Mwa Eritaj Karayibeyen 2025: Evènman ak Selebrasyon nan Vil Nouyòk

Soti nan parad ak festival pou rive nan panèl diskisyon ak pèfòmans, men kèk nan pi bon fason ou ka selebre Mwa Eritaj Karayibeyen nan Vil Nouyòk.

A masquerader at the 2024 West Indian Day Parade in Brooklyn. Photo: Ralph Thomassaint for Documented.

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Mwa jen se Mwa Eritaj Karayibeyen yo. Se yon selebrasyon nasyonal ki rekonèt istwa rich, kilti ak kontribisyon Karayibeyen yo Etazini. Mwa sa a ki te etabli ofisyèlman nan yon pwoklamasyon prezidansyèl an 2006, onore plizyè jenerasyon imigran Karayibeyen ki kontribiye nan peyizaj sosyal, kiltirèl ak ekonomik Etazini.

Vil Nouyòk, ki se vil ki gen pi gwo popilasyon Karayibeyen nan peyi a, jwe yon wòl santral nan selebrasyon yo. Plis pase yon milyon abitan Nouyòk gen rasin yo nan Karayib la, ak kominote ki soti nan peyi Jamayik, Trinidad ak Tobago, Ayiti, Sendomeng, Grenada, Babad ak anpil lòt ankò. Soti nan Flatbush nan Brooklyn pou rive nan Little Guyana nan Queens, son, kizin ak tradisyon zile yo byen melanje nan mozayik vil Nouyòk.

Pandan tout mwa jen an, kominote ak òganizasyon atravè Nouyòk ap òganize plizyè evènman pou komemore Mwa Eritaj Karayibeyen an. Soti nan prezantasyon kiltirèl, rive nan lekti pwezi, festival mizik, diskisyon panèl, ak seremoni pou onore moun enpòtan. Men kèk evènman ou pa dwe rate ki selebre kreyativite, rezistans, ak enfliyans mondyal Karayibeyen yo.

Ekspozisyon Kiltirèl Karayibeyen

Vinn enjòy mizik, manje ak atizay Karayibeyen — epi petèt menm genyen pwochen vakans ou! Ekspozisyon an mete aksan sou richès kiltirèl rejyon an.

Ki Kote: The Westin New York nan Times Square, 270 W. 43rd St, New York, New York 10036               

Ki dat: Jedi 5 jen
A ki lè: 4–8 p.m.
Admisyon: Tikè yo koute $33.85 pa tèt. Rezève plas ou nan lyen sa a 

Powèt Karayibeyen yo

Mete w alèz pou yon sware pwezi ak kont k ap prezante powèt ki soti nan Karayib la ak vwa dyaspora a. Evènman sa a selebre pouvwa lang, memwa ak idantite, epi envite tout moun pou konekte youn ak lòt atravè pawòl. 

Konsèy enpòtan: Si w poko gen 18 an, ou dwe ale ak yon paran oswa yon gadyen legal.

Ki kote: Flatbush Central Caribbean Marketplace x Mangrove FC, 2123 Caton Avenue, 

Brooklyn, NY 11226

Ki dat: Samdi 7 jen

A ki lè: 5 – 8 p.m. Pòt yo ouvri a 4:30 p.m.

Admisyon: Tikè yo koute $23.18 pa tèt. Rezève plas ou nan lyen sa a

Seri Komedi Karayibeyen Nouyòk

Ennjòy yon sware griyen dan nan espektak stand-up sa a k ap prezante komedyen Karayibeyen tankou Diego, Joe Show, Blakka Ellis, ak Haitian V. Animatè sware a se Marcus B Ent ak David Branche. Espektak sa a pwomèt pou l pote komedi premye klas ak anpil divètisman pou selebre imè Karayibeyen an.

Ki kote: 275 Park Ave, Brooklyn, NY 11205

Ki dat: Samdi 7 jen

A ki lè: 7 p.m. – 2 a.m.

Admisyon: Tikè yo koute $55.20 pa tèt. Rezève plas ou nan lyen sa a 

Al gade yon pwojeksyon fim “The Big Drum, From Carriacou to Bklyn”

JouvayFest Collective, BUSH WO/MAN Conversations Project, 2J & Friends, ak Prospect Park Alliance, ap tann ou nan yon pwogram k ap onore fim Big Drum Festival of Carriacou, yon tradisyon kiltirèl ki anrasinen nan eritaj Afriken an. Anplis pwojeksyon fim nan, ap gen yon espektak dans ak Princess Noel ak twoup The Drum Nation Dance NY — epi pare w pou danse paske y ap ankouraje patisipasyon odyans lan.

Ki kote: Lefferts Historic House, 452 Flatbush Ave, Brooklyn, NY 11225

Ki dat: Dimanch 8 jen

A ki lè: 2 – 6 p.m.

Admisyon: Gratis. Rezève plas ou nan lyen sa a 

Festival Caribbean Cultura 

Anpil chalè nan block party Karayibeyen sa a k ap selebre kilti, manje, mòd ak mizik. Enjòy plis pase 20 machann, DJ live, dans ak kizin otantik ki soti toupatou nan Karayib la. 

Konsèy enpòtan: Ti antrepiz yo ap fè kado yon sak ki plen ak echantiyon pwodwi ak ti gatri pou 50 premye moun ki rive avan yo!

