fbpx Men fason ou kapab aplike pou lojman piblik Nouyòk yo - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Aug 04, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Men fason ou kapab aplike pou lojman piblik Nouyòk yo

Nan Nouyòk, depatman lojman piblik la NYCHA ap jere, genyen plizyè opsyon pou moun ki pa rantre gwo lajan chak ane jwenn lojman bon mache. Lojman sa yo disponib pou moun k ap viv Nouyòk ak yon estati imigrasyon  tankou rezidan, oubyen si w genyen estati refijye oubyen moun ki nan azil. Oubyen tou, si youn nan moun ki nan fwaye a se yon sitwayen Ameriken oubyen, yon imigran ki gen youn nan estati nou sot site yo , ou kapab aplike, Nan atik sa a, w ap jwenn enfòmasyon sou kijan ou kapab aplike pou w benefisye lojman piblik yo. 

Kisa yon lojman piblik ye?

Se yon pwogram lojman gouvènman an genyen, pou pèmèt moun viv nan yon bilding rezidansyèl kote pri lwaye a ba, oubyen, li gratis. Lojman piblik yo jeneralman la pou fanmi ki pa rantre gwo lajan pa ane. Se pa pwopriyetè prive ki jere yo, men, se enstitisyon leta ki posede yo. Pafwa, lokatè yo konn gen opsyon pou yo achte lojman piblik kote y ap viv la. Pou sa, yo dwe ranpli kèk kritè, epi, yo dwe jwenn otorizasyon depatman lojman piblik la. 

Se NYCHA (New York City Housing Authority) ki posede epi jere lojman piblik yo nan Nouyòk. Se li menm ki jere Seksyon 8 pwogram asistans lwaye kay yo nan Nouyòk. Lojman li jere yo genyen kay ki pou youn oubyen 2 fanmi. Genyen tou apatman, kay yon sèl etaj, ak bilding ki gen plizyè apatman ladan yo. Gen plis pase 400 000 moun Nouyòk nan 5 awodisman yo k ap viv nan 178 895 lojman piblik. Gen plis pase 160 000 aplikasyon k ap tann repons pou benefisye lojman piblik yo. 

Ki diferans ki genyen ant lojman piblik ak Seksyon 8 la?

Men si lojman piblik ak Seksyon 8, se 2 pwogram leta finanse, lojman piblik yo se yon seri apatman NYCHA posede epi jere. Seksyon 8 la li menm, li ede moun ki elijib yo lwe lojman prive. Nan sans sa a, se pwopriyetè kay yo ki resevwa peman lwaye a. Li enpòtan pou n konnen, lis pou w aplike pou Seksyon 8 la fèmen nan moman. Kidonk, yo pap aksepete nouvo aplikasyon. 

Lojman piblik ak frè sa mande

Yo kalkile lwaye lojman piblik yo sou baz 30 pousan lajan fwaye a rantre pa ane, apre yo fin konsidere tout prelèvman ki dwe fèt yo. Depatman Lojman ak devlopman vil yo Etazini, gen règleman ki otorize pou yo konsidere pran 480 dola sou chak moun ki nan fwaye a, 400 dola sou fanmi ki nan laj avanse yo oubyen andikape yo. Apre sa, yo kapab pran lajan nan fwaye ki genyen moun ki nan laj avanse ak moun ki gen yon andikap, pou kouvri kèk depans medikal. 

Lajan lwaye pifò lojman piblik yo kouvri gaz ak kouran. Si lojman piblik ou lwe a pa gen sa yo nan lwaye a, ou dwe peye frè yo dirèkteman. Men, ou kapab jwenn yon akonpayman lajan nan men leta. 

Kijan ou kapap vinn yon benefisyè ?

Si w vle aplike pou lojman piblik nan Nouyòk, men tout sa w ap gen bezwen:

  • Fòk nan kay la, gen omwens yon moun ki se yon sitwayen ameriken, oubyen yon moun ki gen yon estati imigran ki legal (rezidans, refijye, moun ki nan azil).
  • Ou dwe genyen pou pi piti 18 lane, oubyen ou se yon minè ki emansipe. 
  • Si w ap aplike ak yon moun (madanm/mari oubyen yon moun ou plase avè l), moun nan dwe gen pou pi piti 18 lane. 
  • Si se pou yon lojman piblik pou moun ki nan laj avanse w ap aplike, fòk ou menm ak tout moun k ap viv nan kay la genyen pou pi piti 62 lane.
  • Ou dwe ranpli kritè definisyon NYCHA a genyen pou fanmi an ki genyen ladan l: omwens 2 moun ki gen lyen parante nan san yo, maryaj, plasaj, adoption, oubyen ou se yon moun k ap viv poukont ou.
  • Fòk lajan fwaye a rantre chak ane respekte limit sa yo:
Kantite moun ki nan fanmi anLajan ki rantre pandan yon ane
1$74 800
2$85 450
3$96 150
4$106 800
5$115 350
6$123 900
7$132 450
8$141 000

Kijan ou kapab aplike?

Ou kapab aplike sou entènèt oubyen ou kapab voye dosye w yo pa lapòs. Si w vle aplike sou entènèt, ale sou sit NYCHA a pou w depoze dosye w. Lè w fin depoze dosye a, w ap resevwa yon nimewo pou dosye w la. Se konsa, w ap sou yon lis kote w ap tann tou pa w pou yon entèvyou k ap konsidere si ou ka patisipe . Ou kapab tcheke nenpòt moman, nan ki nivo dosye w la ap avanse, sou lyen sa a. W ap jis anrejistre pwofil ou, epi w antre nan dosye w la. 

NYCHA ankouraje moun pou yo aplike sou entènèt. Men, si ou swete depoze dosye w la sou fòm papye, ou kapab rele san sèvis konsomatè NYCHA a nan nimewo 718-707-7771 pou w kapab mande yon aplikasyon papye. 

Ou pa oblije depoze dokiman pou w aplike pou yon lojman piblik. Si w resevwa yon envitasyon pou entèvyou, w ap gen pou w pote dokiman sa yo pou entèvyou a:

  • Sètifika maryaj oubyen dokiman ki jistifye plasaj (si sa valab)
  • Sètifika nesans tout moun k ap viv avè w
  • Kat sekirite sosyal tout moun k ap viv avè w
  • Prèv estati migratwa w 
  • Prèv adrès ou rete nan moman an pa ekzanp, kopi bil ou
  • Resi lwaye 6 dènye mwa yo ak kontra lwaye a
  • Dokiman lajan ou rantre tankou kopi chèk, prèv peman, lèt SNAP
  • Dokiman ki pwouve sa w posede tankou relve labank

Ki pwosesis apre w fin depoze aplikasyon an?

Se sou baz enfòmasyon ki pi resan ou depoze nan sistèm aplikasyon pou lojman piblik yo NYCHA ap detèmine si ou kalifye pou yon entèvyou elijibilite. Si pami enfòmasyon ki nan dosye w la, gen kèk bagay ki chanje, ou dwe fè NYCHA konnen. 

NYCHA seleksyone moun ki depoze demann yo sou baz awondisman yo chwazi, gwosè kay oubyen apatman an, priyorite yon dosye genyen sou lòt yo, ak dat aplikasyon an. Men, akoz gen plizyè fanmi ki sou lis la k ap tann, epi, tan sa pran pou yon kay lib, li enposib pou gen yon estimasyon sou tan sa ap pran pou yon moun jwenn yon entèvyou.

Apre w fin pase entèvyou a, lè NYCHA konsidere li posib pou ou kapab  benefisye yon lojman piblik, l ap fè w konnen si w sou lis fanmi k ap tann yon lojman nan awondisman ou bezwen an. Lè yon lojman ki reponn ak kritè w yo disponib. NYCHA ap verifye kazye jidisyè tout  moun ki nan fwaye w la, ki gen pou pi piti 16 lane. Si tout moun pase tès pwofil sa a, w ap kapab al rete nan lojman an. NYCHA ap voye yon lèt pou ou k ap eksplike w kisa pwochen etap yo ye. Si w pa reponn lèt la, NYCHA ap konsidere aplikasyon w lan pa valab ankò. 

Pou plis enfòmasyon, ale sou sit Access NYC a. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers