fbpx Pwogram edikasyon Nouyòk pou pitit imigran ki gen mwens pase 6 lane - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Jul 29, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Pwogram edikasyon Nouyòk pou pitit imigran ki gen mwens pase 6 lane

Daprè lalwa Etazini, tout timoun gen menm dwa pou yo ale nan lekòl piblik yo, menm jan ak sitwayen Ameriken yo, menm jan ak moun ki rezidan pèmanan yo. Daprè yon desizyon Lakou Siprèm Etazini nan ane 1982 (ki rele Pyler v. Doe), okenn eta pa gen dwa refize pitit imigran ki iregilye yo gen aksè ak edikasyon piblik. Anplis, edikasyon pou tout timoun yo, se yon bagay ki obligatwa Ozetazini. 

Nan Nouyòk, timoun ki ant 6 ak 16 lane gen obligasyon pou paran yo mete yo lekòl. Si timoun ou an genyen 3 lane, ou kapab mete l nan pwogram edikasyon ki rele pwogram 3-K a. 

Opsyon pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo

Nouyòk, timoun ki gen ant 6 semèn ak 2 lane kapab ale nan pwogram ki rele EarlyLearn yo, kote y ap jwenn edikasyon gratis, oubyen ak yon pri ki ba. Y ap jwenn swen yo bezwen ak fòmasyon ki ka dire jiska dizèdtan pa jou. Yon timoun elijib nan pwogram sa a sou baz salè bezwen fanmi l. Pou w kapab jwenn pwogram EarlyLearn ki pi pwòch adrès ou vle a, ou kapab klike la a. Pou plis enfòmasyon ak kesyon w ta renmen poze sou pwogram sa a, ou kapab voye yon imèl nan adrès ccapplication@schools.nyc.gov 

Timoun ki genyen twa lane yo kapab ale nan sa yo rele pwogram 3-K a kote y ap jwenn bon jan kalite edikasyon pandan tout lajounen. Kantite plas pou pwogram 3-K yo limite nan Nouyòk. Se pou sa, lè w jwenn yo ofri w yon plas pou timoun ou an, ou dwe aksepte anrejistre l, menm si ou sou lis yon lòt pwogram, ou poko gen repons. 

Pou w kapab mete timoun ou nan nan pwogram 3-K a, men sa w ap bezwen:

  • De (2) prèv adrès kote w rete a
  • Prèv laj timoun nan: li kapab sètifika nesans li, paspò l, ak batèm li.
  • Kat vaksinasyon timoun nan paske tout timoun ki prale nan lekòl piblik Nouyòk yo oubyen nan lòt pwogram swen sante piblik pou timoun, yo dwe pran vaksen kont grip.
  • Dènye kanè nòt timoun nan (si sa aplikab pou li)
  • Pwogram Edikasyon Endividyalize oubyen plan akomodasyon 504 pou timoun nan (ki valab pou timoun ki gen bezwen espesyal yo) 

Ou kapab enskri pitit ou nan pwogram 3-K a, nenpòt moman pandan ane a. 

Timoun yo kapab kòmanse Pwogram Pre-K a nan ane yo genyen 4 lane a. Yo pa bezwen gen antrennman pou netwaye twalèt yo pou yo antre nan pwogram 3-K ak Pre-K a. Anplis, gen opsyon nan pwogram Pre-K a ki anseye timoun nan 2 lang: lang anglè kòm lang prensipal, ak yon dezyèm lang. Opsyon sa yo kreye pou fasilite timoun ki gen paran yo, ki pale lòt lang nan kay kote y ap viv la. 

Pou plis enfòmasyon sou pwogram 2 lang yo, ou kapab voye yon imèl nan adrès prekduallanguage@schools.nyc.gov.

Gen twa chwa

Pou pwogram 3-K ak Pre-K a, ou kapab chwazi mete timoun yo nan youn nan kote sa yo.

NYC Early Education Canters (NYCEEC): Sa yo se òganizasyon kominotè ki gen angajman ak Depatman Edikasyon eta Nouyòk la, pou yo bay fòmasyon Pre-K. Ou kapab jwenn NYCEEC ki pi pre w yo, si w ale sou kat dijital sa a.  Ou kapab konsidere mete pitit ou nan NYCEEC si w ap resevwa asistans nan òganizasyon k ap jere sant sa a, oubyen si w genyen yon frè oubyen sè timoun nan ki deja enskri nan pwogram nan sant sa a. 

Districkt Elementary School: Sa yon lekòl elemantè piblik yo ki bay fòmasyon Program Pre-K a. Ou kapab konsidere mete pitit ou la a si l genyen frè l ak sè l ki deja ale nan lekòl sa a, oubyen si li te deja ale nan pwogram 3-K a, nan lekòl sa a. 

Sant Pre-K yo: Sa yo se sant ekip Depatman Edikasyon vil Nouyòk ap jere. Ou kapab konsidere Sant Pre-K yo pou timoun ou si ou vle li ale nan yon pwogram ki genyen jenn timoun sèlman oubyen si li te deja al nan pwogram 3-K nan Sant Pre-K sa a. 

Tout pwogram Pre-K yo akeyi timoun ki gen bezwen espesyal yo (andikap pa ekzanp).

Ou gen twa plas 3-K ak Pre-K

School Day (Jou lekòl) : Plas sa yo gratis, epi yo bay timoun yo fòmasyon pandan 6 zèd tan ak 20 minit pa jou, pandan yon ane eskolè. 

Extended Day and Year (Jou ak ane ki pwolonje): Plas yo gratis oubyen yo pa chè. Yo bay timoun yo fòmasyon pandan jiska 10zèdtan pa jou, pandan tout ane a. Yo mete Timoun nan pwogram sa a sou baz bezwen paran yo ak salè yo. Pou w konnen si timoun ou an elijib, ou dwe ranpli yon fòmilè swen asistans pou timoun ki rele an anglè (Childcare application).

Head Start: plas sa yo gratis epi yo bay timoun yo fòmasyon pou omwen 8èdtan pa jou pandan ane eskolè a ak pandan ete a. 

Pou w genyen tout dènye detay ak enfòmasyon sou pwosesis admisyon an, ou kapab abòne lè w ranpli fòmilè sa a. Enfòmasyon yo disponib nan plizyè lang, tankou espanyòl, chinwa ak kreyòl. 

Pou plis enfòmasyon sou admisyon ak sou lis pou w tann dènye detay yo sou pwogram 3-k ak Pre-K a, rele nimewo 311, oubyen 212-639-9675, oubyen 718-935-2009. Ou kapab voye yon mesaj imèl nan adrès sa a tou ESEnrollment@schools.nyc.gov

Ki kote ki kapab ba w sèvis an kreyòl?

Ou kapab kontakte biwo ofisyèl (Council member) Rita Joseph ki ap ede w enskri timoun ou nan pwogram sa yo. Rele l nan nimewo 718-287-8762

Adrès la se: 930 Flatbush Avenue

Brooklyn, NY 11226

Gen plizyè lòt òganizasyon Ayisyen Nouyòk ki kapab oryante w, oubyen akonpaye w pou w enskri timoun ou yo. W ap jwenn yo nan lis òganizasyon k ap sèvis imigran Ayisyen yo Nouyòk, an kreyòl.

Si w gen kesyon sou atik sa a, voye yon imèl pou Ralph Thomassaint Joseph nan adrès ralph.thomassaint@documentedny.com

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers