Enfòmasyon ou dwe konnen sou gadri ki gratis oswa abòdab nan vil Nouyòk:
- Kèlkeswa estati imigrasyon w, ou kapab patisipe nan pwogram gadri vil Nouyòk yo.
- Gen gadri ki gratis oswa a pri abòdab pou timoun depi ti bebe rive nan laj 13 ane (oswa plis si timoun nan andikape). Pwogram sa a gen ladan l edikasyon preskolè a tan plen, gadri lisansye a domisil oswa nan sant, ak pwogram apre lekòl.
- Gen asistans ki disponib pou fanmi yo nan plizyè lang pou ede yo nan pwosesis aplikasyon pou gadri yo.
Trajè ant travay ak gadri yo kapab difisil lè w ap amenaje nan yon nouvo vil. Vil Nouyòk gen resous pou sipòte tout moun ki fenk vini yo — tankou imigran, moun k ap chache azil, ak fanmi ki refijye yo.adri sa yo sekirize, yo abòdab ak kalite siperyè pou timoun depi ti bebe rive nan laj adolesans.
Men sa w dwe konnen, epi men kijan pou w aplike.
Sonje: Plas yo limite nan kèk nan pwogram sa yo, kidonk, nou rekòmande pou w aplike bonè.
Asistans finansyè pou gadri: Pou timoun ki legalman prezan Etazini
Sa a se yon sibvansyon ki la lontan. Se Administrasyon Sèvis Pou Timoun nan Vil Nouyòk (ACS) ki jere l. Li disponib pou fanmi ki:
- Bezwen gadri pou timoun yo pou yo kapab al travay, al lekòl oswa pran fòmasyon pou travay.
- K ap touche mwens pase 85 pousan revni mwayen leta etabli a. Pou yon kay ki gen de granmoun, sa vle di 73,869.56 dola revni anyèl avan taks.
- Ki nan sant ebèjman tanporè oswa k ap resevwa asistans lajan kach
- Kap resevwa asistans akoz vyolans domestik
- Ki nan tretman pou depandans alkòl oswa dwòg
Pou w wè si fanmi w kalifye pou gadri gratis oswa a pri sibvansyone, patisipe nan sondaj sa a.
Sibvansyon sa yo ede kouvri depans gadri pou timoun ki gen ant 6 semèn ak 13 ane (jiska 19 ane, si se yon timoun ki gen andikap), epi paran yo kapab itilize gadri ki gen lisans oswa ki legalman egzante tankou fanmi, moun ki fè babysitting, vwazen oswa yon zanmi fanmi an.
Sa ki esansyèl, paran an pa oblije se yon sitwayen ameriken oswa gen papye legal, men timoun k ap resevwa swen an dwe gen yon estati imigrasyon “satisfezan” (sitwayen ameriken, rezidan pèmanan, oswa lòt estati legal).
Paran yo pa oblije divilge pwòp estati imigrasyon yo. Sepandan egzijans pou estati timoun nan ka toujou mete presyon sou fanmi yo endirèkteman. Paran yo ka pè soumèt dokiman yo pou yo pa ekspoze tèt yo, sitou si gen ensètitid sou kalifikasyon legal timoun nan.
Men kijan pou w aplike:
- Kreye yon kont MyCity: Ale sou mycity.nyc.gov epi suiv enstriksyon yo pou w kreye yon kont. Se la tou w ap soumèt aplikasyon w lan lè l fini.
- Ranpli aplikasyon pou sibvansyon gadri a: Ou ka ranpli l poukont ou nan lyen sa a. Sinon, ou ka tchat ak asistan vityèl sou sit yo a pou w mande èd oubyen ou ka vizite yon òganizasyon kominotè lokal pou asiste w.
- Soumèt dokiman yo: Telechaje oswa voye dokiman ki montre prèv revni anyèl ou, rezon ou bezwen gadri a, ak estati timoun nan.
- Tann lèt kalifikasyon an: Si w kalifye, w ap resevwa yon koupon sibvansyon pa lapòs oswa pa imèl. Apwobasyon an ka pran jiska sis semèn, selon founisè a. Ou kapab suiv estati demann ou a sou kont MyCity w la.
- Chwazi yon gadri: Pote koupon sibvansyon w la nan yon sant gadri ki gen lisans oswa yon gadri a domisil ki anrejistre selon chwa w.
- Ranpli dènye etap yo: Ou menm ak responsab gadri a dwe ranpli epi retounen koupon an bay ACS pou finalize enskripsyon an.
Ou ka itilize zouti sa yo pou w jwenn founisè ki gen lisans toupre w: Youn nan zouti yo se Child Care Connect, kote ou ka jwenn yon founisè gadri a domisil. Sèvi ak zouti rechèch ki sou menm sit sa a pou tcheke tout opsyon yo. Klike la a pou plis enfòmasyon, detay ak lyen pou tout etap yo.

Òganizasyon kominotè yo kapab ede w ranpli aplikasyon an espanyòl, chinwa, ak lòt lang. Li rekòmande pou w kenbe kopi tout dokiman ou soumèt yo, sitou dokiman pitit ou a ak prèv revni w.
Si w bezwen èd, rele 311 oswa kontakte yon òganizasyon kominotè lokal ki travay avèk fanmi imigran yo. Si w resevwa asistans lajan kach, ou kapab aplike atravè Administrasyon Resous Imèn nan yon Sant Aksè Benefis.
PromiseNYC: Li disponib pou timoun ki san papye yo
Pwogram Promise NYC ki te lanse nan kòmansman ane 2023 a, espesyalman sible fanmi imigran san papye ak fanmi ki gen plizyè estati imigrasyon diferan ki tradisyonèlman pa benefisye sibvansyon gadri federal ak lokal yo.
Li kouvri kou gadri pou timoun ki gen jiska 13 ane nan fanmi ki touche jiska 300 pousan nan nivo povrete federal la, ki se yon revni 63,450 dola pa ane anvan taks pou yon fanmi ki gen de granmoun k ap travay.
Enpòtan: Promise NYC pa egzije pou fanmi yo divilge estati imigrasyon yo.
Men kijan pou w aplike:
- Paran ki enterese yo ta dwe kontakte Òganizasyon Kominotè (CBO) nan awondisman yo a. Yon travayè Promise NYC ap gide yo nan pwosesis aplikasyon an.
- Pou timoun ki kalifye yo, anplwaye CBO yo ap fasilite pwosesis enskripsyon nan Promise NYC a. Sa gen ladan l ede fanmi yo jwenn, chwazi, epi enskri nan yon pwogram gadri ki gen lisans oswa ki anrejistre, epi jere peman sibvansyon chak mwa bay founisè yo chwazi a.
- Men kèk òganizasyon ki bay asistans nan pwosesis enskripsyon pou Promise NYC:
- Sant pou Lavi Fanmi (Center for Family Life) sèvi fanmi nan Brooklyn;
- Northern Manhattan Improvement Corporation sèvi fanmi nan Bronx ak Manhattan;
- La Colmena sèvi fanmi nan Staten Island;
- Konsèy Planifikasyon Chinwa-Ameriken (Chinese-American Planning Council) sèvi fanmi nan Queens.
Pwogram Head Start ak Early Head Start: Pou timoun ki Etazini legalman.
Early Head Start se yon pwogram edikasyon pou timoun ki poko gen 3 ane. Head Start se pou timoun ki gen ant 3 a 5 ane. Pwogram sa yo fèt pou fanmi revni yo fèb ak fanmi ki sanzabri.
Pandan anpil tan, fanmi san papye yo te benefisye pwogram Head Start ak Early Head Start la. Nan dat 10 jiyè 2025 lan, administrasyon Trump lan te anile règleman sa a. Kounye a, timoun san papye yo pa kalifye ankò. Pou yo resevwa benefis Head Start, timoun yo dwe sitwayen, rezidan pèmanan legal, oswa yon moun k ap chèche azil, refijye, oswa moun ki an libète kondisyonèl.
Plas yo limite nan pwogram sa a epi li fonksyone sou yon baz premye rive, premye sèvi. Kòm pwogram yo ka gen lis datant yon fwa yo rive nan kapasite yo, yo ankouraje fanmi yo pou aplike bonè pou yo ka benefisye pwogram nan pou tout ane a.
Men sa pwogram Head Start ak Early Head Start ofri:
- Gadri a plen tan pandan tout ane a
- Bon kalite manje ak netwayaj dan
- Aprantisaj ak lwazi
- Sipò pou sante mantal ak twomatis
- Gadri a domisil oswa nan sant
Pou w aplike, sèvi ak lokalizasyon Head Start la sou entènèt pou w jwenn yon pwogram toupre w. Apre sa, rele pwogram nan dirèkteman pou w mande enfòmasyon sou enskripsyon ak pwochen etap yo.
3-K ak Pre-K: Li disponib pou timoun san papye
Pre-K, ki se pou timoun 4 ane, ak 3-K, ki se pou timoun 3 ane, se opsyon lekòl gratis pou tout moun k ap viv Nouyòk kèlkeswa estati yo kòm imigran. Aplikasyon yo ouvè an janvye ak fevriye sou MySchools. Plas yo pa limite, sepandan timoun ki nan sant ebèjman oswa ki nan pwogram Head Start yo jwenn plasman priyoritè.
Men sa w ap bezwen pou w aplike:
- Prèv revni w (chèk travay ou, lèt benefis sosyal, lèt sant ebèjman, elatriye)
- Kat idantite (paspò, yo aksepte kat konsila )
- Sètifika nesans timoun nan
- Fòmilè depatman sante nan men doktè timoun nan (ak vaksen yo ajou)
Ou bezwen èd pou jwenn oswa aplike pou gadri?
Komite pou Timoun ak Fanmi Ispanik (CHCF) ede fanmi yo jwenn gadri ki nan zòn yo, konprann pwogram yo epi aplike pou sibvansyon. Pou w kontakte yo, rele Juan Poll nan 929-256-1949 oswa voye yon imèl nan jpoll@chcfinc.org. u kapab vizite Sant Dakèy Fanmi Depatman Edikasyon ki bò lakay ou. Yo kapab ede w pandan tout ane a ak enskripsyon nan 3-K, Pre-K, jadendanfan, e plis. Gen nèf sant ki nan vil Nouyòk la. Pran yon randevou nan schools.nyc.gov epi chache yon Sant Dakèy ki tou pre w nan lis sa a.
Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl.
