fbpx Asistans gratis pou imigran k ap viv ak VIH/SIDA Nouyòk yo - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Jan 23, 2024 | Ralph Thomassaint Joseph

Asistans gratis pou imigran k ap viv ak VIH/SIDA Nouyòk yo

Imigran k ap viv ak VIH/SIDA Nouyòk yo ap jwenn asistans ak tretman gratis, oubyen, yo koute yon ti kras lajan, pou kèlkeswa moun nan, kèlkeswa estati l kòm imigran. Moun ki gen pou pi piti 12 lane, kapab al fè tès gratis epi jwenn sèvis nan divès klinik sou sante seksyèl vil Nouyòk genyen (NYC Sexual Health Clinics an anglè). Gen sèlman 2 klinik, se sou randevou yon moun kapab jwenn sèvis sa yo. Se klinik Fort Greene Express ki chitan nan 295 Flatbush Extension nan Brooklyn; ak Chelsea Express ki chita 303 Ninth Avenue nan Manhattan. Pou w kapab planifye yon radevou nan youn nan 2 adrès sa yo. Yon minè pa bezwen konsantman paran l pou yo jwenn asistans. 

Depatman lasante vil Nouyòk la ekzije pou moun ki genyen pou pi piti 19 lane, peye yon frè pou yo kapab benefisye sèvis sante swen seksyèl yo. Yo kapab itilize plan asirans yo pou yo kapab peye vizit yo. Sila yo ki pa gen asirans sante oubyen ki pa vle itilize l pou yo peye sèvis yo, y ap mande yo, pou yo peye yon frè pwogresif, an fonksyon kantite lajan yo antre pa ane, epi kantite manm ki nan fanmi yo. Yo pap mande yo prèv sou kantite manm ki nan fanmi yo, ak sou kantite lajan yo fè chak ane. 

Men, menm san asirans ak lajan, w ap toujou jwenn sèvis. Ou pap kapab peye nan klinik yo. Pou plis enfòmasyon sou frè yo chaje yo, ou kapab klike la a

Ki sèvis sou VIH/SIDA w ap jwenn nan klinik sante seksyèl vil Nouyòk yo?

  • Pwofilaksi lè w fin ekspoze ak VIH la (PEP)
  • Moun ki resevwa rezilta tès VIH epi ki vle kòmanse tretman yo, kapab fè sa.
  • Moun ki sispèk yo gen sentom ki lye ak VIH/SIDA a, yo kapab jwenn asistans medikal pou evalye kondisyon yo.
  • Evalyasyon medikal pou moun ki ta va ekspoze ak VIH/SIDA a.
  • Tès VIH pou tout moun ki gen pou pi piti 12 lane, menm si yo pa gen sentom yo. 

Konsèy ak Pwofilaksi sou pre-ekspozisyon ak VIH/SIDA disponib sou radevou sèlman, atravè liy telefòn rezo klinik sou sante seksyèl vil Nouyòk yo. Nimewo a se 347-396-7959.

Men adrès klinik sante seksyèl vil Nouyòk yo:

  • Klinik sante seksyèl Morissania

1309 Fulton Avenue, Bronx

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten pou rive midi, apre sa, 1:00 apremidi pou rive 3:30

  • Klinik sante seksyèl Jamaica 

90-37 Parsons Boulevard, Queens

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten pou rive midi, apre sa, 1:00 apremidi pou rive 3:30

  • Klinik sante seksyèl Corona 

34-33 Junction Boulevard, Queens

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten pou rive midi, apre sa, 1:00 apremidi pou rive 3:30

  • Klinik sante seksyèl Fort Green 

295 Flatbush Avenue Extension, Second Floor, Brooklyn

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten pou rive midi, apre sa, 1:00 apremidi pou rive 3:30

  • Klinik Fort Green Express 

295 Flatbush Avenue Extension, First Floor, Brooklyn

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten pou rive midi, apre sa, 1:00 apremidi pou rive 3:30

Enpòtan!: Ou dwe pran radevou!

  • Klinik sante seksyèl Chelsea 

303 9th Avenue, Manhattan

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten, pou rive 3:30 apre midi

  • Klinik sante seksyèl Chelsea Express 

303 9th Avenue, Manhattan

Lendi pou rive Vandredi, soti 8:30 nan maten, pou rive 3:30 apre midi

Enpòtan!: Ou dwe pran randevou!

Tout klinik yo fèmen dènye Jedi chak mwa. Yo ouvè apati 10:00 nan maten twazyèm Madi chak mwa. Yo kapab fèmen bonè nan lòt jou yo, si yo atenn limit kapasite yo. 

Vizite kat dijital NYC Health pou w kapab jwenn klinik k ap bay sevis pi pre kote w vle a. W ap jwenn li la a. Oubyen, ou kapab voye yon SMS ki ekri “CARE” nan nimewo 8770877, pou w kapab jwenn klinik ki pi pre w la. 

Pou w kontakte sèvis enfòmasyon an pèmanans vil Nouyòk sou VIH/SIDA a, ou kapab rele nimewo sa a: 800-541-2437

Kit pou w fè tès poukont ou, gratis!

Pou w kapab jwenn kit gratis pou w fè tès VIH/SIDA a poukont ou, ou kapab kontakte youn nan ajans ki patisite nan pwogram CHTG a (Community Home Test Givaway). W ap jwenn yo sou kat dijital NYC Health la. W ap klike sou Sexual Health services, HIV Testing,  epi sou Free Self-test, klike Yes. 

Pwogram ebèjman pou moun k ap viv ak VIH/SIDA nan Nouyòk

Depatman lasante Nouyòk genyen yon seri pwogram pou ebèje moun k ap viv ak VIH/SIDA ki rantre ti lajan chak ane. Pwogram sa a konsène fanmi yo tou. Youn nan pwogram sa yo ki rele HOPWA (Housing Opportunities for persons with AIDS  an anglè), bay lojman pèmanan ak sèvis soutyen atravè yon seri apatman kolektif, oubyen ki pa kolektif. HOPWA pwopoze tou yo asistans pou lwe kay sou yon tan ki long, epi asistans pou mete moun nan lojman, yon fason pou kapab ede yo stabilize ebèjman yo api amelyore kalite lavi yo. Pou w jwenn Pwogram HOPWA ki pi pre w la, klike la a

Gen yon lòt pwogram ki rele an anglè The Ryan White Part A Housing Program ki bay opòtinite pou ebèjman pandan yon ti tan ki kout, ebèjman tranzisyonèl ak asistans pou plase moun elijib k ap viv ak VIH/SIDA a yo nan kay. Se yon fason pou yo kapab toujou gen aksè ak asistans epi tretman medikal. Nan pwogram sa a, moun ki elijib yo benefisye ebèjman pou yon tan ki pa long, nan apatman kolektif, apatman ki pa kolektif. Yo jwenn tou asistans pou lwe kay pou yo tan ki kout, oubyen, ebèjman pèmanan kote y ap jwenn konsèy, sèvis referans, ak tout lòt kalite sipò. 

Òganizasyon k ap asiste gratis moun k ap viv ak VIH/SIDA

Imigran k ap viv ak VIH/SIDA Nouyòk yo, ki pa pale kreyòl sèlman, ap jwenn asistans an kreyòl nan òganizasyon sa yo: 

Adrès: 3512 Church Ave, Brooklyn, NY 11203

Telefòn: (929) 399-8070

  • Diaspora Community Services

Adrès: 921B East New York Avenue

Brooklyn, NY 11203

Telefòn: (718) 399-0200

Imèl: info@diasporacs.org

Konsilte lis òganizasyon k ap asiste imigran Ayisyen yo gratis Nouyòk. 

Men lòt òganizasyon k ap sèvi imigran k ap viv ak VIH/SIDA yo gratis

Manhattan

The Institute for Family Health nan 17th Street: (212) 206-5200

Family Health Center nan Harlem: (212) 423-4500

Bronx

Urban Horizons Family Health Center: (718) 293-3900

Hudson Valley

Kingston Family Health Center: (845) 338-6400

Ellenville Family Health Center: (845) 647-4500

Moun ki gen VIH/SIDA yo nan Nouyòk ap jwenn sèvis transpò pou al pran swen lasante, pou ale nan gwoup sipò, nan fòmasyon pou travay, kou sou baz enfòmatik ak manipilasyon òdinatè, ebèjman, elatriye. 

87 N Clinton Ave.

Rochester, NY 14604

Telefòn: (585) 546-7220

1099 Jay Street

Building J

Rochester, NY 14611

Telefòn: (585) 339-9800

Imèl: ccfcs@fcscharities.org

Manm kominote LGBTQ+ yo k ap viv ak VIH/SIDA a nan Nouyòk ap jwenn sèvis ak asistans gratis nan Caribbean Equality Project. Pami sèvis sa yo, genyen tès gratis, edikasyon seksyèl, kapòt gratis, pwofilaksi, elatriye. 

Imèl: info@CaribbeanEqualityProject.org

Telefòn: (347) 709-3179

1720 Church Avenue

Brooklyn, NY 11226

718-287-2600

info@CAMBA.org

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers