fbpx
Logo
Jun 24, 2025 | Faye Qiu

Evènman ete gratis nan vil Nouyòk: Konsè, sinema, kayak, kan ak lòt ankò

Yon gid ki detaye tout kote w ap jwenn pwogram gratis pou ete a tankou mizik, sinema, ak lòt aktivite nan pak Nouyòk yo.

Soti nan plaj ak bèl solèy rive nan sware sinema anba zetwal, pandan tout ete a pak vil Nouyòk yo transfòme an veritab sant aktivite. Kit ou te anvi pran plezi w nan dlo, nan dans, oswa mete w byen konfòtab pou w gade yon fim anba zetwal yo, w ap jwenn yon bèl aktivite gratis nan vwazinaj ou kanmenm.

Desann chalè a pandan w ap amize w

Ou bezwen desann chalè a? Vil Nouyòk gen pisin piblik gratis ki louvri chak jou soti 11 a.m. rive 7 p.m. Vil la ofri pwogram natasyon gratis tou, ki gen ladan l leson pou moun ki pa gen okenn eksperyans yo, natasyon rekreyativ, ak entrenman pou ekip natasyon konpetitif. Pou sezon sa a pisin deyò yo ap ouvri depi vandredi 27 jen 2025, men pisin anndan yo disponib pandan tout ane a.

Si w plis renmen plaj, ale nan youn nan plaj vil la epi enjoy solèy la. Plaj vil Nouyòk yo re-louvri pou naje nan wikenn Samdi 24 me 2025, jou Memoryal. Ajan sovtaj yo an sèvis soti 10 a.m. rive 6 p.m.

Sware ete yo se pou sinema ak mizik

Sinema nan pak yo. Sous foto a: Pak vil Nouyòk / Sinema

Gen yon bagay majik lè w ap gade yon fim nan yon pak. Toupatou nan vil la, pak yo ap transfòme an sinema kote ou ka wè tout kalite fim, soti nan fim anime popilè yo rive nan fim klasik yo. Jis pote yon dra ak kèk bagay pou w manje ak bwè.

Ou prefere espektak mizik? Pandan ete a gen konsè gratis nan tout senk awondisman yo. Atis ki soti toupatou nan mond lan ap pote mizik rock, jazz, folk, hip hop, mizik klasik ak mizik mondyal nan pak Nouyòk yo. Kèlkeswa stil mizik ou renmen, w ap jwenn yon espektak ki rive sou ou kanmenm.

Pwofite sezon ete a ak Urban Park Rangers yo

Urban Park Rangers yo ap tann ou pou ekskisyon gide gratis, lapèch, obsèvasyon zwazo, pwomnad pou idantifye pyebwa, epi vizit istorik pak yo nan vil la. Se yon fason amizan ak rafrechisan pou w eksplore lanati, aprann yon nouvo bagay, epi pwofite lari a ak fanmi ak zanmi.

Dòmi a la bèl etwal nan vil la

Ou pa t ap janm kwè sa, men ou ka al fè kanping nan vil Nouyòk, epi se youn nan pi bon fason pou w pase yon nuit an ete. Vin jwenn Urban Park Rangers yo pou yon avanti inik kote w kapab domi nan kèk pak nan vil la. W ap enstale tant ou anba zetwal yo, tire kont bò dife a, chofe bonbon, epi ou ka menm fè yon ekskisyon lannuit la ak yon gid. Pi bon pati a? Rangers yo bay tant yo, sa sèlman ou bezwen pote se lèn ak dra w. Avanti familyal sa yo trè popilè, ki fè yo bay plas yo atravè yon lotri sou entènèt. Pa rate chans ou pou pwofite eksperyans ra sa a nan kè vil la.

Pwomenen nan vil la sou dlo

Kayaking. Sous foto a: NYC Parks

Si w anvi yon ti avanti, poukisa ou pa eseye kayak oswa kannòt  gratis! Nan plizyè pak atravè vil Nouyòk, ou ka monte nan yon bato epi pedale pou w fè pakou vil la sou dlo. Ou ka patisipe nan yon vizit ak yon gid, pran yon leson ki pa long, oswa eksplore poukont ou sou New York City Water Trail. Se yon metòd enteresan ki pèmèt ou wè vil la nan yon nouvo pèspektiv.

Fè egzèsis nan pak yo

Ete a se moman ideyal pou w soti epi kòmanse fè egzèsis. Pak vil Nouyòk yo ofri klas egzèsis gratis tankou yoga, zumba ak ayewobik pou tout nivo. Kit w ap fè yoga anba pyebwa yo oubyen w ap danse zumba ak vwazen yo, se yon fason amizan ak enèjetik pou w rete an sante epi pwofite solèy la.

Fè yon ti pwomnad pou wè atizay nan pak yo

Ou anvi detann ou? Eksplore atizay nan pak vil Nouyòk yo – miray, eskilti, ak enstalasyon kreyatif ki ekspoze nan bèl espas vèt. Gras ak patenarya ak atis lokal yo ak òganizasyon atistik yo, w ap jwenn yon melanj pyès odasye, eksperimantal, epi klasik nan plizyè pak nan vil la. Se yon melanj pafè ant atizay ak lanati pou yon pwomnad kote w ap detann ou.

Pa rate tradisyon ete vil Nouyòk la: Summer on the Hudson

Si w poko tcheke Summer on the Hudson, ane sa pa rate okazyon sa. Festival sa a ki nan bèl peyizaj Riverside Park la soti nan 59yèm rive 153zyèm ri, pote plis pase 300 evènman gratis pandan tout ete a nan bò lwès Manhattan. Soti nan dans ak konsè an dirèk nan fen jounen an pou rive nan sware sinema anba zetwal, yoga nan pak la, espektak pou tout fanmi an, ak pèfòmans pop-up, gen aktivite prèske chak jou. Tout evènman yo ouvè pou piblik la, ou pa bezwen enskri. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt