fbpx Li fasil pou w anbwouye nan regleman ki ekziste pou w jwenn yon pèmi pou w kapab vann nan lari Nouyòk. Men detay sou ki pèmi w ap bezwen pou w fè biznis nan lari a. - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo

Men kijan ou kapab genyen pèmi ki otorize w vann nan lari Nouyòk

Li fasil pou w anbwouye nan regleman ki ekziste pou w jwenn yon pèmi pou w kapab vann nan lari Nouyòk. Men detay sou ki pèmi w ap bezwen pou w fè biznis nan lari a.

Si w vle vann, lwe oubyen fè kèlkeswa biznis nan lari Nouyòk, ou dwe genyen yon lisans pou sa ki rele an anglè General Vendor Licence oubyen yon pèmi mobil pou vann manje ki rele Mobile Food Vending (MFV) permit. 

Se depatman konsomatè ak travayè (DCWP) ki delivre lisans jeneral pou machann yo. Lalwa ekzije DCWP pou w delivre 853 lisans bay moun ki pa veteran lame ki aplike yo. Akoz demand lan ki depase kantite pèmi yo, gen yon lis ki fèmen depi plis pase dis ane. 

Pou kounye a, se sèlman moun ki gen nimewo ki sou lis la ak veteran lame yo dechaje de responsabilite yo yon fason ki onorab, ki kapab jwenn pèmi an san yo pa sou lis la. Madanm ak mesye marye oubyen, yon patnè k ap viv nan kay ak veteran an (plasaj) gen dwa benefisye l tou. Moun sa yo, depi y ap viv Nouyòk, yo kapab aplike pou pèmi an. 

Veteran ki nan sitiyasyon andikap ki posede yon lisans jeneral kapab aplike pou yon lisans espesyalize k ap pèmèt yo vann nan kèk ri ki limite nan dokiman regleman sou vil Nouyòk la ( §2-314 of Title 6 of the Rules of the City of New York).  

Gen 2 kategori lisans espesyalize: gen youn ki gen koulè jòn ki rele an anglè Citiwide Specialized Vending licence ak youn ki gen koulè ble ki rele an anglè Midtown Core Zone vending licence. 

Se pa pou tout bagay w ap vann nan lari Nouyòk ou bezwen yon lisans. Gras ak premye amandman konstitisyon an, ak sèlman yon nimewo fiskal, ou kapab vann liv, magazin, jounal ak atizay (penti, zèv ki enprime, foto). Restriksyon sou kòmès nan lari a toujou aplike. Ou kapab resevwa yon tikè kontravansyon si w pa respekte yo. W ap jwenn restriksyon yo an anglè nan lis sa a

Aplikasyon pou Lisans Jeneral pou machann yo

Ou kapab aplike pou lisans jeneral la si ou se yon veteran lame Leta dechaje yon fason onorab, epi fò w ap viv Nouyòk. Apre sa, lòt kritè yo, fòk DCWP ba w yon nimewo ki montre ou sou yon lis ap tann. Oubyen, ou gendwa se menaj oubyen madanm/mari yon veteran Leta dechaje responsabilite militèl yon fason onorab. Fòk w ap viv Nouyòk. 

Ou kapab aplike sou entènèt sou paj aplikasyon pou Lisans Jeneral la (General Vendor License Application). Oubyen, ou kapab ale an pèsòn nan adrès sa yo:

NYC Department of Consumer Affairs (DCA)

Licensing Center

42 Broadway, Lobby

New York, NY 10004

Biwo sa a ouvè apati 9è nan maten pou rive 5è apremidi jou lendi, madi, jedi ak vandredi. Li ouvè apati 8:30 nan maten pou rive 5è apremidi le mèkredi. Kit se sou entènèt oubyen se an pèsòn, w ap bezwen ranpli menm dokiman an pou w aplike. 

Lisans ak pèmi pou vann manje nan lari Nouyòk

Pou w kapab vann manje nan lari Nouyòk w ap bezwen yon yon lisans pou w vann manje ak yon pèmi pou charyo oubyen machin ki pote manje a. Se depatman Lasante ak ijyèn mantal ki delivre pèmi sa a. Pa gen limit kantite pou lisans sa a, epi, ou kapab gen yon lisans pou w fonksyone ak yon charyo oubyen machin yon lòt moun ki gen pèmi an. 

Kantite pèmi ki disponib kounye a limite. Nouyòk pral delivre 4000 nouvo pèmi nan 10 ane k ap vini yo sou baz yon lwa ki vote an janvye 2021. Apati mwa jiyè 2022, gen 400 pèmi k ap delivre chak ane. Pwogram sa a ap fini ane 2032. 

Anvan yo ba w lisans lan, y ap mande w pou pase pandan 2 jou nan yon klas ki aprann ou manipile manje. Klas sa a se an anglè yo bay li sèlman. Ou kapab pran yon randevou pou sa a, la a.  

Lisans pou vann manje nan inite mobil yo.

Se moun ki gen otorizasyon pou prepare oubyen vann manje nan yon inite mobil (li kapab yon machin oubyen yon charyo) ki jwenn lisans sa a. Se depatman lasante ak ijyèn mantal ki delivre lisans sa a tankou yon badj idantite ak foto. Se moun k ap vann nan ki dwe aplike pou li an pèsòn. Men kijan ou kapab gen yon dosye kandidati.

  • Rele nan nimewo 311 epi mande pou w aplike pou yon pèmi pou vann manje nan inite mobil. 
  • Vizite Citywide Licensing Center ki nan nimewo 42 sou Broadway. 
  • Telechaje fòmilè pou aplikasyon an ak enstriksyon yo sou (www.nyc.gov/healthpermits)

Kijan  pou w aplike pou yon nouvo pèmi

Pou w aplike pou yon nouvo pèmi osnon pou w renouvle youn, ou kapab fè sa sou sit sa a. Oubyen, ou kapab fè yon rezèvasyon alavans pa imèl pou w ka ale an pèsòn. Ou kapab fè rezèvasyon an pa telefòn nan nimewo sa a: (212) 436-0441.

Pèmi vèt pou vann nan charyo a ba w otorizasyon pou w vann fwi ak legim nan kèk espas nan Nouyòk. Men lyen pou w aplike pou pèmi vèt pou vann nan charyo a. 

Pou w kapab vann nan yon evenman nan lari ou dwe rele biwo kowòdinasyon evenman vil Nouyòk la (New York City Office of Citywide Event Coordination and Management) nan nimewo 311 pou w jwenn lis evenman ki otorize nan lari yo. Ou kapab tou jwenn kalandriye evenman yo sou sit www.NYC.gov

Ou dwe kontakte yo pou w lwe, pou asire yon espas, oubyen jwen yon lisans tanporè nan men DCWP. 

Resous pou machann nan lari Nouyòk yo

Pwojè Machann nan Lari yo (The Street Vendor Project): 

Se yon pwojè ki genyen plis pase 1800 machann ki manm li, k ap travay pou kreye yon mouvman machann pou amelyore kondisyon yo. SVP ap travay pou korije enjistis ekonomik ak sosyal machann yo viktim nan lari Nouyòk. 

Sit entènèt yo | (646)602-5679 | svp@urbanjustice.org

Finansman: PUSHCART FUND

Puscart Fund bay machann nan lari Nouyòk yo finansman pou yo kenbe oubyen grandi ti biznis yo. Gen anpil machann ki bezwen kredi pou yo achte nouvo charyo oubyen pwodui pou biznis yo. Genyen ki bezwen finansman pou yo peye amann oubyen renouvle pèmi ak lisans yo pou yo ka rete nan biznis lan. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers