Logo
Jul 27, 2026 | Denia Pérez

Èske ICE ka fè arestasyon nan tribinal Nouyòk yo?

Lwa yo rele Protect Our Courts Act (POCA) se yon lwa ki anpeche ICE fè arestasyon nan tribinal ki nan eta, vil, oswa minisipalite Nouyòk yo san yon manda ki gen siyati yon jij.

Ogmantasyon arestasyon ICE nan tribinal imigrasyon yo fè anpil imigran k ap viv nan Nouyòk santi yo pè pou yo ale nan lòt pwosedi legal. Si yo rele w pou w prezante w pou yon tikè ou pran pandan w ap kondui oswa pou w rezoud yon pwoblèm nan tribinal ki jere dosye familyal, konnen gen yon lwa ki egziste ki anpeche ajan ICE yo antre anndan tribinal sa yo.

Anpil moun, imigran yo tou, oblije ale nan tribinal pou regle pwoblèm fanmi, kesyon kriminèl oswa kesyon kay. Protect Our Courts Act (POCA) se yon lwa ki anpeche ICE fè arestasyon nan tribinal ki nan eta, vil, oswa minisipalite nan Nouyòk yo san manda yon jij siyen.

Gid sa a bay yon apèsi sou lwa Protect Our Courts Act (POCA) la epi li eksplike ki dwa moun k ap viv nan Nouyòk yo genyen si yo gen yon entèraksyon ak ICE anndan, oswa bò tribinal Nouyòk yo.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Mas 2026.

Èske ICE ka vinn nan odyans mwen nan tribinal la?

Nan eta Nouyòk, gen plizyè kalite tribinal. Wòl yo se fè respekte lalwa epi ede moun rezoud pwoblèm yo rapidman e kòrèkteman.

Menm si ICE ka fè arestasyon nan tribinal federal yo, lwa POCA a anpeche li fè arestasyon nan tribinal ki anndan eta yo, tribinal vil yo oswa tribinal minisipal yo san yon manda ki gen siyati yon jij. Sa vle di, dapre lalwa, ICE pa ka fè arestasyon san pèmisyon yon jij bay alekri.

Li enpòtan pou w ale nan odyans tribinal ou, kit se yon ka sivil oswa yon ka kriminèl.

  • Si w pa prezante w nan yon odyans kriminèl, tribinal la ka bay yon manda pou arete w, sa ki ka gen move konsekans sou estati imigrasyon w. 
  • Si w pa parèt nan yon odyans nan tribinal ki jere dosye familyal oswa tribinal ki trete dosye kay, jij la ka pran yon desizyon ki ka fè sitiyasyon an vin pi mal pou ou.

Men kèk egzanp tribinal ki nan eta yo, vil yo oswa tribinal minisipal kote ICE pa gen dwa fè arestasyon san yon manda ki gen siyati yon jij:

  • Tribinal ki jere dosye familyal: tribinal sa yo tande epi pran desizyon sou kesyon gad timoun, divòs, pansyon alimantè pou timoun, ak lòt bagay ankò.
  • Tribinal ki jere dosye kay: tribinal sa yo pran desizyon sou konfli ant pwopriyetè kay ak lokatè.
  • Tribinal ki jere reklamasyon kòb (Small claims): tribinal sa yo tande epi pran desizyon sou reklamasyon pou domaj ki rive jiska $10,000.
  • Tribinal ki jere dosye chofè ki pran tikè: tribinal sa yo tande epi pran desizyon sou bagay tankou tikè pou vitès ak lòt vyolasyon trafik ki pi grav.
  • Tribinal kriminèl: tribinal sa yo tande epi pran desizyon sou ka kote yo akize moun pou diferan krim.

Kijan lwa Protect Our Courts Act la ede moun k ap viv nan Nouyòk?

Lwa Protect Our Courts Act (POCA) a pwoteje moun k ap viv nan Nouyòk paske li anpeche ICE: 

  • Fè arestasyon andedan tribinal ki nan eta yo, tribinal ki nan vil yo oswa tribinal minisipal yo san yon manda ki gen siyati yon jij.
  • Fè arestasyon lè moun yo ap antre  oswa ap soti nan tribinal ki nan eta yo, tribinal ki nan vil yo oswa tribinal minisipal yo san yon manda ki gen siyati yon jij.
  • Fè arestasyon nenpòt moun k ap patisipe nan yon pwosè — swa pou tèt li oswa pou sipòte yon manm nan fanmi l oswa yon moun lakay li — san yon manda ki gen siyati yon jij.

Lwa a bay pwokirè jeneral eta Nouyòk la otorizasyon pou l depoze yon pousuit si yo vyole lwa POCA a.

Si ICE arete w oswa yon moun pwòch ou andedan oswa tou pre tribinal eta, vil, oswa minisipal yo san yon manda ki gen siyati yon jij, ou ka kontakte biwo defans piblik lokal ou a oswa pale ak yon avoka imigrasyon si w deja nan yon pwosesis depòtasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt