fbpx Pwogram Welcome Corps: Kijan w kapab ede yon refijye vini Etazini - Documented - Documented
Iso Logo
Logo Documented
DONATE
Documented dactilar logo
Feb 29, 2024 | Ralph Thomassaint Joseph

Pwogram Welcome Corps: Kijan w kapab ede yon refijye vini Etazini

Welcome Corps se yon pwogram esponnsò Depatman Leta Ameriken ak Depatman lasante ak sèvis pou moun mete sou pye. Li pèmèt sitwayen ameriken enplike nan akeyi refijye k ap vini Etazini atravè pwogram admisyon refijye yo ki rele USRAP (The United States Refugee Admissions Program). Pwogram Welcome Corps la fasilite refijye yo entegre epi etabli lavi yo Etazini ak siksè. 

Kiyès ki kapab aplike nan Welcome Corps?

Sitwayen ameriken oubyen rezidan pèmanan ki majè kapab reyini an gwoup ki genyen pou pi piti 5 moun pou asiste ak sipòte refijye yo pandan premye 90 jou yo nan nouvo kominote yo. Y ap ede refijye yo jwenn kay ak travay, enskri timoun yo lekòl, epi konekte yo ak sèvis ki esansyèl yo nan kominote yo enstale yo a. 

Lè kèk moun elijib deside fòme yon gwoup sipòtè refijye, pwogram Welcome Corps la ankouraje yo pou yo konsidere divèsite pami manm yo. Nan sans sa a, gwoup yo kapab konsidere kèk faktè tankou diferans laj pami manm gwoup la, pwofil sosyal ak pwofesyonèl, orijin rasyal ak relijyon. 

Esponnsò prive sa yo kapab idantifye yon refijye oubyen yon fanmi ki aletranje epi aplike pou enstalasyon yo Etazini. Pou pwogram nan apwouve esponnsò yo, yo dwe pase pwosesis kontwòl gouvènman ameriken an. 

Pou yo aplike pou yon fanmi refijye, tout refijye yo dwe ap viv nan menm peyi a,  yo dwe gen plan pou yo viv nan menm kay lè yo rive Etazini. 

Èske sponsò yo kapab aplike pou plizyè fanmi?

Esponnsò prive yo kapab aplike pou yon fanmi refijye alafwa. Si Etazini apwouve fanmi refijye yo sipòte a, esponnsò yo dwe tann twa mwa apre refijye yo rive Etazini, pou yo kapab aplike pou lòt refijye. 

Ou kapab li tou: Òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen yo nan Nouyòk

Ki moun ki elijib?

Moun ki sou lis aplikasyon esponnsò yo dwe reponn ak kritè lalwa Etazini genyen sou fason li defini yon refijye. Daprè lalwa ameriken, yon refijye se yon moun k ap viv nan yon peyi ki pa peyi l, oubyen, si li pa gen okenn nasyonalite, l ap viv nan yon peyi ki pa peyi kote li abitye rezide.

Moun sa yo dwe t ap sibi pèsekisyon oubyen yo genyen yon bon rezon pou yo pè pèsekisyon nan peyi yo akoz ras yo, relijyon yo, nasyonalite yo, opinyon politik yo oubyen paske yo manm yon gwoup moun gouvènman peyi yo oubyen moun k ap menase yo wè tankou moun ki pa dzirab oubyen, yo wè yo tankou yon menas. 

Apre sa, yo dwe ranpli kritè sa yo: 

  • Yo dwe genyen pou pi piti 18 lane. Nenpòt moun ki gen mwens pase 18 lane dwe ak paran byolojik yo oubyen gadyen legal yo.
  • Yo dwe ap viv nan yon peyi ki pa peyi yo
  • Yo pa dwe ap viv Etazini
  • Y ap viv nan yon peyi kote gouvènman ameriken an kapab jere dosye refijye yo epi fè entèvyou ak yo.
  • Depi omwens 30 Septanm 2023, ajans Nasyonzini pou refijye yo (UNCHR) oubyen gouvènman nan peyi kote y ap viv la anrejistre yo kòm refijye
  • Etazini pa janm refize yo viv sou teritwa l la apre yo te fin aplike nan pwogram admisyon pou refijye yo (Refugee Admission Program an anglè)
  • Sitwayen Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen yo dwe gen yon fòmilè I-134 oubyen I-134A ki ranpli nan non yo anvan 30 septanm 2023. Yo dwe ap viv nan yon lòt peyi ki pa peyi yo nan moman fòmilè a ap ranpli a. 

Ki moun ki pa elijib?

Refijye k ap viv nan peyi ki sou lis sa a pa elijib pou pwogram Welcome Corps la nan moman an. Men, sitwayen peyi sa yo kapab elijib si y ap viv nan yon peyi ki pa sou lis la. Epi, fòk yo koresponn ak kritè ki defini refijye yo. 

Li enpòtan pou n konnen otorite ameriken yo kapab modifye lis sa a si kondisyon nan peyi sa yo chanje. Ou kapab tcheke kijan yon refijye elijib la a

Verifikasyon

Lè gwoup esponnsò prive yo fin idantifye refijye yo deside ede rantre Etazini ak sipòte yo, yo dwe voye yo nan USRAP. Chak gwoup esponnsò dwe chwazi yon moun kòm kowòdonatè gwoup la. Se kowòdonatè gwoup la k ap kreye yon kont pou ranpli aplikasyon an. 

Sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal ki gen pou pi piti 18 lane kapab kreye gwoup ki gen omwens 5 manm pou sponnsorize yon refijye oubyen yon fanmi refijye. Esponnsò yo dwe ap viv tou pre oubyen nan kominote kote y ap akeyi refijye yo. 

Gen yon verifikasyon obligatwa chak moun ki nan gwoup esponnsò prive yo dwe pase sou sit Sterling Volunteers la. Chak manm gwoup yo dwe siyen fòmilè angajman Welcome Corps la, epi yo dwe konsilte dokiman akò sou kòd konduit la (Code of Conduct Agreement). Nenpòt lè lajistis ta rapousuiv oubyen kondane yon manm nan gwoup yo pandan patisipasyon yo nan pwogram nan, yo dwe rapòte sa bay Welcome Corps. Ou kapab aprann plis sou sistèm verifikasyon pwofil moun yo la a

Anvan yon gwoup soumèt yon aplikasyon, omwens youn nan manm yo dwe patisipe nan fòmasyon sou eleman esansyèl nan pwogram Welcome Corps la (Welcome Corps Essential Training). 

Gwoup la dwe bay Welcome Corps yon plan ki bay tout detay sou kijan y ap bay nouvo refijye y ap resevwa yo, tout sèvis fondamantal yo. Pami sèvis sa yo, genyen lojman, transpò, sipò finansye, edikasyon ak swen timoun yo, ak lòt bezwen fondamantal yo. 

Ou kapab li tou: Sèvis pou imigran ki fenk rive Nouyòk yo

Kijan pou w aplike pou pwogram Welcome Corps la nan USRAP

Gwoup esponnsò yo kapab depoze aplikasyon yo la a, apre yo fin prepare enfòmasyon ak dokiman esansyèl yo. Gwoup esponnsò prive yo dwe rasanble 2 375 dola pou chak grenn refijye yo vle sipòte yo. Kantite lajan sa a gendwa genyen ladan l ebèjman, ak lòt fòm sipò. 

Apre gwoup la fin depoze aplikasyon an, ekip Welcome Corps la ap revize dosye a, epi, y ap kontakte w si yo genyen kesyon ak si yo bezwen nouvo enfòmasyon. 

Daprè Welcome Corps, esponnsò yo dwe atann yo ant 6 mwa ak kèk ane apre yo fin soumèt dosye aplikasyon an, pou refijye yo sipòte yo antre Etazini. Si Welcome Corps aksepte aplikasyon an, l ap anonse espnnsò yo sa, epi, l ap transfere refijye yo nan pwogram admisyon pou refijye yo (U.S. Refugee Admissions Program). Gouvènman ameriken an ap fè entèvyou refijye yo aletranje, kote l ap evalye elijibilite yo daprè lalwa Etazini. Nan pwosesis sa a, genyen verifikasyon sekirite yo ak ekzamen medikal. Se sèl refijye depatman sekirite enteryè Etazini akspete ki kapab rantre vin enstale yo Etazini. 

Lè depatman sekirite enteryè Etazini fin apwouve moun yo, Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ap kowòdone vwayaj refijye yo pou yo rive nan vil k ap resevwa yo a. 

Si w bezwen plis enfòmasyon, ou kapab voye yon imèl nan contact@welcomecorps.org 

Si w se yon immigran Ayisyen ki Nouyòk k ap chache enfòmasyon ak resous sou imigrasyon, ou kapab suiv Documented pou w konnen tout dènye enfòmasyon yo. Si w gen kesyon sou imigrasyon nan Nouyòk, ou kapab voye yon imèl bay ralph.thomassaint@documentedny.com

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
CONTACT
Powered by Rainmakers