Ki kote: La Fonda NYC, 169 E. 106th St, New York, NY 10029

Ki dat: Samdi 14 jen

A ki lè: 1 – 6 p.m. (Pòt yo ap ouvri a 12:40 p.m.)

Admisyon: Gratis. Tikè VIP disponib pou $33.85 pa tèt. Rezève plas ou nan lyen sa a 

Selebrasyon Eritaj Karayibeyen

Pran yon moman pou onore istwa ak eritaj nan dezyèm Selebrasyon anyèl Eritaj Karayibeyen an. Evènman kominotè sa a se yon ochan pou kilti Karayibeyen an ak eritaj Shirley Chisholm atravè mizik live, atizana, epi yon bèl parad. Prezantasyon sa ap fèt an patenarya ak Sant Karayibeyen-Ameriken Nouyòk la.

Ki kote: Shirley Chisholm State Park, 1750 Pennsylvania Ave, Brooklyn, NY 11208

Ki dat: Samdi 14 jen

A ki lè: 1 – 4 p.m.

Admisyon: Gratis. Rezève plas ou nan lyen sa a 

Jounen Agrikòl an Fanmi 

Selebre eritaj Karayibeyen an ak aktivite manyèl, manje tradisyonèl, epi istwa ki onore gwo kontribisyon kilti Karayibeyen an pote nan istwa Brooklyn. 

Konsèy enpòtan: Evènman sa a ouvri pou tout laj, men li ideyal pou timoun ki gen ant 4 ak 12 zan — epi sonje mete soulye ki fèmen si w vle patisipe nan aktivite nan fèm nan.

Ki kote: Wyckoff Farmhouse Museum, 5816 Clarendon Road, Brooklyn, NY

Ki dat: Samdi 21 jen 2025

A ki lè: 11 a.m. – 3 p.m.

Admisyon: Gratis. Rezève plas ou nan lyen sa a 

Boxitects nan Pak la

Prospect Park Alliance ak Maple Street Afterschool oganize pwogram familyal sa  ki selebre eritaj Karayib la atravè kont, alfabetizasyon, ak jwèt. Vin apresye yon lekti liv Boxitects, aktivite entèaktif pou moun ki fè manifakti nan Karayib la, aktivite atistik, atelye egzèsis, ak liv gratis Brooklyn Book Bodega ap fè kado.

Ki kote: Prospect Park Boathouse, 101 East Dr, Brooklyn, NY 11225

Ki dat: Dimanch 22 jen

A ki lè: 2 – 5 p.m.

Admisyon: Gratis

Remiz Prim ak Espektak Esans Karayibeyen Sesame Flyers 

Pou 2025 lan ki se 42zyèm ane li, Sesame Flyers ap onore kilti ak lidèchip Karayibeyen atravè mizik, dans, ak prim pou ekselans jèn yo ak sèvis kominotè. Yo ankouraje patisipan yo mete rad koulè nwa oswa koulè lò pou onore tèm ane sa a ki se “Renesans Nwa.”

Ki kote: El Caribe Country Club Caterers, 5945 Strickland Ave, Brooklyn, NY 11234

Ki dat: Dimanch 29 jen

A ki lè: 6 – 10 p.m.

Admisyon: Achte Tikè epi Rezève plas ou nan lyen sa a 

One Love Fest

Yon prezantasyon I AM CaribBEING ak Prospect Park Alliance, One Love Fest retounen pou katriyèm ane li ak mizik Karayibeyen live, pèfòmans dans, machann manje, ak eksperyans kiltirèl familyal ki selebre lespri vibran zile yo.

Ki kote: Prospect Park Boathouse, 101 East Dr, Brooklyn, NY 11225

Ki dat: Dimanch 29 jen

A ki lè: 11 a.m. – 7 p.m.

Admisyon: Gratis

Selebre Mwa Eritaj Karayibeyen an ak Bibliyotèk Piblik Nouyòk la

Pandan tout mwa jen an, branch Bibliyotèk Piblik Nouyòk yo atravè vil la ap selebre Mwa Eritaj Karayibeyen an avèk yon pwogramasyon rich e familyal. Soti nan kou pratik sou fabrikasyon enstriman mizik ak pwogram tire kont Karayibeyen, pou rive nan pwojè atistik pou adolesan, atelye redaksyon, ak sesyon atizana kiltirèl, gen yon bagay pou tout moun enjòy. Ou ka eksplore eritaj rich, mizik, ak tradisyon Karayibeyen yo atravè evènman kreyatif ak entèaktif sa yo.

Gade kalandriye konplè evènman yo nan lyen sa a: NYPL Caribbean American Heritage Month  

Kit w ap defile nan yon parad, w ap vibe sou son tanbou, oswa w senpman ap enjòy yon mòso jerk chicken byen gou, mwa sa a se pou selebre divès kilti Karayibeyen yo ki jodi a se yon fasèt ki bèl e enseparab nan idantite Vil Nouyòk.

Byen fete Mwa Eritaj Karayibeyen an, Nouyòk! Si w ta renmen ajoute evènman Karayibeyen pa w nan gid sa a, tanpri voye yon imèl bay: ralph.thomassaint@documentedny.com

Ralph Thomassaint Joseph

Ralph Thomassaint Joseph is the Caribbean Communities Correspondent for Documented. He studied Law and Sociology in Haiti and holds a master’s degree in Digital Journalism from New York University.

@ralphthjo

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.