fbpx SNAP: Yon pwogram pou w benefisye manje gratis nan Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Sep 29, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

SNAP: Yon pwogram pou w benefisye manje gratis nan Nouyòk

Plizyè imigran ki rive Nouyòk konn gen anpil difikilte pou yo jwenn manje akoz mwayen yo poko pèmèt yo. Erezman, genyen plizyè pwogram distribisyon kote òganizasyon yo akonpaye imigran yo nan ba yo kit alimantè. Konsa tou, genyen pwogram piblik ki asire yo moun yo resevwa manje yon fason regilye. Nan gid sa a, n ap bay detay sou pwogram SNAP la.

SNAP

An anglè SNAP se Supplemental Nutrition Assistance Program. Sa vle di, pwogram asistans manje adisyonèl. Anpil moun konnen l sou non Food Stamp tou. Se yon pwogram ki la pou ede moun ki pa rantre gwo lajan yo, benefisye manje nan makèt yo. Pwogram SNAP la non sèlman pou fanmi ki rantre ti kras lajan chak ane, li la tou pou granmoun ak moun k ap viv ak yon andikap. 

Moun ki elijib nan pwogram SNAP la itilize yon kat ki rele EBT (Electronic Benefit Transfer) pou yo kapab achte manje nan boutik ak nan makèt yo. Chak mwa, leta ajoute kredi SNAP la sou kat EBT a pou benefisyè yo kapab itilize tankou lajan pou yo ache manje nan yon seri makèt ak boutik leta otorize. 

Lè ou benefisye SNAP, ou kapab achte pen ak sereyal, fwi ak legim, vyann ak pwason, pwodui ki fèt ak lèt. Ou kapab achte semans k ap pèmèt ou plante pou w jwenn manje pou w manje. 

Men, li entèdi pou w achte bwazon ki gen alkòl tankou byè, diven, likè. Ou pa kapab achte sigarèt, ak tout lòt pwodui ki pa manje. Pa ekzanp, ou pa kapab itilize SNAP pou w achte papye ijyenik, savon, medikaman, elatriye. Ou pa gen dwa tou achte manje ki tou pare tankou pla cho yo. 

Kijan yon moun elijib?

Pou w benefisye pwogram SNAP la, gen yon seri kritè ou dwe ranpli. Si w se yon immigran, ou dwe gen rezidans legal Etazini pou w elijib. Si ou se yon imigran iregilye, oubyen, si ou se yon imigran k ap viv Etazini depi mwens pase senk ane, gen yon seri restriksyon k ap genyen pou ou. Sof si ou nan gwoup moun ki refijye yo, moun ki viktim fòm trafik ki grav yo (moun ki gen viza T yo), moun ki benefisye azil, oubyen moun ki gen otorizasyon pou yo pa depòte yo. 

Yon moun elijib sou baz kantite moun li genyen nan fwaye l, ak kantite lajan li rantre.

Kijan ou kapab aplike?

Ou kapab aplike pou SNAP sou entènèt sou lyen sa a. Ou kapab aplike nenpòt ki lè ak nenpòt ki jou. Anvan ou aplike, asire w ou genyen dokiman sa yo:

  • Kat sekirite sosyal ou 
  • Yon souch chèk ki resan
  • Dokiman ki bay prèv lajan ou peye kay oubyen apatman w ap viv la
  • Dokiman taks ou peye sou kay ou genyen an
  • Fich asirans kay kote w ap viv la
  • Ou kapab ranpli fòmilè aplikasyon an, apre sa, ou voye l pa lapòs, oubyen Fax bay biwo sèvis sosyal lokalite w la. Lè w  voye aplikasyon w lan ale, depatman sèvis sosyal la kapab kontakte w si l bezwen enfòmasyon anplis pou detèmine si w elijib. Depi w elijib, w ap resevwa SNAP la nan mwens pase 30 jou. 
  • Ou kapab ale an pèsòn pou w aplike pou SNAP la nan youn nan depatman lokal sèvis sosyal yo. W ap jwenn adrès yo la a. Oubyen ou kapab ale nan yon biwo SNAP. Men adrès yo nan Nouyòk:

Bronx

Concourse SNAP Center

Adrès: 1375 Jerome Avenue, 2nd Fl., Bronx, NY 10452

Lendi rive Vandredi 8:30 am to 5:00 pm

Crotona SNAP Center

Adrès: 1910 Monterey Avenue, 5th Fl., Bronx, NY 10457

Lendi rive Vandredi 8:30 am to 5:00 pm

Hunts Point SNAP Center: 

Adrès: 845 Barretto Street, B-Level Fl., Bronx, NY 10474

Brooklyn

Lendi rive Vandredi 8:30 am pou 5:00 pm

HRA Benefits Access Center Coney Island:

Adrès: 1912 Mermaid Avenue, 1st & 2nd Fl., Brooklyn, NY 11224

Lendi rive Vandred 8:30 am – 5:00 pm

East New York SNAP Center: 

Adrès: 404 Pine Street, 1st Fl., Brooklyn, New York 11208

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Williamsburg SNAP Center: 

Adrès: 2 George Street, 1st Fl., Brooklyn, NY 11206

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Manhattan

East End SNAP Center: 

Adrès: 2322 Third Avenue, 3rd Fl., New York, NY 10035

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Washington Heights SNAP Center: 

Adrès: 4055 10th Avenue, Lower Level, New York, NY 10034

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Genyen sèvis SNAP nan HRA Benefits Access Center Lower Manhattan: 

Adrès: 109 E. 16th Street, New York, NY 10003

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Genyen sèvis SNAP nan HRA Benefits Access Center St. Nicholas: 

Adrès: 132 W. 125th Street, New York, NY 10027

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Queens

Jamaica SNAP Center: 

Adrès: 165-08 88th Avenue, 3rd Fl., Jamaica, NY 11432

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Queens SNAP Center: 

Adrès: 32-20 Northern Blvd., 2nd Fl., LIC, NY 11101

(Antre an nan One Honeywell Street)

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Rockaway SNAP Center: 

Adrès: 219 Beach 59th Street, 1st Fl., Rockaway, NY 11692

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Staten Island

Richmond SNAP Center: 

Adrès: 201 Bay Street, 2nd Fl., Staten Island, NY 10301

Lendi rive Vandredi 8:30 am – 5:00 pm

Ou kapab rele sèvis SNAP soti Lendi pou rive Vandredi soti 9:00AM pou rive 5:00PM

Telefòn: 1-800-342-3009

Imèl: nyspio@otda.ny.gov

Konbyen ou kapab resevwa nan SNAP la chak mwa?

Apre yo fin detèmine elijibilite w, lajan ki depoze sou kat EBT a kalkile sou baz kantite moun ki gen nan kay w ap viv la. 

Si ou gen difikilte pou w aplike pou SNAP la, ou kapab kontakte yon òganizasyon lokal ki pou ede w. Si w vle jwenn òganizasyon ki kapab ede w fè sa, vizite lis òganizasyon k ap akonpaye imigran Ayisyen yo Nouyòk an kreyòl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers