fbpx Resous pou imigran granmoun yo k ap viv Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Sep 13, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Resous pou imigran granmoun yo k ap viv Nouyòk

Menm jan ak lòt kategori imigran yo Nouyòk, moun ki gen laj avanse yo gen yon seri bezwen espesyal. Anpil fwa, yo gen difikilte pou konnen ki kalite resous ki disponib pou yo. Pafwa, se pri sèvis yo ki konn twò wo, ki fè yo pa kapab benefisye yo. 

Nan gid sa a, nou pra l ba ou kèk avantaj imigran senyò yo kapab jwenn Nouyòk. Anpil ladan yo gratis.

Medicare se yon pwogram federal ki bay moun ki gen pou pi piti 65 ane asirans swen sante Ozetazini. Moun ki pi jèn yo kapab benefisye l si yo genyen yon andikap pèmanan epi yo benefisye asirans sekirite sosyal pou andikap (Social Security Disability Insurance an anglè). 

Yon moun ki gen pwoblèm ensifizans nan ren ki nan yon stad ki avanse, oubyen yon moun ki soufrik sklewoz lateral, kapab benefisye Medicare.

Medicare ak Medicaid

Pwogram Medicare gen 4 pati ladan l, men, li pa gratis. Se pou sa, moun ki pa gen mwayen yo, aplike pou Medicaid. 

Medicaid: Se yon asirans gratis ki la pou moun ki gen salè ki ba ak pou timoun. Pou w benefisye Medicaid, ou dwe se yon sitwayen Ameriken, oubyen ou dwe ranpli kritè sou migrasyon pwogram nan mande a.

Imigran iregilye yo kapab benefisye Medicaid sèlman lè yo bezwen swen prenatal yo (anvan akouchman), ak pou swen tretman medikal ki nan ijans yo. Medicaid mande tout moun k ap aplike nan pwogram nan pou premye fwa, prèv estati migratwa yo Etazini. 

Menm jan pou plizyè lòt pwogram, yon moun elijib pou Medicaid pa rapò  ak kantite lajan ki antre nan fwaye l ap viv la, ak kantite moun k ap viv nan fwaye a. Pou moun ki gen omwens 65 ane yo, yo kapab aplike pou Medicaid nan biwo HRA (Human Resources Administration) vil Nouyòk la. Yo kapab rele nan nimewo 347-396-4705, kote y ap jwenn ajan k ap ede yo aplike pou pwogram nan gratis.

Ou dwe genyen:

  • Nimewo sekirite sosyal yo
  • Dokiman sitwayènte ameriken w oubyen dokiman ki pwouve ou se yon imigran regilye
  • Dat nesans tout moun k ap viv nan fwaye w
  • Enfòmasyon sou travay ou genyen kounye a
  • Prèv kantite lajan ki antre nan fwaye a

Sant Akèy Pou Granmoun yo

An anglè yo rele yo Older Adult Centers (OACs). Se yon seri sant ki gen plizyè pwogram ak sèvis pou granmoun. Nan sant sa yo, gen aktivite sosyal, manje, pwogram sante ak byennèt, aktivite plezi, ak aktivite edikatif. 

Gen plis pase 300 sant OAC nan Nouyòk kote granmoun yo kapab distrè yo nan plizyè aktivite rekreyatif. Yo kapab aprann nouvo aktivite tankou pratike yoga, mizik ak dans, enfòmatik, teyat, fè jaden, elatriye. Ansanm, moun yo jwe domino, bingo, echèk,tenis ak ping-pong.

Nan sant yo, genyen aktivite vwayaj pandan yon jounen, kote moun yo mache an ekip. Genyen klas sou kijan pou moun jere maladi kwonik yo. 

Pou w kapab jwenn sant OAC ki pi pre w la, ou kapab chache sou paj sa a, kote w ap antre kòd ZIP oubyen awondisman kote w ap viv la. Ou kapab kontakte sèvis Aging Connect la ki se depatman vil Nouyòk ki bay enfòmasyon ak referans pou granmoun yo nan nimewo sa a: 212 244 6469. Ou kapab voye SMS nan nimewo sa a tou. 

SAGE

Granmoun ki manm kominote LGBTQ+ yo kapab ale nan sant SAGE yo kote y ap jwenn gwoup sipò, aktivite sosyal ak kiltirèl. Gen klas enfòmatik ak entènèt, manje gratis, elatriye. Sant SAGE yo akonpaye militè ki veteran yo ak grenmoun k ap viv ak VIH/SIDA nan san yo. 

Men adrès sant SAGE yo Nouyòk:

MANHATTAN

Lendi pou rive vandredi, soti 12 pm rive 8 pm

305 7th Avenue, 15th Floor. New York, NY 10001

Telefòn: 646-576-8669

Imèl: info@sageusa.org

BROOKLYN

Lendi pou rive vandredi, soti 10 pm rive 5 pm

271 Myrtle Ave. Brooklyn, NY 11201

Telefòn: 646-518-9744

Imèl: sagebrooklyn@sageusa.org

HARLEM

Lendi pou rive vandredi, soti 10 pm rive 6 pm

220 West 143rd Street. New York, NY 10030. 

Telefòn: 646-660-8951

Imèl: sageharlem@sageusa.org

BRONX

Lendi pou rive vandredi, soti 9 pm rive 5 pm

1784 Prospect Ave. Bronx, NY 10457

Telefòn: 929-458-2150

Imèl: info@sageusa.org

STATEN ISLAND

Mèkredi soti 10 am rive 3 pm; Vandredi soti 6 am pou rive 9 pm; Samdi soti 11 am pou rive 7 pm

66 Willow Avenue, Suite 202. Staten Island, NY 10305.

Telefòn: 718-808-1365

Imèl: mirimia@pridecentersi.org

Depatman Vil Nouyòk Pou moun nan laj avanse yo (NYSOFA): Se yon ajans gouvènman an ki gen plizyès resous ak sèvis sipò pou granmoun yo. NYSOFA kapab konekte granmoun yo ak lòt pwogram ak sèvis k ap ede yo. Li bay enfòmasyon sou asirans sante, epi li ofri sèvis konsèy ak pledwaye. 

Social Adult Day Care (SADC)

Se yon pwogram vil Nouyòk ki akonpaye granmoun ki gen difikilte pou fonksyone yo. Yo fasilite yo sosyalize ak lòt moun, yo jwenn sipèvizyon, swen pèsonèl, manje ak yon espas sekirize. W ap jwenn SADC ki pre w la la a

Depatman vil Nouyòk pou granmoun yo: Se yon ajans gouvènman an ki akonpaye granmoun k ap viv nan senk awondisman Nouyòk yo atravè yon seri sèvis ak pwogram. Nan pwogram yo, yo bay granmoun yo manje, yo ofri transpò, asistans swen pèsonèl, asistans legal. Pou w jwenn plis enfòmasyon ou kapab rele nan nimewo 212-244-6469 oubyen rele nimewo 311.

Sekirite Sosyal

Se yon pwogram federal ki bay moun ki elijib yo yon seri benefis retrèt. Moun ki travay pandan yon kantite ane, epi sistèm Sekirite Sosyal Etazini an peye, yo elijib pou benefis retrèt. Sekirite sosyal gen akonpayman pou moun ki soufri andikap yo. 

Kouvèti Asirans Famasi pou Granmoun yo

Elderly Pharmaceutical Insurance Coverage (EPIC) se yon pwogram ki ede granmoun yo peye preskripsyon medikaman yo. Granmoun ki nan pati D pwogram Medicare la kapab entegre EPIC k ap ede yo peye preskripsyon medikaman yo. Pou plis enfòmasyon ak pou w kapab aplike, ou kapab klike la a

Meals on Wheels

se yon òganizasyon ki al depoze manje lakay granmoun ki paka deplase kite lakay yo. Pwogram sa la pou l asire l, granmoun sa yo ki gen difikilte pou deplase, yo jwenn manje ki gen kalite pou yo kapab rete an sante. Pou w aplike nan pwogram sa a, ou kapab ale sou sit la, kote w ap antre kòd ZIP kote w ap viv la. W ap jwenn referans ki Meals on Wheels ki pi pre kote w ye a. W ap jwenn adrès ak nimewo telefòn ou ka rele. 

Ebèjman pou Granmoun yo

Gen plizyè opsyon ebèjman ki disponib pou granmoun yo nan Nouyòk. Gen lojman kominotè endepandan, genyen kote granmoun yo ap jwenn asistans, genyen se azil retrèt pou granmoun yo. Lojman pou granmoun yo bay yo yon kote ki sekirize pou yo viv epi ale pran swen ak asistans medikal yo. Ou kapab klike la a pou plis enfòmasyon

Sèvis Transpò

Anpil fwa, li difisil pou granmoun yo jwen mwayen transpò ki adapte ak bezwen yo, pou yo deplase. Anpil granmoun konn rive nan yon pwen kote laj yo pa pèmèt yo kondui, oubyen mache ap pran transpò piblik. Nouyòk genyen plizyè opsyon pou granmoun yo sikile. Depatman ki responsab moun ki nan laj avanse yo mete bis disponib pou granmoun yo. Ou kapab rele yo nan 212-244-6469. Oubyen ale sou sit la

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers