fbpx Kijan w ap jwenn ebèjman an ijans nan Nouyòk? - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Dec 22, 2022 | Ralph Thomassaint Joseph

Kijan w ap jwenn ebèjman an ijans nan Nouyòk?

Enpòtan!: Nan atik sa a, nou pap pale de lojman nan sans chanm kay yon moun oubyen yon fanmi kapab abite an pèmanans. N ap pale de kabann ki disponib nan sant ebèjman pou moun kapab dòmi yon fason pwovizwa lannuit. 

Nan Nouyòk gen plizyè milye espas pou dòmi, men, imigran ki fenk vini yo kapab gen anpil difikilte pou yo jwenn yo. 

Pou sezon ete 2020 pa ekzanp, gen 4000 imigran eta Tekzas mete nan bis pou voye Nouyòk. Plizyè aososyasyon ak ajans administrasyon vil Nouyòk te fè efò pou ede imigran ki rive nan bis yo, jwenn yon kote pou yo dòmi. 

Eksperyans nou fè ak imigran sou gwoup Whatsapp nou an, montre nou, yo bezwen plis akonpayman sitou lè yo ap fè premye pa yo nan Nouyòk. 

Pou yon moun antre nan sistèm ebèjman Nouyòk la, li dwe ale nan youn nan sant k ap resevwa moun ki bezwen dòmi yo. Lè moun nan fin aplike pou kabann nan, li kapab rete nan espas la, oubyen, yo kapab oryante l nan yon lòt sant ki gen kabann disponib.

Pou sila yo ki pa pale anglè e ki bezwen yon entèprèt, tout depatman vil Nouyòk ki sèvi moun ki pa gen lojman yo (DHS: Department of Homeless Service, an anglè) gen sèvis entèpretasyon. 

Èske w kapab aplike si w ap viv nan yon lòt vil? Repons lan se non. Sistèm nan ekzije moun ki bezwen dòmi an, pou l prezan nan sant ki bay espas pou dòmi yo, pou li kapab fè aplikasyon. 

Men kijan nou kapab aplike pou ebèjman

Gason ki pa an koup yo kapab al aplike an pèsòn nan sant ki nan 400-430 East 30th Street nan Manhattan. Espas la ouvè 24 sou 24. W ap kapab antre nan ang 30th Street ak 1st Avenue an. 

Fi ki pa an koup yo kapab aplike pou yon chèltè nan youn nan adrès sa yo: HELP Women’s Shelter ki nan 116 Williams Avenue. Li ant Liberty Avenue ak Gleenmore Avenue nan Brooklyn. Oubyen, li kapab ale nan Franklin Shelter ki 1122 Franklin Avenue tou pre 166th Street. Tou de chèltè sa yo ouvè 24 sou 24. 

Fanmi ki gen timoun oubyen fanm ki ansent yo kapab al aplike pou yon chèltè an pèsòn nan biwo DHS ki bay lojman tanporè yo (the Prevention Assistance and Temporary Housing Office, an anglè). Biwo sa a nan 151 E 151st Street nan ang Melrose Anenue ki nan Bronx. Li ouvè chak jou 24 sou 24, men, li resevwa aplikasyon pou ebèjman soti 9:00 nan maten pou rive 5:00 apremidi. Nimewo telefòn yo se 917 521 3900.

Ki dokiman ou dwe pote nan yon sant ebèjman?

Gason oubyen fanm ki pa an koup yo kapab pote yon fich peman ak yon dokiman idantite ki genyen foto yo ak dat nesans yo. Dokiman idantite sa a kapab se yon paspò, yon viza, yon lisans, elatriye. Fanmi ki gen timoun yo gen pi gwo ekzijans. Chak manm nan fanmi an dwe genyen yon dokiman idantite ki gen foto yo, swa yon paspò oubyen viza, ak nesans oubyen yon kat idantite ki soti nan sistèm asistans piblik la. 

Moun ki nan sitiyasyon andikap yo kapab mande yon sant ebèjman ki adapte ak bezwen yo. DHS ankouraje yo pou yo pote dokiman medikal yo nan pwosesis aplikasyon an. 

Sant akèy yo

Yon moun ki vle jwenn yon kabann nan yon sant ebèjman dwe aplike nan youn nan sant nou bay deja yo. Apre sa, gen Sant Akèy yo ki pèmèt yon moun benyen, netwaye rad li, epi jwenn asistans nan dosye l, san l pa aplike nan yon sant ebèjman. Sant Akèy yo ouvè chak jou 24 sou 24, men, yo pa gen kabann pou yon moun rete dòmi. 

Men adrès kèk sant akèy nan Nouyòk 

The Living Room | 800 Barretto Street at Lafayette Avenue nan Bronx

The Haven | 2640 Third Ave (ant East 141 Street ak East 142 Street) nan Bronx

Gathering Place | 2402 Atlantic Avenue (ant Sackman Street ak Jardine Place) nan Brooklyn

Mainchance | 120 East 32nd Street (ant Park Avenue ak Lexington Avenue) nan Manhattan

Breaking Ground | 100-32 Atlantic Avenue (nan 102nd Street) nan Queens

Project Hospitality | 150 Richmond Terrace (ant Wall Street ak Schuyler Street) nan Staten Island

Konn dwa w!

Gen yon lwa ki vote nan 1981 yo rele an anglè The Callahan Consent Decree. Li bay moun ki pa gen lojman yo dwa pou yo jwenn ebèjman nan Nouyòk. Nenpòt moun ki pa gen kote pou l dòmi, kapab ale nan yon sant ebèjman k ap resevwa moun. Li dwe jwenn yon kote pou l dòmi pou nuit lan. 

“Ou dwe resevwa yon kabann, yon matla, yon kazye ak kadna, epi kabann ou an dwe gen yon distans twa pye pa rapò ak lòt kabann ki nan espas la. Ou dwe jwenn dra, pwodui pou w fè twalèt ou, sèvis lesiv, elatriye.” Se sa òganizasyon ki rele kowalisyon pou moun ki pa gen abri yo (Coalition for the Homeless, an anglè), fè konnen nan yon dokiman li pibliye sou dekrè Callahan Consent lan. Ou kapab aprann plis sou sa an anglè la a

Si yo ta refize w yon kabann nan yon sant ebèjman, Kowalisyon an ankouraje w rele yo pou Entèvansyon Ijan yo (Crisis Intervention Emergency) ki se 1-888-358-2384.

Depi yon moun pa respekte prensip DHS, yo kapab mete l deyò nan sant ebèjman an. Se sa DHS rele “responsabilite kliyan an” ki obligatwa pou l rete nan sant lan. Men ki responsabilite moun yo genyen: 

  • Yo dwe kolabore, patisipe ak devlope yon plan pou yo vin endepandan nan lavi yo. Plan sa a dwe genyen etap sou kijan y ap jwenn yon lojman pèmanan pou yo rete. 
  • Fòk yo aplike pou asistans piblik, epi, konfòme ak tout ekzijans ki fè yo toujou elijib pou benefisye pwogram asistans sosyal yo. 
  • Si moun yo kapab travay, fòk yo toujou ap chache travay, epi fòk yo aksepte lè yo ofri yo yon travay ki desan. 
  • Toujou kolabore ak ajan ki sou dosye yo a, oubyen anplwaye sant la k ap ede yo lokalize ak gade apatman ki disponib yo. 
  • Toujou eseye jwenn yon lojman pèmanan, nan chache plizyè fwa pa semèn apatman ki disponib.
  • Fòk moun yo aksepte yon apatman ki desan lè yo ofri yo.
  • Obeyi tout prensip sant lan ki entèdi tout konpòtman ki reprezante yon menas pou staf la ak lòt kliyan nan espas la. 

Lòt resous pou imigran ki pa gen kote pou dòmi

Gen plizyè aososyasyon ki konekte ak administrayon Nouyòk la pou yo sèvi, epi akonpaye moun ki pa gen kay pou yo rete. Si w bezwen yon espas pou w dòmi pou yon nuit, ou kapab kontakte yon sant ebèjman. Men, plizyè nan sant sa yo bay anpil lòt sèvis ki itil imigran ak refijye yo.  

“Sant ebèjman refijye RDJ a nan moman an, se sèl sant nan Nouyòk ki la espesyalman pou refijye ak imigran k ap chache azil ki pa gen kay pou yo rete. Nou bay swen global, sipò, pledwaye ak resous pou yo etabli yo nan nouvo kay yo.” Se sa RDJ Refugee Shelter ekri.

Li anndan legilz episkopal Saint Mary ki 521 West 126 Street nan Manhattan

Ou ka ranpli fòmilè sa a pou mande lòt kalite sèvis.

“HIAS New York sèvi refijye, moun k ap mande azil, imigran ki gen viza espesyal ak lòt imigran imanitè ki vle entegre yo nan kominote a epi fasilite otonomi yo.”

Telefòn biwo yo Nouyòk se : 212-967-4100

Telefòn pou enfòmasyon: 800-HIAS-714

Men sa enstitisyon sa a di: “Moun k ap mande azil ki vini nan biwo ak pawas nou yo jwenn asistans pou ijans, manje, rad, pwodui pou ijyèn. Nou bay yo tou bon jan enfòmasyon sou sant ebèjman yo ak resous lasante. Anpil ladan yo gen randevou ak ofisye imigrasyon nan mwa k ap vini yo, ekip sèvis legal nou yo kòmanse gade dosye yo.”

Adrès nou pral bay la yo gen anpil sèvis ki dispobib pou imigran ak refijye yo. Liy enfòmasyon Catholic Charities la se: 888-744-7900.

Catholic Charities Archdiocese of New York

1011 1st Avenue, Fl. 6 New York, NY

646-794-2065

Catholic Guardian Services for Unaccompanied Minors

1011 First Avenue (ant 55th ak 56th Street) nan Manhattan

 (212) 371-1000

Mercy Center, Inc.

377 East 145th Street (ant Willis Avenue ak 3rd Avenue) nan Bronx

(718) 993-2789

Part of the Solution

2759 Webster Ave (ant East 197th ak East 198th streets) nan Bronx

718-220-4892

Youth Ministries for Peace and Justice

1384 Stratford Avenue (ant East 174th ak East 172nd streets) nan Bronx

 (718) 328-5622

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers