fbpx

Kijan Pou w Prepare Premye Aparisyon w nan Tribinal Imigrasyon

Yon espesyalis ap eksplike kijan pou yon moun prepare premye randevou l nan tribinal imigrasyon, objektif premye odyans lan ak kisa pou l fè si l rate randevou a.

Rommel H. Ojeda

Apr 17, 2025

Changing your address with immigration authorities when you move is necessary to receive notifications from the government regarding your immigration case. Here is what you need to do.

Executive Office of Immigration Review New York City Court at 26 Federal Plaza. Photo by Rommel H. Ojeda

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Men sa ki dwe nan lis preparasyon an:

  • Asire w ou konnen dat, lè, ak adrès tribinal ou gen randevou a.
  • Pote dokiman Notice to Appear (NTA) la.
  • Pote nenpòt dokiman idantifikasyon (tankou paspò ak kat idantite).
  • Pote tout dokiman legal oswa prèv ki enpòtan.
  • Prepare yon lis kesyon ou swete diskite ak jij la.
  • Asire w ou konnen dat, lè, ak adrès tribinal ou gen randevou a. Pote dokiman Notice to Appear (NTA) la.

Depi plis pase 180,000 moun k ap chèche azil te rive nan New York City, anpil nan yo te chèche avoka imigrasyon gratis pou mande konsèy. Men, akòz gen anpil demann pou sèvis legal, yo pa t kapab jwenn èd. Sa lakoz anpil moun rate randevou yo nan tribinal.

Nou te pale ak avoka imigrasyon Rebecca Press ki se ko-Fondatè ak Ko-Direktè Egzekitif nan Co-Counsel NYC, ki eksplike objektif premye randevou tribinal la ak konsekans ki genyen si w rate li.

Atik sa a, ansanm ak sitasyon ki ladan l yo, la sèlman pou enfòme w. Se pa yon konsèy legal. Si w ap chache asistans legal, tcheke lis nou genyen sou avoka imigrasyon gratis ki Nouyòk yo.

Kisa ki pase jeneralman nan premye randevou nan tribinal imigrasyon an?

Lè yon moun k ap chèche azil nan pwosedi depòtasyon, yo ba li yon Notice to Appear (NTA), Fòm I-862. Fòm lan genyen dat, lè, ak kote tribinal imigrasyon moun k ap chèche azil la (akize a) dwe prezante l.

Premye randevou nan tribinal la se yon reyinyon preliminè daprè sa Press di. “Se kote jij la vle konfime se moun ki konsène a ki la. Konfime non ak adrès li  kòrèk. Epi li vle konnen ki lang ki pi bon pou moun nan.”

Press fè konnen, se tou kote akize a ka fè jij la konnen si li gen yon avoka oubyen si li bezwen plis tan pou l jwenn yon avoka.

Kisa w dwe atann ou de odyans preliminè a?

Pifò moun gen plizyè odyans nan tribinal imigrasyon. Premye odyans lan rele odyans preliminè (Master Calendar Hearing an anglè). Li posib pou w genyen plizyè odyans preliminè anvan ou gen yon odyans endividyèl final, kote jij la pral deside sou ka w la.

Gen twa aktè enpòtan ki enplike nan odyans devan tribinal imigrasyon yo:

  • Jij imigrasyon an: Jij la pral tande w sou prèv ou gen nan men w epi tande prèv pa  ajans imigrasyon an, epi li pral deside sou ka w la.
  • Avoka gouvènman an: Avoka sa a reprezante ICE. Wòl li se plede pou Etazini depòte w.
  • Entèprèt la: Ou gen dwa a yon entèprèt nan tribinal imigrasyon yo. Si tribinal la pa ba w yon entèprèt nan lang ou pi byen pale a, ou ta dwe enfòme jij la ak avoka w la, si w gen youn.

Ou pa bezwen enkyete w si w pa gen yon avoka. Sonje, premye etap ki pi enpòtan an, se ale nan odyans ou yo. Si w pa gen yon avoka nan premye odyans lan, ou ka mande jij la pou l tann ou jwenn yon avoka. Tribinal la ka gen yon lis avoka gratis oswa ki pa chè. Si w rate yon odyans, li trè posib pou jij la bay yon lòd depòtasyon kont ou.

Ki lè ak ki jan m ap resevwa Notice to Appear la?

Yo souvan bay moun k ap chèche azil yo NTA a, apre yo fin lage yo nan sant detansyon CBP yo. 

Patisipe nan tout odyans tribinal imigrasyon yo epi tcheke dat odyans tribinal ou regilyèman

Premye etap ki pi enpòtan an, se asire w konnen ki lè pwochen odyans tribinal ou a ap fèt epi ale nan tout odyans tribinal imigrasyon yo.

Si w rate yon odyans,  gen anpil chans pou jij la ba w yon òdonans pandan w pa la a, pou w kite Etazini, epi li posib pou ajan imigrasyon yo mete w nan detansyon epi depòte w. 

Kote odyans ou an ap fèt la, dat ak lè a ap sou Notice to Appear (NTA) la, yon dokiman yo ka ba w sou fwontyè a oubyen ou te resevwa pa lapòs. Enfòmasyon sou odyans ki sou NTA w la ka chanje. Li enpòtan pou w kenbe adrès ou ajou pou w pa rate lèt enpòtan ki soti nan tribinal imigrasyon an. Tanpri aprann kijan pou mete adrès ou ajou ak otorite imigrasyon yo.

Li rekòmande pou w tcheke odyans tribinal imigrasyon w lan sou entènèt oswa lè w rele liy dirèk tribinal imigrasyon an. Gen de(2) opsyon pou w fè sa:

Si w fèk finn pase fontyè pou rantre Etazini, enfòmasyon w yo kapab poko nan sistèm tribinal imigrasyon an. Li rekòmande pou w tcheke sit entènèt tribinal imigrasyon an oswa rele 1.800.898.7180 chak semèn pou w tcheke si yo te mete ka w la ajou nan sistèm nan epi asire w gen dat, lè, ak adrès kòrèk pou odyans ou a.

Kisa k ap pase si mwen rate premye dat tribinal la?

Rate premye aparisyon nan tribinal imigrasyon an, ak nenpòt aparisyon nan tribinal an jeneral, pa rekòmande. Yon jij pral bay yon Lòd An Absans, ki mete akize a anba pwosedi depòtasyon si moun nan pa t prezan epi li sijè a depòtasyon.

Press te di “ Siw pa prezante w nan randevou a ebyen ou mèt tou asime gen yon lòd depòtasyon.” 

Èske gen sikonstans ki kapab yon eksepsyon pou m rate odyans tribinal la?

Si w rate yon aparisyon nan tribinal la epi yo bay yon lòd depòtasyon kont ou, ou pral oblije montre sikonstans ekstraòdinè ki eksplike poukisa ou rate odyans lan. Tankou, si w pa t resevwa envitasyon tribinal la, oubyen ou te nan sant detansyon. “Si w pa gen yon avoka, sa pa yon eskiz valab pou pa prezante w,” daprè Press. Li fè konnen, moun yo  dwe toujou konfime dat tribinal yo kòrèk nan dokiman NTA yo. 

Èske m bezwen yon avoka pou m ale nan tribinal imigrasyon an?

Press fè konnen, yon moun pa bezwen yon avoka pou l ale nan randevou a. Si moun nan pa gen yon avoka, se pa yon eskiz pou rate l odyans lan. Li di: “Se yon aparisyon rapid epi ou pa  dwe pè ale.” 

Pwosesis nan tribinal imigrasyon an long epi li konplèks. Li pi bon pou w gen sipò ak konsèy yon ekspè legal ki gen eksperyans.

Tanpri kontakte nou atravè Messenger oswa WhatsApp si w gen kesyon sou kijan w ap jwenn asistans legal Nouyòk. 

Èske mwen ka patisipe nan odyans tribinal la sou entènèt?

Nan kèk ka, yon moun kapab patisipe nan odyans lan sou entènèt. Press di: “Lèt randevou a  ap  fè w  konnen si odyans lan se sou entènèt oubyen si w dwe prezan w nan tribinal la. Tout sa envitasyon an di, se sa ki dwe fèt.”

E si mwen vle ale nan yon lòt tribinal imigrasyon?

Si w kite eta kote odyans la ap fèt la, ou kapab mande pou refere w nan yon lòt tribinal imigrasyon. Pwosesis sa a rele Mosyon pou Chanje Adrès. W ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w chanje adrès tribinal yo la a.

E si m bezwen asistans entèprèt?

Ou kapab mande asistans pou entèprèt nan tribinal la si w pa pale anglè. 

Li enpòtan pou w enfòme tribinal la alavans pou konfimeou  konprann pwosedi a epi kominikasyon an  efikas. Gen entèprèt ki disponib pou plis pase 100 lang, epi tribinal la ofri entèprèt lang siy gratis pou moun ki pa tande.

Pou w mande yon entèprèt, ou kapab kontakte biwo grefye anchèf nan tribinal ou gen odyans lan oubyen rele biwo sèvis entèpretasyon tribinal la nan (646) 386-5670.

Rommel H. Ojeda

Rommel is a bilingual journalist and filmmaker based in NYC. He is the community correspondent for Documented. His work focuses on immigration, and issues affecting the Latinx communities in New York.

@cestrommel

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.