Logo

Imigran yo rejwenn dwa pou mande kosyon

Yon nouvo desizyon pèmèt plizyè milye imigran ki nan detansyon mande kosyon, sa ap pèmèt yo al tann odyans tribinal yo lakay yo ak fanmi yo olye yo nan prizon

Batay legal pou detèmine ki moun ki gen dwa mande kosyon an ap kontinye.

Mizajou: Nan dat 6 mas 2026, Tribinal Apèl 9yèm sikui a pran yon desizyon tanporè. Li bloke yon desizyon Tribinal Distri nan Central California te pran. Desizyon sa a bay plizyè milye imigran ki nan detansyon dwa pou mande kosyon. Sa konsène moun ki te antre Etazini san enspeksyon.

ICE, Depatman Jistis ak tribinal yo

Nan mwa Jiyè 2025, ICE te soti yon desizyon ki  te anpeche moun ki antre Etazini san viza valab, benefizye kosyon. Nan mwa septanm 2025, Board of Immigration Appeals (BIA) nan Depatman Jistis te apiye desizyon sa a. Yo te retire pouvwa jij imigrasyon yo pou yo konsidere demann kosyon pou nenpòt moun ki antre san viza oswa san enspeksyon legal.

Kidonk, imigran san papye ki te nan peyi a pandan plizyè dizèn ane, ta dwe pase plizyè mwa oswa menm plizyè ane nan sant detansyon – menm si yo pa komèt okenn krim.

Prensip ICE  sa a te vinn kanpe nan pifò Eta nan Etazini paske yon pwosè  defansè dwa imigran yo te inisye te lakòz yon jij federal ranvèse desizyon BIA a ki te antre an vigè 18 fevriye 2026. Tribinal Apèl Nevyèm Awondisman an te sispann tanporèman desizyon jij ki te nan premye enstans lan pou ranvèse desizyon BIA a, sa ki te kite anpil imigran ki te nan detansyon ak defansè yo nan konfizyon.

Kisa yon odyans kosyon ye?

Yon odyans sou kosyon se yon pwosedi devan yon jij imigrasyon pou detèmine si yon imigran ki an detansyon ka libere pandan pwosedi depòtasyon li an ap dewoule.

Si jij la akòde kosyon an, imigran an oswa moun ki garanti li a ka peye montan ki nesesè a pou moun ki an detansyon an ka libere.

Gen de fason prensipal pou yo fikse kosyon an:

  1. ICE ka fikse montan kosyon an nan moman detansyon an.
  2. Yon jij imigrasyon ka fikse montan kosyon an pandan yon odyans kosyon, sou demann.

Ki diferans ki genyen kounye a?

Depi anvan desizyon ICE te pran an jiyè 2025 la ak desizyon BIA nan mwa septanm 2025 lan, se pa tout moun ki nan detansyon imigrasyon ki te kalifye pou kosyon. Gen moun ki pa kalifye ditou. Pa egzanp: moun ki te fè gwo krim, moun yo arete sou fwontyè, sou lanmè, oswa moun ki te deja depòte epi ki retounen Etazini. Nan ka sa yo, moun sa yo pa gen dwa pou yo mande yon odyans kosyon.

Direktiv ICE la ak desizyon BIA a nan mwa septanm nan te ajoute plizyè milye imigran ki pa komèt okenn zak malonèt nan lis moun ki pa elijib pou kosyon, tankou:

  • moun k ap chèche azil ak lòt asistans imigrasyon ki te antre nan peyi a san yo pa t pase enspeksyon sou fontyè
  • rezidan ki la lontan ki te antre san viza oswa admisyon legal;
  • Kèk moun ki sou pawòl.

Chanjman sa a te rann li pi difisil pou anpil imigran ki te nan detansyon pou yo mande liberasyon, menm si yo gen fanmi pwòch ki ameriken, menm si yo pa gen okenn dosye kriminèl, oswa menm si yo gen rezon valab pou yo pè retounen nan peyi yo. 

Ak dènye desizyon tribinal yo, kèk nan moun sa yo rejwenn dwa pou mande yon odyans sou kosyon.

Èske imigran ki nan detansyon yo ka toujou aplike pou odyans kosyon?

Sa depann de kote yo ye nan detansyon an. Pandan direktiv ICE la ak desizyon BIA a tap eseye limite anpil moun ki te kalifye pou kosyon, desizyon tribinal distri a nan dat 18 desanm te retabli kalifikasyon pou kosyon pou imigran iregilye yo.

Dènye desizyon Tribinal 9yèm sikui a redui limit desizyon tribinal distri a sèlman pou moun ki nan detansyon nan Distri santral California a epi ki te antre san yo pa t pase enpeksyon. Sa vle di moun ki nan lòt zòn epi ki te antre san verifikasyon pa ka benefisye dwa pou mande kosyon anba nouvo desizyon an. Men, kesyon sa a toujou ap diskite nan tribinal, kidonk règ yo ka chanje apre.

ICE pa ka anpeche yon moun ki nan prizon mande yon odyans sou kosyon. Yon moun ki nan prizon ki legalman kalifye pou kosyon ka mande yon odyans sou kosyon san otorizasyon ICE.

Ou menm oswa avoka w la ka fè yon demann alekri oswa aloral bay jij imigrasyon an. Pa gen okenn frè pou w depoze pou yon demann odyans sou kosyon, men ou dwe mete enfòmasyon sa yo nan demann ou an:

  • Non konplè w
  • Nimewo Alien ou (Alien Registration Number/A-Number)
  • Non sant kote w an detansyon an
  • Enfòmasyon ki montre lyen w ak kominote a ak lyen w Etazini, epi montre ou pa gen dosye kriminèl, oswa si w te gen arestasyon oswa kondanasyon anvan, prèv ke w reyabilite.

Lè w ranpli yon aplikasyon pou kosyon, sa pa garanti jij la ap akòde li. Jij la pral revize enfòmasyon yo bay la epi detèmine si w ranpli kondisyon pou kosyon an.

Ki chans ou genyen pou yo ba w libète sou kosyon?

Dapre Karla Marie Ostolaza, direktris egzekitif The Bronx Defenders, jij yo gen anpil libète nan fason yo pran desizyon sou demann pou libète sou kosyon, epi desizyon yo ka varye anpil selon:

  • jij ki ap jere ka w la;
  • Zòn kote tribinal la ye oswa jiridiksyon tribinal la;
  • fason jij la entèprete kalifikasyon w anba nouvo direktiv la;
  • fòs lyen w genyen ak kominote a ak enpòtans agiman w yo; 
  • Si w gen yon dosye kriminèl ou pa.

Sa vle di, de (2) moun ki sanse nan menm sitiyasyon kapab jwenn rezilta ki trè diferan. Youn ka jwenn libète sou kosyon pandan lòt la pa jwenn.

Nòt konsènan Senkyèm Distri Jidisyè a: Lwizyana, Misisipi, ak Tekzas

Imigran ki nan sant detansyon nan eta sa yo ki mande yon odyans sou kosyon toujou anba ansyen desizyon BIA a, ki limite kosyon an sèlman pou moun ki te antre legalman Etazini. Paske gen dezakò sou kesyon sa a ant diferan tribinal sikui yo, li posib pou Tribinal Siprèm lan pran desizyon sou li, men pa gen garanti y ap pran ka sa an konsiderasyon.

Ou bezwen èd pou peye kosyon w lan?

Si w nan detansyon nan Nouyòk epi w pa gen mwayen pou peye kosyon w lan, Envision Freedom Fund ka peye frè a epi ede w jwenn liberasyon.

Òganizasyon an ofri tou referans pou sèvis apre liberasyon, tankou èd legal, asistans pou lòjman, ak sipò pou jwenn travay, ki ka fasilite tranzisyon w lan epi ede w rete lib pandan y ap trete ka w la.

Adrès: 81 Court Street, Brooklyn, NY 11201

Imèl: info@envisionfreedom.org

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt