fbpx Kote k ap bay imigran yo manje gratis Nouyòk - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Oct 04, 2023 | Ralph Thomassaint Joseph

Kote k ap bay imigran yo manje gratis Nouyòk

Gen plizyè kote nan Nouyòk ki fè distribisyon manje gratis pou imigran kèlkeswa estati yo. Imigran yo ap jwenn swa manje kuit, oubyen engredyan ak pwodui pou yo kuit manje lakay yo. Gid sa a genyen referans kèk pami tout kote k ap bay manje gratis Nouyòk yo. 

Pou tout moun

Distribisyon kit alimantè ak manje kuit

Gen plizyè kote nan Nouyòk ki toujou ap distribiye kit alimantè oubyen manje kuit. Anpil fwa, se òganizasyon lokal yo, legliz ak òganizasyon imanitè ki fè distribisyon yo. Espas ak lè yo bay manje yo varye an fonksyon enstitisyon yo. Pou w konnen ki kote k ap distribiye manje, ki pi pwòch kote w rete a, ou kapab ale sou sit èd alimantè vil Nouyòk la. W ap antre adrès ou vle a, epi sit la a ap ba tout kote ki pi pre w k ap distribiye manje. 

Pou w benefisye kit alimantè ak manje nan espas distribisyon sa yo, yo pap mande w estati w kòm imigran ak ki kantite lajan ou rantre. Nenpòt moun kapab benefisye pwogram èd alimantè sa yo. 

Pou fanm ansent, ti bebe ak timoun

WIC: se yon pwogram federal ki fè distribisyon manje gratis pou bay fanm ansent ki pa gen gwo salè, fanm ki fenk akouche, ak timoun ki gen mwens pase 5 ane, ki riske soufri malnitrisyon. Anplis distribisyon manje, pwogram WIC la fè edikasyon ak bay konsèy sou nitrisyon ak alètman, li sipòte lòt sèvis ak pwogram ki fè pwomosyon lasante.

Kijan yon moun elijib?

Jeneralman, WIC chwazi benefisyè pwogram nan sou baz salè moun yo ak risk ki genyen sou sante yo pa rapò ak alimantasyon yo. Nan sans sa a, WIC konsidere kantite lajan ki antre nan fwaye moun ki aplike pou benefisye pwogram nan, ak ki kantite moun ka p viv nan fwaye a. 

  • Fanm ansent ak fanm ki akouche: Fanm ki ansent yo ap jwenn akonpayman rive jis 6 mwa apre akouchman an. 
  • Ti bebe ak ti moun: Y ap resevwa akonpayman WIC jiskaske yo genyen 5 ane. 

Kijan pou w aplike

  • Ou dwe ale nan youn nan ajans ki pi pre w yo pou aplike pou pwogram nan. Pou w konnen ki ajans k ap bon pou ou, ale nan lis ajans WIC yo. Oubyen ou kapab rele nan nimewo 1-800-522-5006 pou yo ba w referans yon ajans. 
  • Ou dwe ale ak prèv salè chak grenn moun k ap travay nan kay w ap viv la. Li kapab kopi chèk oubyen souch chèk yo resevwa, li kapab yon dokiman labank, dokiman pansyon, elatriye. Si w vle gen plis detay sou dokiman pou w pote pou jistifye salè yo, ou kapab klike la a
  • Ou dwe pote prèv idantite w, prèv adrès kote w ap viv la ak dokiman ki montre si w enskri nan lòt pwogram asistans sosyal. 

Lè ou antre nan pwogram nan

Ajan k ap travay nan WIC yo ap fè yon tèsmedikal  pou tout moun ki aplike pou benefisye pwogram nan. Y ap pran san nan dwèt moun yo pou analize, y ap mezire pwa yo, epi y ap diskite sou eta sante yo, epi bay konsèy sou ki alimantasyon ki koresponn ak eta sante yo. 

Ajan WIC yo ap chwazi ki kalite akonpayman alimantè granmoun ak timoun yo dwe resevwa. Si yon manman deside pa bay ti bebe l la tete, WIC ap chwazi youn nan fòmil pou ti bebe ki nan pwogram nan. Yon moun ki genyen bezwen nitrisyon espesyal, dwe fè yon doktè ranpli yon fòm pou l depoze nan WIC. Se sou baz sa ki di nan fòm nan, WIC ap deside ki kalite rejim manje l ap mete benefisyè a. 

Lè WIC fin apwouve w nan pwogram nan, l ap ba ou yon kat k ap pèmèt ou achte nan yon seri magazen ak makèt li apwouve. WIC ap ba w lis pwodui li aksepte w achte ak kat la. Apre sa, l ap ba w referans lòt pwogram ki kapab ede w. 

Pou granmoun ki gen omwens 60 ane

Depatman lasante vil Nouyòk gen yon pwogram ki rele CSFP (Commodity Supplemental Food Program an anglè) ki bay moun ki gen pou pi piti 60 ane, manje gratis. Pwogram sa a disponib sèlman nan vil Nouyòk ak Long Island. 

Nan pwogram sa a, benefisyè yo jwenn pwodui tankou: diri, espageti, makawoni, manba, ji, vyann ak pwason nan bwat, fwi ak legim nan bwat, lèt, fwomaj, ak kèk lòt manje. 

Pwogram CSFP a bay konsèy sou nitrisyon, kijan pou moun prepare manje yo, epi, li bay referans sou lòt pwogram k ap ede benefisyè yo nan alimantasyon yo. 

Kijan pou w aplike?

Pou yon moun elijib, li dwe genyen omwens 60 ane. Li dwe fè pati kategori moun ki nan gid federal sou povrete a

Pou w aplike, ou dwe rele ajans CSFP ki pi pwòch ou a pou w jwenn plis enfòmasyon. Lè yo aksepte w nan pwogram nan, w ap kapab resevwa manje nan yon sit distribisyon y ap rekòmande w. Si w paka deplase, ou kapab bay yon moun responsabilite pou al pran l pou ou. 

Men adrès lokal CSFP yo: 

New York Common Pantry

Adrès: 788 Southern Blvd. Bronx, NY 10455

Telefòn: (917) 509-2896

Ajans sa a sèvi: Bronx, New York, Queens, Kings, Nassau/Suffolk (Long Island services provided by Island Harvest)

Kings County Hospital Center

Adrès: 840 Alabama Avenue. Brooklyn, NY 11207

Telefòn: (718) 498-9208

Ajans sa a sèvi: Bronx, New York, Queens, Kings

Food Bank for New York City

Telefòn:(212) 566-7855

Ajans sa a sèvi: Bronx, New York, Queens, Kings, Richmond, Nassau/Suffolk 

ENPÒTAN: Se Island Harvest ki sèvi moun ki Long Island yo. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers