fbpx Resous nan Nouyòk pou paran ki fenk gen pitit - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 25, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Resous nan Nouyòk pou paran ki fenk gen pitit

Pandan w ap adapte w nan lavi a ak yon nouvo bebe, li enpòtan pou w konnen, genyen anpil resous ki disponib pou ou Nouyòk. Nan gid sa a, w ap jwenn kèk resous ki gratis oubyen ki pa koute chè. W ap jwenn tou, referans kèk nan pwogram piblik ki la pou akonpaye paran ki fenk gen pitit yo. 

Anpil nan referans nou pral bay la a, bay sèvis an anglè. Si w pa pale anglè, fè yon moun ki kapab ede w asiste w pou jwenn sèvis sa yo. Sonje, gen plizyè òganizasyon nan Nouyòk ki bay Ayisyen sèvis an Kreyòl. W ap jwenn lis la la a, pou w kapab kontakte yo. 

Nurse-Family Partnership (NFP)

Fanm ansent k ap tann yon bebe pou premye fwa epi ki gen yon salè ki piti, ak adolesan k ap viv Nouyòk kapab benefisye asistans medikal ak edikasyon parantal atravè pwogram Depatman sante mantal ak ijyèn vil Nouyòk la ki rele an anglè Nurse-Family Partnership (NFP). 

Pwogram sa a ede nouvo manman yo gen yon enfimye oubyen yon enfimyè pèsonèl k ap ba yo enfòmasyon ak konsèy sou kijan pou w mennen  yon gwosès  an sante. Pou w elijib, se dwe premye gwosès ou.  Lajan w ap fè a dwe piti (salè, lajan biznis. elatriye). Anplis, fòk ou gentan antre nan pwogram nan pandan 28 premye semèn gwosès la. 

Lè w entegre pwogram NFP a, enfimye/enfimyè k ap akonpaye w la ap disponib pou ou nan chak etap. Youn nan premye objektif pwogram sa a, se ede w prepare nesans bebe a. L ap ede w prepare pou w kapab yon bon paran. 

Enfimye/Enfimyè NFP yo ap travay avè w yon fason pou  ede w konprann, pou prepare   w pandan peryòd gwosès ak akouchman an. Y ap ba w konsèy sou kijan ou dwe pran swen nouvo bebe a, kijan pou w ba l manje, netwaye l, epi fè l dòmi. W ap jwenn enfòmasyon sou kijan timoun aprann ak grandi, ak kisa ou dwe fè pou w sipòte devlopman timoun nan. 

Enfimye oubyen enfimyè yo ap ede w jwenn resous ak sèvis w ap bezwen tankou asirans sante, swen sante mantal, asistans medikal pou timoun ak pwogram edikatif. Y ap ede w fikse objektif pèsonèl ou, pa ekzanp, pou w kontinye ale lekòl oubyen devlope konpetans pwofesyonèl ou. Y ap ba w sipò pou w atenn objektif ou yo.  

Gras ak pwogram NFP a, enfimye oubyen enfimyè k ap akonpaye w la ap ba w zouti ak resous ou bezwen pou bebe w la viv byen. Gras ak asistans enfimye a, w ap rive kapab afwonte  pi byen  defi yo, kòm nouvo paran.

Pou w patisipe nan  pwogram sa a, oubyen, pou w jwenn repons sou kesyon ou genyen, kontakte Nurse-Family Partnership nan nimewo 311. Ou kapab rele oubyen voye yon SMS bay nimewo (844) 637-6667. Ou kapab you voye yon imèl nan adrès nycnfp@health.nyc.gov

Ou kapab jwenn yon enfimye pèsonèl ki pi pre w, ak nimewo kòd ZIP kote w rete a

Klas pou papa yo

Administrasyon vil Nouyòk la gen yon seri klas ki disponib pou nouvo paran yo. Klas sa yo konsène tout sa ki dwe fèt anvan yon moun akouche, lè bebe a fèt, ak kijan pou alètman l fèt. Gen yon pwogram nan Central Brooklyn ak Eastern Brooklyn, ki rele an anglè Healthty Start Brooklyn, ki ofri sèvis matwòn gratis ak edikasyon sou kijan pou n sipòte gwosès ak akouchman. Pou w kapab entegre pwogram sa a, klike la a. Ou kapab rele tou nimewo 844-919-1123 oubyen, voye yon imèl nan adrès HealthyStartBrooklyn@health.nyc.gov 

Òganizasyon Caribbean Women’s Health Association gen yon seri pwogram fòmasyon pou paran yo, ki montre yo kijan pou yo byen konprann bebe yo, epi fasilite yo byen devlope. Klas sa yo ouvè pou pwofesyonèl nan swen ti bebe ak fanm ansent, paran ak gran paran timoun ki genyen jiska 3 lane. Pou w antre nan pwogram sa a, ou kapab rele nimewo 929-441-7125 oubyen voye yon imèl nan adrès YGordon@cwha.org 

WIC

The Women, Infants, and Children (WIC) se yon pwogram asistans federal ki bay manje, edikasyon sou nitrisyon ak alètman. Pwogram sa a ekziste pou fanm ansent ki rantre ti kras lajan, pou moun ki manman pou premye fwa yo, ak jenn timoun k ap viv Nouyòk. W ap elijib pa rapò ak  kantite moun k ap viv lakay ou ak kantite lajan ou antre. 

Pou w aplike, ou dwe ale nan yon ajans lokal ak prèv lajan w fè (chak mwa oubyen chak ane), yon dokiman idantite, yon prèv adrès, yon prèv ou se yon fanm ansent, oubyen yon fanm ki genyen yon ti bebe ki gen pou pi piti, 6 mwa laj. W ap jwenn kisa pou w pote nan randevou WIC yo, si w klike la a

W ap jwenn lis ajan lokal k ap bay sèvis WIC yo, si w klike la a. Ou kapab rele nan nimewo 800-522-5006 pou w jwenn lokal ajans WIC ki pi pre w la. 

W ap jwenn plis enfòmasyon sou pwogram WIC la nan yon livrè ki ki rele WIC Participant Handbook for Women, Infants, and Children. Enfòmasyon yo disponib an anglè. 

Early Intervention 

Si ou gen yon timoun ki gen mwens pase twa lane, ki gen yon reta nan devlopman l, oubyen ki soufri yon andikap, pwogram vil Nouyòk ki rele Early Intervention nan gen sèvis pou ede timoun nan itilize tout potansyèl li. Pwogram sa a gratis pou fanmi ki elijib yo. Pami sèvis li bay yo, genyen terapi sou langaj ak terapi fizik.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou ekzijans pwogram nan sou sit NYC Early Intervention website oubyen rele nan 311. 

Pwogram Asistans Swen Timoun

Vil Nouyòk gen sibvansyon pou fanmi timoun ki rantre ti lajan, yon fason pou ede yo pran swen timoun yo. Pou yon moun patisipe , pwogram nan ap konsidere kantite lajan li fè (pa mwa oubyen pa ane), kantite moun ki nan fanmi a, ak ki kote fanmi sa a ap viv. Ou dwe gen yon rezon valab pou w aplike pou sibvansyon sa a. Rezon an dwe youn nan sa yo:

  • Ou travay plis pase dizèd tan pa semèn
  • Ou nan yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl
  • W ap chache travay
  • W ap viv nan yon ebèjman tanporè (moun sa yo gen priyorite)
  • W ap resevwa sèvis asistans akoz ou sibi vyolans domestik

Pou w konnen si w ka patisipe, ranpli sondaj sa a. Pou plis enfòmasyon, ou kapab klike la a

Vizit Lakay Bebe ki fenk fèt

Pwogram sa a akonpaye paran ki fenk gen bebe yo, lakay yo kèlkeswa laj yo oubyen estati yo kòm imigran. Gras ak pwogram sa a, pwofesyonèl ki fòme pou sa, ap vizite fanmi yo pou fòme paran yo sou kijan yo dwe aji ak bebe yo. Y ap anseye paran yo tou, kijan pou yo sipòte devlopman timoun nan, epi ba yo referans divès resous ki disponib pou yo. Pwofesyonèl yo ap montre paran yo kijan alètman fèt, ki fason pou yo fè bebe yo dòmi, epi, ba yo akonpayman sante mantal. Kidonk, y ap travay ak paran yo pou yo kreye yon espas ki nan benefis yo ak timoun yo, epi, konekte yo ak sèvis k ap nan benefis yo. 

Pwogram sa a la pou:

  • Moun ki paran pou premye fwa  kap viv nan yon katye ki klasifye TRIE ki vle di an anglè Taskforce on Racial Inclusion and Equity
  • Moun k ap viv nan lojman New York City Housing Authority (NYCHA) ki nan yon katye yo defini kòm TRIE.
  • Fanmi k ap resevwa asistans nan men Administrasyon pou Sèvis Timoun yo (Administration for Children’s Services an anglè)
  • Moun k ap viv nan yon lojman Department of Homeless

Pou w konnen si w elijib pou w aplike, rele nimewo 311. Si w ap viv nan yon ebèjman Department of Homeless, rele nan nimewo 758-579-6805. 

Men kèk lòt nimewo ou kapab rele an fonksyon zòn nan:

  • North and Central Brooklyn: 718-637-5235
  • South Bronx: 718-579-2878
  • East and Central Harlem: 646-672-2894

Sèvis matwòn

Sèvis sa a yo rele Doula Care an anglè, bay fanm ansent yo asistans fizik, emosyonèl ak enfòmasyon jiskaske yo akouche. Doula yo travay pou ede moun ansent yo sipòte akouchman yo ak konfò epi akonpaye yo apre akouchman an. Se yon fason pou manman timoun yo rete nan byennèt yo. Men lis kote w ap jwenn sèvis Doula yo nan Nouyòk:

Bronx

Ancient Song Doula Services

Telefòn: 347-778-3490

Adrès Imèl: doula@ancientsongdoulaservices.com

ZIP: 10451, 10452, 10453, 10454, 10455, 10456, 10457, 10458, 10459, 10460, 10463, 10466, 10467, 10468, 10472, 10473, 10474

Caribbean Women’s Health Association

Telefòn: 718-826-2942

Adrès Imèl: CWHAdoulas@cwha.org

ZIP: 10451, 10452, 10453, 10454, 10455, 10456, 10457, 10458, 10459, 10460, 10463, 10466, 10467, 10468, 10472, 10473, 10474

Mama Glow Foundation

Telefòn: 718-510-4015

Adrès Imèl: info@mamaglow.com

ZIP: 10451, 10452, 10453, 10454, 10455, 10456, 10457, 10458, 10459, 10460, 10463, 10466, 10467, 10468, 10472, 10473, 10474

Northern Manhattan Perinatal Partnership

Telefòn: 212-665-2600

Adrès Imèl: info@nmppcares.org

ZIP: 10451, 10452, 10454, 10455, 10456

Brooklyn

Ancient Song Doula Services

Telefòn: 347-778-3490

Adrès Imèl: doula@ancientsongdoulaservices.com

ZIP: 11203, 11205, 11206, 11207, 11208, 11212, 11216, 11221, 11220, 11224, 11226, 11232, 11233, 11235, 11236, 11237, 11238, 11239

By My Side Birth Support Program

Telefòn: 718-637-5231

Adrès Imèl: healthystartbrooklyn@health.nyc.gov

ZIP: 11203, 11205, 11206, 11207, 11208, 11212, 11216, 11221, 11220, 11226, 11232, 11233, 11236, 11237, 11238, 11239

Caribbean Women’s Health Association

Telefòn: 718-826-2942

Adrès Imèl: CWHAdoulas@cwha.org

ZIP: 11203, 11205, 11206, 11207, 11208, 11212, 11216, 11221, 11220, 11224, 11226, 11232, 11233, 11235, 11236, 11237, 11238, 11239

Hope and Healing Family Center

Telefòn: 347-384-1494

Adrès: hhfc01@ymail.com

ZIP codes: 11205, 11206, 11207, 11208, 11212, 11216, 11221, 11233, 11237, 11238, 11239

Mama Glow Foundation

Telefòn: 718-510-4015

Adrès: info@mamaglow.com

ZIP codes: 11203, 11205, 11206, 11207, 11208, 11212, 11216, 11221, 11220, 11224, 11226, 11232, 11233, 11235, 11236, 11237, 11238, 11239

Manhattan

Ancient Song Doula Services

Telefòn:347-778-3490

Adrès Imèl: doula@ancientsongdoulaservices.com

ZIP: 10025, 10026, 10027, 10029, 10030, 10031, 10032, 10033, 10034, 10035, 10037, 10039, 10040

Caribbean Women’s Health Association

Telefòn: 718-826-2942

Adrès Imèl: CWHAdoulas@cwha.org

ZIP: 10025, 10026, 10027, 10029, 10030, 10031, 10032, 10033, 10034, 10035, 10037, 10039, 10040

Mama Glow Foundation

Telefòn: 718-510-4015

Adrès Imèl: info@mamaglow.com

ZIP: 10002, 10003, 10009, 10013, 10025, 10026, 10027, 10029, 10030, 10031, 10032, 10033, 10034, 10035, 10037, 10039, 10040

Northern Manhattan Perinatal Partnership

Telefòn: 212-665-2600

Adrès Imèl: info@nmppcares.org

ZIP: 10025, 10026, 10027, 10029, 10030, 10031, 10032, 10033, 10034, 10035, 10037, 10039, 10040

The Mothership

Telefòn: 646-598-7199

Adrès Imèl: doula@themothershipnyc.com

ZIP: 10025, 10026, 10027, 10029, 10030, 10031, 10032, 10033, 10034, 10035, 10037, 10039, 10040

Queens

Ancient Song Doula Services

Telefòn:347-778-3490

Adrès Imèl: doula@ancientsongdoulaservices.com

ZIP: 11101, 11368, 11369, 11412, 11419, 11420, 11421, 11423, 11429, 11432, 11433, 11434, 11435, 11436, 11691, 11692, 11693, 11694

Caribbean Women’s Health Association

Telefòn: 718-826-2942

Adrès Imèl: CWHAdoulas@cwha.org

ZIP: 11101, 11368, 11369, 11412, 11419, 11420, 11421, 11423, 11429, 11432, 11433, 11434, 11435, 11436, 11691, 11692, 11693, 11694

Mama Glow Foundation

Telefòn: 718-510-4015

Adrès Imèl: info@mamaglow.com

ZIP codes: 11101, 11368, 11369, 11412, 11419, 11420, 11421, 11423, 11429, 11432, 11433, 11434, 11435, 11436, 11691, 11692, 11693, 11694

Staten Island

Community Health Center of Richmond

Telefòn: 917-830-1200

Adrès: gharris@chcrichmond.org

ZIP codes: 10301, 10303, 10304, 10310

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers