rezoud pwoblèm legal epi fè règleman ki gen enpak sou piblik la. Ajans federal sa yo revize epi fè chanjman nan règleman ki deja egziste yo atravè yon pwosesis yo rele rule-making (kreyasyon règleman).
Pwosesis sa a egzije pou ajans yo pataje pwopozisyon lwa yo nan rejis federal la, ki se kote gouvènman federal la enfòme piblik la sou nenpòt chanjman nan règleman federal yo. Ajans yo dwe bay piblik la 30 a 60 jou pou l fè kòmantè sou règ yo pwopoze a. Apre sa, ajans lan konsidere fidbak yo epi pibliye règ final la.
Lè li fin pibliye, règleman sa a vin tounen lwa epi li chanje fason ajans lan fonksyone.
Kijan pou w soumèt yon kòmantè sou yon pwopozisyon règ
Nenpòt moun, kèlkeswa estati imigrasyon yo, ka soumèt yon kòmantè an favè oswa kont règ ki pwopoze yo. Kòmantè w la ap vin yon pati nan yon dosye piblik epi l ap vizib pou ajans k ap konsidere règ la ak pou piblik la an jeneral. Pou w soumèt yon kòmantè sou règ HUD la, ou ka klike nan lyen sa a. Ou dwe mete adrès imel ou pou w kite yon kòmantè.
Peryòd pou w bay avi ak kòmantè sou règ HUD yo pwopoze a ap fini 21 avril 2026, sa vle di yo dwe resevwa tout opinyon avan dat sa a. Apre sa, HUD ap pran an konsiderasyon tout kòmantè yo anvan yo pibliye règ final la.