fbpx Pwosesis natiralizasyon pou w vin yon sitwayen Ameriken - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Sep 23, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Pwosesis natiralizasyon pou w vin yon sitwayen Ameriken

Anpil nan referans nou pral bay la a, bay sèvis an anglè. Si w pa pale anglè, fè yon moun ki kapab ede w asiste w pou jwenn sèvis yo. Sonje, gen plizyè òganizasyon Nouyòk ki bay Ayisyen sèvis an Kreyòl, ki kapab ede w ak dosye natiralizasyon an. W ap jwenn lis la la a, pou w kapab kontakte yo. 

Gen plizyè milye moun, chak ane, ki pran desizyon pou yo vin sitwayen Ameriken gras ak pwosesis natiralizasyon. Dapre USCIS, Natiralizasyon an, se yon pwosesis kote Etazini bay yon moun estati sitwayen Ameriken. Konsa, li vin genyen yon rezidans pèmanan ki legal Ozetazini. Lè yon moun chwazi natiralize Ameriken, li aksepte sipòte Etazini, konstitisyon ameriken an ak lwa peyi a. Li benefisye tout dwa ak privilèj sitwayènte a. 

Nan gid sa a, w ap jwenn tout etap ou dwe pase pou w natiralize Ameriken.

  1. Verifye si ou elijib

Moun ki rezidan regliye Etazini epi ki bezwen vin sitwayen Ameriken, yo dwe reponn ak ekzijans lwa imigrasyon sou nasyonalite a (Immigration Nationality Act INA). Men ekzijans moun ki vle vin sitwayen yo dwe obeyi:

  • Fòk ou gen pou pi piti 18 lane nan moman w ap depoze dosye w la
  • Fòk ou gen yon rezidans pèmanan legal (Green Card) pandan omwens 5 ane (3 ane si w marye ak yon sitwayen Ameriken). 
  • Ou dwe ap viv Etazini yon fason pèmanan pandan senk dènye ane yo (obyen 3 ane si w marye ak yon sitwayen Ameriken). 
  • Ou dwe ap viv pandan omwens 3 mwa nan awondisman oubyen nan eta kote w ap aplike pou natiralizasyon an.
  • Ou dwe se yon moun ki gen bon repitasyon moral
  • Ou dwe konn li, konn ekri, epi metrize baz lang anglè a
  • Ou dwe konnen baz istwa Etazini, fòm ak prensip gouvènman peyi a
  • Ou dwe pase yon ekzamen sou sitwa peyi a
  • Ou dwe montre angajman pou w respekte prensip ak ideyal konstitisyon Ameriken an
  • Fòk ou pat janm dezète lame Ameriken an (si w te nan lame)
  • Si w te nan lame Ameriken an, fòk lame a pat janm dechaje de responsabilite w. 
  1. Ranpli dosye w nan fòm N-400 an

Pwochen etap la, se ranpli fòmilè N-400 ki se aplikasyon pou natiralizasyon an. Nan fòmilè sa a, y ap mande w enfòmasyon pèsonèl ou. Pami enfòmasyon sa yo, y ap mande w non w, adrès ou ak estati w kòm imigran. Y ap mande w  enfòmasyon sou kazye jidisyè w, si w enplike nan dosye kriminèl. Y ap poze w kesyon tou sou konbyen tan ou genyen w ap viv Etazini. 

Lè w ap ranpli fòmilè a, reponn tout kesyon yo ak bon jan repons. Ou dwe bay tout dokiman ki nesesè yo, tankou kopi Green Card ou, ou dwe bay foto paspò, ak tout lòt dokiman USCIS mande w. 

  1. Ale nan randevou pou bay done byometrik yo

Lè USCIS fin resevwa dosye w la, l ap planifye yon randevou pou l pran done byometrik ou. Y ap pran anprent dwèt men w, foto w, epi, y ap mande w pou w siyen non w pandan randevou a. Gras ak enfòmasyon sa yo, USCIS pral chache enfòmasyon sou ou. 

  1. Pase entèvyou ak ekzamen sivik la

Apre USCIS resevwa epi revize dosye aplikasyon w lan, l ap planifye yon entèvyou avè w. Pandan entèvyou sa a, ajan yo ap poze w kesyon sou konesans ou genyen sou istwa Etazini ak gouvènman ameriken an. W ap genyen pou w pase yon tès anglè ki gen twa pati ladan l: lekti, ekriti ak pale. 

USCIS ap ekzije w pou w pase yon ekzamen sivik ki genyen ladan l 128 kesyon sou istwa Etazini ak mòd gouvèman k ap dirije l la. W ap bezwen reponn omwens 12 sou 20 kesyon y ap poze w yo pou w kapab pase tès la. 

Si w pa reyisi pase tès la, ou gen 2 lòt chans pou w repase l. W ap kapab fè sa ant 60 ak 90 jou apre premye dat ou te pase tès la. Lè w ap refè l, y ap jis poze w kesyon sou pati ou te echwe yo. 

Ou kapab vizite sit sa a UsCitizenshipSupport.com pou w jwenn kesyon USCIS konn poze yo, ak repons yo. 

  1. Resevwa desizyon konsènan aplikasyon w lan

Depi USCIS apwouve dosye w la, w ap resevwa yon nòt pou w patisipe nan seremoni pou w prete sèman natiralizasyon an. Mesaj w ap resevwa a ap genyen dat, lè ak kote seremoni pa w la ap fèt la. Nan seremoni an, w ap genyen pou w fè sèman fidelite pou w kapab vin yon sitwayen Ameriken. 

Si USCIS pa aksepte aplikasyon w lan, w ap jwenn yon nòt ki eksplike w tout rezon desizyon sa a. Ou kapab konteste desizyon an, oubyen, aplike yon lòt fwa. 

Byen suiv etap sa yo, epi, toujou chache tout kalte resous ak asistans w ap gen bezwen.

Resous

New York Public Library Citizenship Programs

Sou sit sa a, w ap jwenn plizyè aktivite ki fèt Nouyòk pou ede moun prepare ekzamen sou sitwayènte a. Gen pwogram pou moun ki fenk kòmanse, ak pou moun ki gen yon nivo ki avanse. Gen nan pwogram sa yo ki fèt sèlman sou entènèt, genyen lòt se an pèsòn ou dwe patisipe ladan yo. 

Òganizasyon k ap ede w prepare aplikasyon an ak ekzamen an 

Caribbean Women’s Health Association – Immigrant Service Center

3512 Church Avenue

Brooklyn, NY 11203

(929) 399-8070

The Legal Project 

24 Aviation Road, Suite 101

Albany, NY 12205

(518) 435-1770

info@legalproject.org

Camba Legal Services

20 Snyder Avenue

Brooklyn, NY 11226

(718) 940-6311

info@camba.org

New York Immigrant Coalition 

131 W 33rd Street, Suite 610

New York, NY 10001

212-627-2227

info@nyic.org

Catholic Migration Services

Brooklyn Office

191 Joralemon Street, 4th Floor

Brooklyn, NY 11201

(718) 236-3000

Queens Office

47-01 Queens Boulevard, Suite 203

Sunnyside, NY 11104

(347) 472-3500

CUNY Citizenship Now!

Sou sita sa a, w ap kapab pran yon randevou nan yon lokal ki pi pre w.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers