fbpx Òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen yo nan Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 10, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen yo nan Nouyòk

Pami imigran ki ap viv Nouyòk yo, sitou sila yo ki ap chache azil, genyen plizyè sitwayen Ayisyen, ki bezwen tout kalite akonpayman. Youn nan pwoblèm yo rankontre souvan, se fason yo pa kapab kominike bezwen yo bay òganizasyon yo, paske anpil ladan yo pa pale anglè. Nan sans sa a, lang lan se yon gwo baryè ki anpeche imigran sa yo gen aksè ak resous ki disponib pou yo. 

Erezman, genyen kèk òganizasyon nan Nouyòk ki gen manm nan ekip yo ki la pou ede Ayisyen yo fè fas ak pwoblèm lang lan. Nan gid sa a, nou konpile kèk nan òganizasyon ki Nouyòk k ap akonpaye imigran, kote Ayisyen yo ap jwenn moun k ap sèvi yo an kreyòl. Òganizasyon sa yo gen divès kalite resous pou imigran tankou manje, asistans legal gratis, elatriye. 

Life of Hope

Se yon òganizasyon Ayisyen nan Brooklyn, ki bay imigran yo divès kalite sèvis. Manm LOH yo pale anglè, fransè ak Kreyòl. Imigran yo ap jwenn klas anglè gratis, asistans legal gratis, manje. 

Gen pwogram akonpayman pou jèn timoun ki nan fami ki pa gen gwo revni. Jèn sa yo jwenn ankadreman pou oryante yo nan fason y ap pran desizyon k ap itil yo, nan fikse objektif pou karyè yo ak lavi yo an jeneral. Yo jwenn tou fòmasyon sou jesyon finans yo, fason pou yo ekri CV ak imèl, fotografi, elatriye. 

Imigran ki majè yo ap jwenn klas anglè ak kou enfòmatik yon fason pou yo kapab kominike ak enstitisyon tankou lekòl, labank, eltariye. Genyen preparasyon ki fèt sou kijan pou yo pase ekzamen epi ranpli aplikasyon pou natiralizasyon ak entèvyou pou yo vin sitwayen ameriken. Nan LOH yo aprann imigran yo sou dwa yo ak responsabilite yo. 

Adrès: 1377 Brooklyn Ave, Brooklyn, NY 11203

Telefòn: (718) 362-3162

Imèl: info@lohny.com 

Haitian Women for Haitian Refugees

Se yon òganizasyon ki ekziste depi 1992 pou akonpaye refijye ak imigran Ayisyen k ap viv Etazini. Objektif li, se fè pwomosyon jistis sosyal ak ranfòse kapasite imigran Ayisyen yo. Pami pwogram li yo genyen edikasyon kominotè sou dwa imigran Ayisyen yo lè y ap travay Ozetazini, klas anglè. HWHR genyen klas anglè ak fòmasyon sou kijan pou imigran Ayisyen yo chahe ak negosye travay, pou yo pa viktim eksplwatasyon ak politik ki kont imigrasyon. Klas sa yo fèt chak lendi ak mèkredi soti 7tè pou rive 9è nan aswè. HWHR genyen sesyon enfòmasyon ak asistans legal gratis sou imigrasyon. 

Adrès: 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY 11226

Telefòn: (718) 462-0791

Imèl: haitianwomen@aol.com

Haitian American United for Progress (HAUPINC)

Depi ane 1975, HAUP ap akonpaye imigran ak refijye Ayisyen yo Ozetazini, espesyalman, Nouyòk. Òganizasyon sa a gen plizyè pwogram ak sèvis pou sipòte moun ki gen divès kalite bezwen. Pami yo, fòmasyon, swen sante, asistans ak moun ki gen bezwen espesyal. HAUP genyen pwogram eskolè (Pre-K) gratis pou timoun ki genyen 4 lane yo.  Men pami sèvis w ap jwenn nan HAUP: 

  • Sèvis swen sante
  • Referans pou enskri nan lekòl
  • Konsiltasyon legal sou imigrasyon
  • Enskripsyon nan asirans sante
  • Klas anglè
  • Fòmasyon pou moun k ap prepare tès pou vin sitwayen ameriken. 
  • Pwogram akonpayman pou jèn yo. 
  • Enskripsyon pou kat idantite Nouyòk la
  • Asistans pou sante mantal 
  • Haup tradui an anglè dokiman tankou sètifika nesans, sètifika maryaj, dokiman akademik, eltatriye. 
  • Asistans pou moun ki viktim vyolans domestik. 
  • Asistans pou fanm ansent ak timoun yo. 
  • Sansibilizasyon ak vaksen kont Covid-19
  • Pwogram apre lekòl pou timoun soti 6 lane pou rive 21 lane,  k ap viv Queens ki genyen bezwen espesyal akoz yo gen reta devlopman. 
  • Pwogram reyabilitasyon ak sosyalizasyon pou moun andikape. 

Men diferan adrès HAUP yo: 

Biwo ki Jamaica a

209-05 Jamaica Avenue

Queens Village, New York 11428

Telefòn: 929-474-9417

Biwo ki Brooklyn nan

1760 Nostrand Avenue

Brooklyn, NY 11226

Telefòn: 718-233-1186

Biwo ki Hillside la

197-17 Hillside Avenue

Hollis, New York 11423

Telefòn: 718-527-3776

Diaspora Community Services  

Depi lè l kreye an 1981, Diaspora Community Services ap sèvi moun k ap viv Brooklyn ki rantre ti kras lajan, imigran ak moun ki gen maladi kwonik. Òganizasyon sa a ofris divès fòm asistans ak sipò, epi li gen pwogram ki konsidere kilti moun l ap sèvi yo. Misyon li, se ranfòse kapasite moun ak fanmi yo, pou yo reyisi gras ak pwomosyon swen sante, sèvis ak pledwaye. Men pami sèvis w ap jwenn nan Diaspora Community Services: 

  • Akonpayman legal, pledwaye ak asistans nan tribinal
  • Konsèy ak goup sipò, konsèy, asistans pou aksè a lopital, klinik ak lòt bezwen medikal pou moun ki viktim divès fòm agresyon domestik ak seksyèl. 
  • Fòmasyon ak konsèy pou travay
  • Distribisyon kapòt, tès VIH/SIDA, edikasyon seksyèl, akonpayman fanm k ap viv ak VIH/SIDA.
  • Tès pou maladi Epatit C
  • Vaksen kont Covid-19
  • Fòmasyon sou lidèchip pou jèn yo
  • Gen sèvis nan kay yo, pandan 24 mwa, pou moun ki ansent oubyen ki gen timoun. Moun ki kite kay yo, oubyen ki pa gen kote pou yo rete, manm kominote LGBTQ+ la. Moun ki gen ant 16 ak 20 lane

Adrès: 921B East New York Avenue

Brooklyn, NY 11203

Telefòn: (718) 399-0200

Imèl: info@diasporacs.org

Flanbwayan Haitian Literacy Project  

Òganizasyon sa a akonpaye jèn imigran Ayisyen yo ki Nouyòk nan fasilite yo devlope potansyèl yo. Li gen yon seri pwogram edikasyon, lidèchip, ak travay ki ede yo konstwi ak ranfòse kominote yo. Flanbwayan bay tèt li objektif pou l transfòme lavi imigran Ayisyen yo ak diferan pwogram sa yo, yo fason pou yo atenn tout potansyèl yo.  Men sèvis jèn imigran Ayisyen yo ap jwenn: 

  • Enskripsyon ak referans pou enskripsyon nan lekòl
  • Pwogram ak aktivite sou lidèchip
  • Aktivite kiltirèl

Adrès: 3116 Clarendon Road, Brooklyn. 

Telefòn: 718.774.3037

Imèl: info@flanbwayan.org

Caribbean Women’s Health Association

CWHA bay sèvis pou amelyore byennèt moun, akonpaye fanmi, epi ranfòse kapasite kominote yo. Pwogram li yo konsidere diferans kiltirèl moun ki bezwen yo, pou li kapab byen sèvi yo. Òganizasyon sa a akonpaye fanm ki gen gwosès ak risk, fanm ki fenk akouche, fanm ki nan mitan 2 gwosès. CHWA akonpaye fanm sa yo, pitit yo, jèn yo gras ak travay sansibilizasyon, kowòdinasyon laswenyay, edikasyon kominotè. Men pami sèvis imigran yo ap jwenn: 

  • Enskripsyon nan asirans sante Medicaid 
  • Asistans sou VIH/SIDA
  • Akonpayman pou aplikasyon pou natiralize oubyen vin sitwayen ameriken
  • Akonpayman pou jwenn pèmi travay
  • Petisyon pou manm fanmi ki aletranje
  • Asistans sou Green Card

Adrès: 3512 Church Ave, Brooklyn, NY 11203

Telefòn: (929) 399-8070

Biwo Ofisyèl Rita Joseph

Rita Joseph, se yon ofisyèl vil Nouyòk ki te genyen eleksyon ane 2021 yo pou l vinm manm konsèy 40tyèm sikonskripsyon vil la. Nan sans sa a, li reprezante zòn sa yo: Flatbush, Prospect Lefferts Garden, Kensington, Ditmas Park, Southern Crown Heights. Rita Joseph se yon imigran Ayisyen ki pale kreyòl. 

Biwo li disponib pou sèvi imigran Ayisyen ki bezwen divès sèvis, tankou enskri timoun nan lekòl yo, oryante imigran yo pou jwenn divès kalite resous yo bezwen. Biwo Rita Joseph la kapab konekte w ak plizyè lòt òganizasyon ki Nouyòk. 

Adrès: 930 Flatbush Avenue, Brooklyn, NY 11226
Telefòn: 718-287-8762

Si w gen kesyon sou atik sa a, oubyen, ou gen yon òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen ou vle ajoute nan lis sa a, voye yon imèl bay ralph.thomassaint@documentedny.com 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers