Logo
Apr 11, 2025 | Ralph Thomassaint Joseph

Ki moun ki kalifye pou azil Etazini?

Men kritè pou w kalifye pou azil Etazini ak kijan pou w aplike

Men sa w dwe konnen sou kiyès ki kalifye pou azil:

  • Azil pwoteje moun ki sibi pèsekisyon akoz ras, etni, relijyon, nasyonalite, opinyon politik yo, oswa paske yo fè pati yon gwoup sosyal patikilye.
  • Ou dwe soumèt demann azil ou a nan delè yon ane apre w rive Etazini, sof si w kalifye pou yon eksepsyon.
  • Si w pa nan pwosedi depòtasyon, y ap egzamine demann ou an pandan yon entèvyou ak USCIS, kote w ap bezwen eksplike ka w la epi bay prèv ki kore li. Si w gen yon dosye depòtasyon aktif, yon jij imigrasyon pral egzamine demann ou an ansanm ak tout prèv ou soumèt yo.
  • Si w pa respekte delè yon ane a, sa ka fè w pa kalifye pou azil, men gen eksepsyon si sitiyasyon w chanje oswa si gen sikonstans ekstwòdinè.
  • Li vrèman rekòmande pou w chache asistans legal pou ede w fè demach yo kòrèkteman epi ogmante chans pou yo apwouve demann ou an.

Si w gen plan pou w fè yon demann azil, li rekòmande pou w pale ak yon avoka oswa yon reprezantan Depatman Jistis (DOJ) ki otorize. Li gid nou an sou avoka ki bay sèvis gratis oswa a pri redui nan Nouyòk.

Enfòmasyon sa yo pa ranplase konsèy legal yon avoka oswa yon reprezantan Depatman Jistis (DOJ) ki otorize. Dènye mizajou enfòmasyon sa yo te fèt 17 jen 2026.

Kisa azil ye?

Azil se yon fòm pwoteksyon yo bay moun ki deja Etazini oswa ki rive nan yon pwen antre sou fwontyè a epi ki pa kapab retounen nan peyi yo paske yo te sibi pèsekisyon oswa paske yo gen bon rezon pou yo kwè yo ka sibi pèsekisyon alavni akoz:

  • Ras oswa etni yo
  • Relijyon yo
  • Nasyonalite yo
  • Opinyon politik yo
  • Paske yo fè pati yon gwoup sosyal patikilye

Ou ka mande  azil si w pa gen lòd depòtasyon kont ou, men sa pa garanti demann ou an ap apwouve otomatikman. Si yo akòde w azil la, sa ap pèmèt ou rete Etazini legalman. Apre sa, ou ka aplike pou rezidans (sa yo rele Green Card la).

Èske mwen kalifye pou azil Etazini?

Ou ka kalifye pou azil si:

  • Ou prezan Etazini fizikman oswa ou rive nan yon pwen antre sou fwontyè a.
  • Ou kapab montre ou te sibi pèsekisyon oswa ou gen bon rezon pou w kwè yo ka pèsekite w si w retounen nan peyi w.
  • Ou fè demann azil ou, nan espas yon ane apre ou rive Etazini (sof si gen yon eksepsyon ki aplike pou ka w la).
  • Ou peye frè anyèl 102 dola a.

Si w Etazini san estati legal oswa si w rete pi lontan pase tan viza w te akode a, ou ka toujou fè yon demann azil, depi ou pa gen yon lòd depòtasyon.

Kisa demach pou w aplike pou azil la ye?

Men etap pou w fè yon demann azil:

1. Ranpli Fòm I-589 epi peye frè 102 dola a:

  • Soumèt fòmile Demann Azil ak Pwoteksyon Kont Depòtasyon (Form I-589) bay Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) si se yon demann azil ou fè dirèkteman (affirmative asylum).
  • Si w nan pwosedi depòtasyon, ou dwe depoze fòm sa a nan tribinal imigrasyon.

2. Randevou byometri: Ale nan randevou pou yo pran anprent ou epi fè verifikasyon dosye w (background check).

3. Entèvyou azil: Ale nan yon entèvyou ak yon ofisye azil USCIS pou eksplike ka w la. Yon nòt enpòtan: USCIS ap transfere kèk ka azil bay tribinal imigrasyon. Pou sa, ou dwe toujou kenbe adrès ou ajou ak USCIS epi fè yo konnen si w chanje adrès.

4. Desizyon: Si yo apwouve demann ou a, ou ka rete Etazini epi fè aplike pou rezidans (green card). Si yo refize w, y ap voye ka w la nan tribinal imigrasyon pou pwosedi depòtasyon.

Ou ka fè demann azil depi w pa t deja gen yon lòd depòtasyon, men li pi bon pou w chèche yon avoka imigrasyon pou ede w ak dosye w la.

Si w ap viv Nouyòk, ou dwe voye demann ou an bay USCIS Chicago Lockbox.

Adrès pou voye aplikasyon I-589 nan:

Sèvis Postal Etazini (USPS):

USCIS

Attn: I-589

P.O. Box 6893

Chicago, IL 60680

FedEx, UPS, oswa DHL:

USCIS

Attn: I-589 (Box 6893)

131 S. Dearborn St., 3rd Floor

Chicago, IL 60603-5517

Èske mwen ka fè demann azil si m deja gen plis pase yon ane Etazini?

Sa depann. Ou dwe montre gen yon rezon ki fè yo ta dwe aksepte demann ou an menm si w pase plis pase yon ane Etazini. Men kèk eksepsyon:

  • Chanjman nan sitiyasyon nan peyi w, tankou nouvo menas oswa nouvo ka pèsekisyon.
  • Sikonstans ekstwòdinè ki te anpeche w fè demann nan a lè, tankou maladi grav, yon andikap legal, oswa move asistans legal.

Si w pa antre nan youn nan eksepsyon sa yo, ou ka toujou kalifye pou lòt fòm pwoteksyon, tankou Withholding of Removal (pwoteksyon kont depòtasyon) oswa pwoteksyon yo rele Convention Against Torture (CAT), ki pwoteje moun kont move tretman ak zak tòti.

Èske mwen ka travay pandan m ap tann desizyon ki konsène demann azil mwen an? 

Wi, men ou dwe tann 150 jou apre ou fin depoze demann azil ou a anvan ou ka fè demann pou yon pèmi travay (Employment Authorization Document – EAD). Yon EAD se yon dokiman legal ki pèmèt yon moun ki fè demann azil travay Etazini pandan y ap trete dosye l. Gen yon nouvo règ yo pwopoze ki ka chanje kondisyon pou w jwenn yon pèmi travay. Men, pou kounya, moun k ap tann desizyon sou demann azil yo ka toujou fè demann pou yon pèmi travay apre 150 jou.

Kisa k ap pase si yo refize demann azil mwen?

Si demann azil ou a pa apwouve:

  • Yo ka mete w nan pwosedi depòtasyon epi voye dosye w bay Tribinal Imigrasyon.
  • Lè w antre nan pwosedi depòtasyon, w ap jwenn yon lòt chans pou w prezante demann azil ou a devan yon jij imigrasyon. Sou administrasyon  Trump nan, gen kèk demann azil yo rejte avan menm jij la tande tout dosye  moun nan.
  • Si yon jij imigrasyon refize demann azil ou a, ou ka mande EOIR pou yo rekonsidere desizyon an. Si yo refize demann sa a tou, ou ka fè apèl devan Board of Immigration Appeals (BIA). Yon jij imigrasyon ap ba w yon lòt chans pou prezante ka azil ou.

Si w pa jwenn okenn lòt fòm pwoteksyon, jij imigrasyon an ka bay yon lòd depòtasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt