fbpx Sèvis pou imigran ki fenk rive Nouyòk yo - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 19, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Sèvis pou imigran ki fenk rive Nouyòk yo

Si w se yon imigran Ayisyen ki rive Nouyòk pou premye fwa, gen anpil chans pou w gen difikilte pou w oryante w nan direksyon resous ki pi nesesè pou ou yo.

Li toujou pran yon ti tan pou yon imigran adapte l nan yon nouvo peyi, oubyen nan yon nouvo vil li chwazi viv. Sa ap mande l tan pou l konnen ak konprann kijan kèk bagay fonksyone nan nouvo espas sa a. 

Gen yon seri sèvis, l ap pran tan pou l lokalize ki kote ki bay yo, ak kijan pwosesis yo ye pou l benefisye yo. Pou rezon sa yo, nou mete gid sa a dispozisyon w pou w konnen, ki sèvis w ap jwenn rapidman Nouyòk, ki kote, ak ki enstitisyon k ap fasilite w ladan yo. 

Si w ta renmen jwenn yon gid sou yon sèvis pou imigran Ayisyen k ap viv Nouyòk, ou kapab voye yon imèl bay adrès ralph.thomassaint@documentedny.com  

Sonje mete tout kesyon ou ta renmen jwenn repons yo. Apre sa, vizite sit documentedny.com nan, kote w ap jwenn divès resous ki disponib pou imigran k ap viv Nouyòk. 

Dokiman idantite

Lè w fenk rive Nouyòk, youn nan premye bagay ou dwe panse genyen, se yon kat idantite k ap itil ou anpil. Konsa, ou pap oblije mache ak yon paspò sou ou, kote ou riske pèdi l, epi tonbe nan plis pwoblèm. Kat idantite Nouyòk la ki se IDNYC a, disponib pou tout moun a pati laj 10 zan, kèlkeswa estati migratwa moun nan. 

Vil Nouyòk bay tout imigran posibilite pou yo genyen yon kat idantite, ki se yon dokiman idantite ofisyèl k ap pèmèt non sèlman idantifye w, men, fè yon pakèt tranzaksyon. 

Pa ekzanp, ak kat idantite Nouyòk la, w ap kapab vwayaje nan ayewopò Etazini pou w ale nan divès vil oubyen eta nan peyi a, san w pa bezwen paspò w. W ap jwenn sèvis nan plizyè pwogram vil Nouyòk bay, pa ekzanp, pou w enski kòm manm nan mize vil la, pou w prete liv nan biblyotèk minisipal yo. 

Ak kat idantite a, w ap kapab antre nan batiman piblik yo, epi itilize sèvis bisiklèt vil la mete a dispozisyon tout moun. 

Ou kapab li tou: Men tout etap pou w suiv pou w fè kat idantite a nan Nouyòk. 

Kont labank

Yon lòt etap ki enpòtan lè w fenk rive nan vil Nouyòk, se ouvè yon kont labank. Sa ap fasilite w sere lajan w, epi, fè divès tranzaksyon ki enplike lajan ladan yo. 

Pa ekzanp, kont labank la ap itil ou pou w achte pwodui ak sèvis sou entènèt, pou w transfere lajan bay moun aletranje. W ap kapab peye bil ou epi w ap genyen yon istorik kredi k ap fasilite w genyen yon kat kredi, prete lajan, e menm benefisye opòtinite pou w envesti Etazini. 

Lè w ouvè yon kont labank, li jeneralman ba w aksè otomatikman ak yon kat debi k ap ede w nan tranzaksyon chak jou yo. Pa ekzanp, pou w peye nan makèt, pou w achte tikè bis ak tren nan aparèy ki la pou sa yo. 

Men tout etap ou dwe suiv pou w ouvè yon kanè bank Nouyòk. 

Klas anglè

Pale lang tout moun pale nan yon espas ou fenk rive kapab fasilite w anpil bagay. Si w deside viv Etazini, li enpòtan pou w pale ak konprann lang anglè a, pou w kapab genyen bon kontak ak moun, epi enstitisyon yo. 

Metriz lang lan ap ede w abòde moun pi fasil, men tou, l ap itil ou anpil lè w ap aplike pou yon travay nan peyi a. L ap ede w entegre w pi rapidman nan sosyete a, antre nan pwogram fòmasyon lekòl yo genyen, epi kominike tout bezwen ou genyen lè w rankontre moun ki kapab ba w sèvis ou bezwen an. 

Nouyòk gen plizyè espas ki bay klas anglè gratis pou imigran yo, kèlkeswa estati migratwa yo. Anpil nan klas sa yo anseye baz anglè a, ki se premye etap pou yon imigran eksprime bezwen prensipal yo. Anpil nan klas sa yo evalye nivo anglè imigran yo anvan pou yo mete yo nan pwogram ki adapte ak nivo sa a. 

Men tout kote w ap jwenn klas anglè gratis Nouyòk. 

Asistans legal

Anpil fwa, imigran yo bezwen asistans yon pwofesyonèl ki konn lalwa peyi a, pou oryante yo nan yon seri dezisyon sou estati yo kòm imigran. 

Nan anpil ka, imigran yo bezwen yon avoka k ap ede yo travay dosye yo, konnen ak respekte delè legal yo, epi, reprezante yo devan enstitisyon tankou tribinal yo. 

Li toujou enpòtan pou w chache sèvis yon avoka pou akonpaye w nan dosye imigrasyon yo. 

Men, asistans yon avoka kapab koute anpil lajan Nouyòk. Erezman, gen plizyè òganizasyon ki bay akonpayman legal anpil fwa gratis, oubyen pou yon ti kras lajan nan kèk ka. 

Avoka sa yo konseye imigran yo sou kijan yo kapab aplike pou azil, ki chwa yo kapab fè pou legalize estati yo. Avoka yo bay konsèy sou kisa imigran yo dwe fè pou fasilite fonksyonman yo nan peyi a. 

Anpil òganizasyon Ayisyen nan Nouyòk genyen sèvis asistans legal gratis pou imigran Ayisyen yo. Òganizasyon Ayisyen k ap asiste imigran yo nan Nouyòk gen yon avantaj kote, moun k ap travay ladan yo pale kreyòl. Konsa, yo fasilite echanj yo nan konvèsasyon ant imigran yo ak avoka a. Nan kèk ka, se avoka Ayisyen ki espesyalize nan dosye imigrasyon ki asiste imigran yo dirèkteman nan òganizasyon yo. 

Pami òganizasyon ki bay Ayisyen asistans legal gratis, an kreyòl, genyen:

HAUP

Òganizasyon sa a akonpaye imigran Ayisyen yo aplike ak renouvle TPS. Li genyen yon seri sesyon enfòmasyon ak fòmasyon sou tout nouvèl ki konsène imigrasyon nan Nouyòk. Li genyen avoka ki disponib pou reponn kesyon ak akonpaye imigran yo sou chak detay ki nan dosye yo. 

Si w ap viv Queens, Avoka HAUP yo disponib jou madi ak jou jedi. Si w ap viv Brooklyn, avoka yo disponib jou lendi, mèkredi ak jedi. 

Pou w jwenn asistans avoka, ou dwe rele nan telefòn pou w pran yon radevou. Ou kapab rele yo nan nimewo sa yo:

Queens: 718-527-3776 ak 929-474-9417

Brooklyn: 718-233-1186

Life of Hope

Se yon òganizasyon Brooklyn ki bay imigran divès kalite sèvis. Pami sèvis sa yo, genyen asistans legal gratis pou imigran yo chak jedi. Pou w kapab pran yon randevou ak yon avoka, ou kapab pase nan lokal òganizasyon an, oubyen kontakte yo sou imèl oubyen nimewo telefòn yo. 

Adrès: 1377 Brooklyn Ave, Brooklyn, NY 11203

Telefòn: (718) 362-3161

Imèl: info@lohnyc.com

Men lè biwo Life of Hope louvri: 

Lendi pou rive Jedi: 9:00 AM – 7:00 PM

vandredi: 10:00 AM – 3:00 PM

Samdi: Se sou randevou sèlman

Asistans alimantè ak medikal 

Lè yon imigran rive Nouyòk, anpil fwa li konn chache opòtinite swen lasante ak èd alimantè. Anpil imigran k ap viv ak VIH/SIDA nan san yo bezwen sèvis medikaman, tès ak akonpayman sikolojik. Genyen fanm ansent ki bezwen asistans pwofesyonèl sante pou kapab ede yo pandan gwosès la, jiskaske yo akouche. 

Nouyòk gen yon pakèt sèvis gratis pou akonpaye fanm ansent ak paran yo. Ou kapab vizite gid nou ekri sou sa. Gen asistans ak sèvis gratis pou moun k ap viv ak VIH/SIDA a nan san yo. Pou w jwenn tout enfòmasyon yo pa bliye vizite gid nou an ki gen lis òganizasyon k ap bay Ayisyen sèvis an kreyòl Nouyòk. 

Si w ap chache èd alimantè, ou kapab ale sou paj sa a, kote w ap antre adrès ou. L ap ba ou ki kote ki pi pre adrès ou ye a, y ap distribiye manje gratis. 

Lòt kalite sèvis

Pou jwenn ebèjman ak lojman, pou w entegre lekòl pwofesyonèl yo, pou w enskri timoun nan lekòl ak aktivite paraskolè, toujou vizite paj documentedny.com nan. Gen yon seksyon resous ki bay anpil enfòmasyon an Kreyòl.

Gen plizyè òganizasyon Nouyòk ki bay Ayisyen yo divès kalite sèvis an kreyòl. W ap jwenn kontak òganizasyon sa yo la a.

Pou  plis enfòmasyon voye kesyon bay adrès imèl ralph.thomassaint@documentedny.com 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers