Kisa akonpayman tribinal ye?
Akonpayman se pwosesis kote yon volontè ale ansanm ak yon imigran nan yon odyans tribinal oswa yon randevou ak ICE. Nan dènye mwa yo, anpil volontè atravè peyi a mete tèt yo ansanm pou kreye yon sistèm akonpayman, kote yo mete volontè yo an kontak ak moun ki bezwen sipò lè yo pral nan tribinal imigrasyon.
Pou randevou nan tribinal, pafwa moun k ap akonpaye a ka antre nan bilding lan ansanm ak moun li ap sipòte a, men règ sa yo konn chanje souvan.
Pou randevou ICE, moun k ap akonpaye a ka rive sèlman devan antre bilding lan, epi li souvan rete tann deyò jiskaske moun nan fini epi soti. Pafwa pwosesis sa a rele tou sipò tribinal.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Janvye 2026.
Kijan akonpayman an ka ede imigran?
- Moun k ap akonpaye a ka ede tradui dokiman, pankat, ak lòt bagay ki ka difisil pou w konprann
- Li ka ede w konprann kijan randevou a ap dewoule, tankou kijan pou w antre ak sòti nan bilding lan, epi kijan pou w jwenn sal tribinal la lè w rive anndan an
- Si gen nenpòt pwoblèm pandan randevou a, li ka kontakte yon rezo volontè pou ede rezoud sitiyasyon an
- Konpayon yo ka mete w an kontak ak lòt òganizasyon ki bay èd legal gratis oswa nan pri abòdab
- Si yo arete w, konpayon an ka avèti fanmi w oswa moun pwòch ou
Kijan w ka jwenn akonpayman pou tribinal?
Men kèk gwoup nan Vil Nouyòk ki ka ede w jwenn sipò:
Diferan òganizasyon ka òganize akonpayman an nan fason pa yo. Men kèk bagay pou w sonje lè w ap kontakte yo:
- Kontakte yo davans, de preferans omwen 2 semèn a lavans
- Mande yo kijan pwosesis yo a mache egzakteman
- Asire w ou gen tout dokiman ki sipòte dosye w la
- Kenbe Nimewo Alien ou anba men w (se nimewo USCIS bay pou dosye w la)
- Gen yon lòt moun ki pare pou l jwe wòl kontak ijans ou si ta gen yon pwoblèm