Lè w fè yon demann imigrasyon nan USCIS, li konn parèt konplike, epi li ka pran anpil tan. Kit w ap aplike pou yon pèmi travay, azil, oswa yon lòt benefis, ou pral oblije tann jiskaske USCIS pran yon desizyon sou dosye w la. Gen zouti ofisyèl ki ka montre w anviwon konbyen tan w pral bezwen tann.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Desanm 2025.
Kijan pou w jwenn nimewo konfimasyon dosye w nan USCIS
Lè w fin soumèt yon aplikasyon nan USCIS, w ap resevwa yon fòm ki rele I-797C, Notice of Action, yo konn rele l tou “receipt notice” ki vle di lèt konfimasyon. An jeneral, yo voye li ba ou pa lapòs kèk semèn apre ou fin soumèt aplikasyon an.
Men yon modèl lèt konfimasyon an:

Sous: sit ofisyèl USCIS.gov
Lèt konfimasyon an gen enfòmasyon enpòtan sou aplikasyon ou te soumèt la, tankou ki kalite fòm ou ranpli, dat yo resevwa li, nimewo dosye w, ak nimewo A ou.
Kijan pou w verifye avansman dosye w ak USCIS
Lè w resevwa lèt konfimasyon an, ou ka sèvi ale sou sit USCIS la pou w tcheke avansman dosye w la epi wè nan ki etap li rive. W ap bezwen bay nimewo resi w, non fòm ou te ranpli a, dat ou te voye li, yon adrès imèl, epi nimewo A w la, si ou genyen youn.
Si w pa kapab jwenn nimewo resi w la, ou ka rele USCIS nan 800-375-5283.
Apre sa, ou ka sèvi ak opsyon ki sou sit USCIS la ki montre konbyen tan tretman dosye tankou pa w la konn pran. Sistèm nan ap mande kalite fòm nan ak non sant tretman ki responsab dosye w la. Enfòmasyon sa yo sou papye konfimasyon an.
Lè w antre enfòmasyon yo, w ap wè konbyen tan yo konn pran pou fin trete dosye tankou pa w la.
Ou ka gade tou tablo ki montre w istorik peryòd tretman dosye nan ane pase yo pou w wè konbyen tan USCIS te pran pou l trete lòt aplikasyon oswa petisyon tankou pa w la.
Si dosye mwen an pran twòp tan, kilè mwen ka voye yon rekèt asistans?
Si dosye w la pran plis tan pase peryòd jeneral pwosesis la, yo pral mande w antre dat yo te resevwa dosye w la, apre sa klike sou “get inquiry date” ki vle di “jwenn dat suivi a” pou w konnen kilè w ka fè suivi sou dosye w la. Dat suivi a se lè w ka kontakte USCIS pou w mande enfòmasyon sou reta dosye w la. Yon egzanp pwosesis sa a anba la a.

Sous: sit ofisyèl USCIS.gov/processing-times/
Apre ou fin fè etap sa yo, ou pral konprann pi byen nan ki faz dosye w la ye.
USCIS gen plizyè opsyon pou w fè yon rekèt swuvi si aplikasyon w lan anreta. Ou kapab:
- Verifye avansman dosye w la si li depase periòd jeneral la
- Soumèt yon rekèt suivi si w pa resevwa okenn avi pa lapòs
- Fè konnen ou pa resevwa kat oswa dokiman ofisyèl yo te voye pa lapòs, si yo te voye l men w pa janm resevwa l
Mwayen sa yo fèt pou bay enfòmasyon ak sipò lè gen reta. Men si pwoblèm yo kontinye, ou ka mande èd nan biwo reprezantan w nan kongrè a pou yo edew akselere dosye w la. Ou ka chèche konnen kiyès ki reprezante w nan lyen sa a.
Lè ou fin konfime kiyès depite ki reprezante w la ye, ou ka vizite sit entènèt li pou plis enfòmasyon sou kijan li ka ede w fè suivi ak USCIS. Paj sa a se yon egzanp sèvis asistans federal pou yon moun k ap viv nan distri Alexandria Ocasio-Cortez.
