fbpx Asistans gratis pou imigran ki viktim vyolans domestik Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 11, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Asistans gratis pou imigran ki viktim vyolans domestik Nouyòk

Gen yon liy telefòn ki disponib an pèmanans pou viktim vyolans domestik k ap chache asistans. Liy sa a bay sèvis nan 200 lang. Nimewo a se 800-799-7233 

Ou kapab voye tou yon SMS, kote w ap ekri START voye bay nimewo 88788

Nan Nouyòk, gen asistans gratis ki disponib pou moun ki viktim vyolans domestik pou ede yo pran distans ak anviwonman vyolans lan, pandan y ap chache asistans legal. Kelkeswa estati migratwa yon moun, depi li viktim vyolans domestik, gen plizye òganizasyon Nouyòk k ap ede l jwenn lojman ak lòt sevis sipò, pou li ak pitit li. 

Dapre Depatman Lajistis, vyolans domestik la, se yon seri konpòtman nan kelkeswa relasyon an, youn nan patnè yo itilize pou l genyen ak kenbe pouvwa, epi kontwole lòt patnè a. Seri konpòtman sa yo gen ladan l, eksplwatasyon oubyen abi ekonomik ak emosyonèl. Abi seksyèl, fizik, abi psikolojik ak teknolojik.

Ou kapab kontakte Biwo Eta Nouyòk pou prevansyon vyolans domestik la. Li genyen yon telefòn ki disponib an pèmanans pou ede ak asiste viktim yo. Nimewo sa a se 800-942-6906 oubyen ou kapab voye yon SMS bay 844-997-2121

  • Pou diskisyon ak mesaj sou entènet: https://opdv.ny.gov/chat.html
  • Moun ki soud oubyen ki pa tande byen yo kapab konpoze nimewo 711 
  • Nimewo pèmanans Eta Nouyòk: voye SMS nan 844-997-2121 
  • Nimewo nasyonal 24/24 sou vyolans domestik: 1-800-799-7233 oubyen 1-800-787-3224  
  • Nimewo nasyonal pèmanan pou moun ki soud. Li fonksyone soti 9 è nan maten pou rive 5 nan aprèmidi 1-855-812-1001 oubyen voye yon imèl bay deafhelp@thehotline.org

Genyen tou, NYC Family Justice Centers (NYC FJC) yo, ki disponib nan chak awondisman yo, pou asiste viktim vyolans domestik yo ak viktim vyolans ki baze sou jan. NYC FJC yo gen yon latriye sèvis ki genyen ladan yo, kijan pou w planifye pwoteksyon w, aplikasyon pou w benefisye pwogram asistans piblik, lojman ak sèvis sipò, sante mantal ak konsèy, fòmasyon sou pwogram anplwa, referans pou pwogram eskolè, asistans legal, epi, konekte w ak òganizasyon yo, oubyen otorite lapolis ak lajistis. 

Men adrès yo

NYC Family Justice Center, ki Bronx

198 East 161st Street, dezyèm etaj

Nimewo Telefòn: 718-508-1220

NYC Family Justice Center, ki Brooklyn

350 Jay Street, Kenzyèm etaj

Nimewo Telefòn: 718-250-5113

NYC Family Justice Center, ki Manhattan

80 Centre Street, senkyèm etaj

Nimewo Telefòn: 212-602-2800

NYC Family Justice Center, Queens

126-02 82nd Avenue

Nimewo Telefòn: 718-575-4545

NYC Family Justice Center, Staten Island

126 Stuyvesant Place

Nimewo Telefòn: 718-697-4300

Men lòt òganizasyon k ap asiste viktim vyolans domestik yo

Caribbean Women’s Health Association

CWHA se yon òganizasyon ki gen sèvis k ap ede moun amelyore byennèt yo, ranfòse fanmi yo ak kominote yo. Pwogram sa yo konsidere kilti moun yo, epi, òganizasyon an konekte moun l ap sèvi ak sèvis yo kapab jwenn yon fason ki fasil pou yo. W ap jwenn sèvis an kreyòl la a. 

Adrès: 3512 Church Ave, Brooklyn, NY 11203

Nimewo telefòn: (929) 399-8070

Safe Horizon

Safe Horizon’s Immigration Law Project (ILP) provides free or low-cost legal services to New York City residents who are immigrant survivors of crime, torture, or abuse. The ILP aims to secure lawful status for survivors and their families, relief from removal, and work authorization to improve economic security and access to resources and support. ILP offers legal assistance in various areas, such as U-visas, T-visas, VAWA self-petitions, adjustment of status, naturalization, removal defense, family-based petitions, and more. 

Their staff is trained to work with survivors of trauma and violence from diverse cultures and can provide services in multiple languages regardless of their immigration status. 

Safe Horizon’s Immigration Law Project (ILP) gen sèvis asistans legal gratis pou imigran k ap viv Nouyòk ki sibi eksplwatasyon fizik, abi ak sila yo ki siviv krim. ILP bay tèt li misyon pou l defann yon estati legal pou viktim yo ak fanmi yo. Li travay pou soulaje yo kont depòtasyon, epi ede yo jwenn pèmi travay yon fason pou yo kapab amelyore sekirite ekonomik yo, jwenn aksè ak resous ak divès lòt sipò. Nan ILP, imigran yo jwenn asistans legal pou viza U, viza T, aplikasyon pou VAWA, ajisteman estati migratwa, natiralizasyon, defans kont depòtasyon, petisyon familyal, ak lòt ankò. 

Moun ki travay nan ILP yo pran fòmasyon pou yo travay ak moun ki twomatize apre yo sibi vyolans. Sèvis yo disponib an Kreyòl ak nan plizyè lòt lang.

Adrès: 50 Court Street, 8th Floor

Brooklyn, NY 11201 

Nimewo Telefòn: 718-943-8632

Biwo ofisyèl Rita Joseph

Pou sèvis an Kreyòl, ou kapab kontakte biwo distri eli ofisyèl, Rita Joseph ki nan adrès 

930 Flatbush Avenue, Brooklyn, NY 11226

Pou w jwenn asistans, ou kapab rele nan nimewo 718-287-8762. Ou kapab ale dirèkteman nan biwo a, ki ouvè soti Lendi pou rive Jedi.

Pou plis sèvis nan lang kreyòl, ou kapab gade lis òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen yo an kreyòl. Òganizasyon sa yo kapab konekte w ak lòt enstitisyon k ap ba w sèvis w ap chache yo, epi, mete moun pou tradui pou ou, si w pa pale anglè. 

Men lòt òganizasyon k ap bay sèvis an anglè

CAMBA

CAMBA bay asistans legal gratis bay moun k ap viv Nouyòk, ki viktim vyolans domestik, vyolans seksyèl ak asèlman. Sèvis sa yo la pou moun ak fanmi ki gen mwayen lajan ki fèb yo

Ou kapab vizite biwo CAMBA nan 20 Snyder Avenue, Brooklyn, NY 11226

oubyen  rele nan (718) 940-6311​ 

The Salvation Army

Sou sit yo a, w ap jis antre nimewo ZIP kote w ye a, epi, y ap konekte w ak biwo ki pi pre w, k ap baw asistans ou bezwen yo. Nan pwogram yo, yo bay fanm ak timoun ki chape anba vyolans sèvis konsèy ak ebèjman.

North Brooklyn Coalition

This organization provides comprehensive assistance to help victims of domestic violence recover from trauma through therapy with no insurance or fees. They provide emotional support and counseling services. They help victims find shelter, emergency services like clothing and transportation, and legal assistance. 

Òganizasyon sa a asiste viktim vyolans domestik yo fè fas ak twomatis yo sibi yo, gras ak seyans terapi gratis, epi ki pa mande asirans. Li bay sipò emosyonèl ak sèvis konsèy. Li ede viktim yo jwenn ebèjman, sèvis ijans, rad ak mwayen transpò, asistans legal.

Telefòn: (718) 302-4073 

Imèl: help@northbrookyncoalition.org

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers