fbpx Pwogram paraskolè pou timoun k ap viv Nouyòk yo - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 14, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Pwogram paraskolè pou timoun k ap viv Nouyòk yo

Gen plizyè pwogram paraeskolè nan Nouyòk ki gratis pou timoun soti laj 6 lane pou rive 13 lane kèlkeswa estati yo kòm imigran. Pwogram sa yo ki disponib nan jou semèn nan soti twazè apre midi, pou rive sizè apre midi, bay timoun yo akonpayman akademik ak fizik nan yon aviwonman ki sekirize. 

Pwogram sa yo la pou konplete sa timoun yo aprann lekòl yo, epi, ankouraje yo gen yon sans apatenans. Anplis, yo ofri aktivite sa ki rele STEAM yo (ki vle di: Syans, Teknoloji, Enjenyè, Atizay ak Matematik), edikasyon sou medya, spò ak kilti fizik, aktivite pou devlope travay an ekip, ak anpil lòt ankò. 

Kijan?  

Pou yon paran enskri yon timoun nan pwogram pareaskolè, li dwe vizite espas pwogram li chwazi a, epi ranpli yon fòmilè aplikasyon pou pwogram paraeskolè a. W ap jwenn fòmilè a la a. Paran yo dwe pote tou, yon fòmilè eta sante timoun nan ki resan, epi ak de nesans timoun nan. 

Ou kapab li tou: Pwogram edikasyon Nouyòk pou pitit imigran ki gen mwens pase 6 lane

Ki kote?

Bronx: 

Hunts Point Recreation Center

765 Manida Street

Bronx, NY 10474

Williamsbridge Oval

3225 Reservoir Oval E

Bronx, NY 10467

Pou plis enfòmasyon sou pwogram paraeskolè ki nan Bronx, kontakte Debra Edwards, ki se kowòdinatè distri a, nan nimewo (718) 430-1847 oubyen adrès imèl debra.edwards@parks.nyc.gov.

Queens:

Al Oerter Recreation Center

131-40 Fowler Avenue

Queens, New York 11355

A.R.R.O.W. Field House

35-30 35th Street

Astoria, NY 11106

Sorrentino Recreation Center

18-48 Cornaga Avenue

Far Rockaway, New York 11691

Pou plis enfòmasyon, kontakte biwo distri Queens lan, nan nimewo (718) 393-7370.

Manhattan:

Alfred E. Smith Recreation Center

80 Catherine Street

New York, NY 10038

For more information, contact Christina Luna at (212) 408-0243 or email christina.luna@parks.nyc.gov.

Staten Island

Graniteville Field House at Jennifer’s Playground

Jules and Regis Drive

Staten Island, NY, 10314

Walker Park Field House

50 Bard Avenue

Staten Island, NY, 10310

Pou plis enfòmasyon, kontakte, Dana Vitolo at (718) 816-8103 oubyen voye yon imèl nan adrès dana.vitolo@parks.nyc.gov.

Pwogram espò pou timoun yo

Gen plizyè pwogram espò gratis ki disponib Nouyòk, pou timoun ki gen pou pi piti 8 lane. Atravè pwogram NYC Parks yo, paran kapab enskri timoun yo nan pwogram baskèt, bezbòl, foutbòl, tenis, bisiklèt, gòlf, ak yon pakèt lòt ankò. Pou yon timoun patisipe nan pwogram sa yo, li dwe enskri kòm manm nan sant rekreyasyon yo. Pou w kapab konnen kiyès ki bon pou timoun ou, ou kapab kontakte kowòdonatè espò ki nan distri w ap viv la. 

Men adrès imèl yo:

Bronx: Christopher.Suarez@parks.nyc.gov ak Victor.Campbell@parks.nyc.gov

Brooklyn: Edwin.Llopiz@parks.nyc.gov

Manhattan: Sandy.Requeno@parks.nyc.gov

Queens: Wilson.Tenorio@parks.nyc.gov

Staten Island: Richard.Costello@parks.nyc.gov

Accessible sports: Paul.Ward@parks.nyc.gov ak Rodolfo.Guevara@parks.nyc.gov

Pwogram pou adolesan yo

Depatman Pak ak Rekrayasyon vil Nouyòk la gen yon seri pwogram pou adolesan yo ki ofri divès aktivite pandan tout ane a. Nan aktivite sa yo genyen espò, natasyon, dans, atizay, akonpayman pou fè devwa, kuizin, klas enfòmatik, angajman kominotè, vizit mize ak teyat. Pwogram sa yo fèt nan yon anviwonman ki sekirize, kote adolesan yo jwenn akonpayman k ap ede yo devlope nouvo konpetans, fè zanmi, epi kreye souvni k ap dire. 

Lè adolesan yo patisipe nan aktivite sa yo, yo kapab devlope sans responsabilite ak sans sivik yo pandan y ap amelyore byennèt  fizik ak mantal yo. Pwogram pou adolesan yo vle bay yon seri opòtinite amizman ak edikatif, k ap ede jèn yo konstwi yon seri konpetans ki esansyè  pou lavi yo. 

Men adrès yo

Al Oerter Recreation Center

131-40 Fowler Avenue, Queens

Contact: (718) 353-7853

St. Mary’s Recreation Center

East 145th Street & St. Ann’s Avenue, Bronx

Contact: (718) 402-5155

St. John’s Recreation Center

Prospect Place between Troy & Schenectady, Brooklyn

Contact: (718) 771-2787

Sorrentino Recreation Center

18-48 Cornaga Avenue, Far Rockaway, Queens

Contact: (718) 471-4818

J. Hood Wright Recreation Center

351 Fort Washington Avenue, Washington Heights, Manhattan

Contact: (212) 927-1563

Lost Battalion Hall Recreation Center

93-29 Queens Boulevard, Queens

Contact: (718) 263-1163

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers