fbpx
Logo
May 28, 2025 | Faye Qiu

Kijan Pou w Evite Fwod Lè w Ap Chèche Apatman nan Vil Nouyòk

Raketè yo ka sible moun ki fenk vini, sitou imigran yo, paske yo panse moun sa yo pa konnen kijan zafè lwe kay fèt nan vil Nouyòk.

Li enteresan pou w demenaje nan vil Nouyòk, men pou w jwenn yon apatman, se yon avanti ki pafwa bay anpil fristrasyon. Magouyè yo sible moun ki fenk vini, sitou imigran yo, paske yo panse moun sa yo pa konnen kijan zafè lwe kay fèt nan vil Nouyòk. Si w konn taktik yo itilize yo, w ap evite fwod epi rive jwenn yon bon espas pou w rete.

Fwod komen nan lokasyon epi kijan yo fèt

Fo anons: Si w wè dil la twò bèl se yon fwod

Ou pa konn wè yon seri anons ki montre w yon apatman ki sanble pafè, men pri a pi bon mache pase tout lòt apatman ki nan zòn nan? Foto yo bèl anpil, ekipman yo anpenpan, poutan pri lwaye a se tankou se yon piyay? Se paske se yon pyèj. Raketè renmen kopye anons lòt moun, epi poste yo kòm anons pa yo, pou atire lokatè k ap chèche bon dil. Si lwaye a sanble pi ba lontan pase lòt pri nan zòn nan oswa moun nan refize rankontre w an pèsòn, sa se yon siy gen yon bagay ki pa kòrèk.

  • Pou w jwenn pri mwayen kay yo kote pa mwa nan yon zòn, ou ka itilize kèk platfòm lokasyon ki sou entènèt la tankou Zillow oswa Redfin. Sèlman mete kòd postal la, epi y ap ba w pri lokasyon nan katye a.

Fwod pou w peye anvan: Depo ki disparèt

Yon move siy pou pou w veye lè w ap chèche lwe apatman nan vil Nouyòk se lè koutye a mande w pou w peye alavans anvan w menm siyen yon kontra lwaye. Magouyè yo souvan kolekte depo sekirite a, premye mwa lwaye a, ak frè adisyonèl nan men plizyè lokatè alafwa, epi yo disparèt san okenn tras. Pou yo ka volè kòb ou y ap fè w kwè gen anpil lòt moun ki vle apatman an epi ba w presyon pou w peye anvan w menm gade apatman an oswa siyen yon kontra lwaye. Malfra sa yo tipikman mande pou fè pèman nan transfè bank, kat kado, lajan kripto, oswa lòt metòd kote w pap ka jwenn ranbousman. E poutan, pwopriyetè lejitim yo jeneralman aksepte chèk oswa depo dirèk.

Pou w pwoteje tèt ou, pa janm peye kach oswa itilize metòd peman ou paka retrase anvan w siyen yon kontra lwaye legal. Yon lokasyon lejitim ta dwe gen yon kontra lwaye ekri ki dekri tèm ak kondisyon yo. Toujou konfime kontra lwaye a ofisyèl epi li gen ladan l detay klè sou pri kay la, dire kontra a, ak responsablite chak moun avan ou peye. Si yon pwopriyetè refize bay dokiman, men li toujou ap mande lajan, se yon siy klè pou w kanpe demach sa a.

Pwopriyetè a an vwayaj: Peye pou yon kay ki pa egziste

Gen kèk raketè ki mete anons pou apatman ki pa disponib vrèman oswa ki pa egziste ditou. Yo pral di w y ap vwayaje nan moman an men y ap voye kle apatman an ba ou pa lapòs osito ou voye lajan depo sekirite a ba yo. Sa se pi gwo siy fwod. Pa gen okenn pwopriyetè lejitim ki pral mande lajan davans avan ou menm wè kay la. Si moun k ap lwe apatman an kontinye ap fè eskiz sou rezon ki fè yo pa ka rankontre w oswa montre w kay la, sitou si y ap bay presyon pou voye lajan davans, gen anpil chans se yon fwod.

Yon lòt taktik: Twoke apatman an

Imajine w al gade yon apatman, w eksite pou w wè l an pèsòn, epi lè w rive koutye a di w yon lòt moun “gentan lwe l” oswa “li pa disponib ankò.” Epi menm kote a, mèt kay la oswa koutye a kòmanse ap pouse w pou w pran yon lòt apatman ki anjeneral pi chè oswa an move kondisyon. Sa a se yon tatik pou w sonje. Se yon fason pou yo atire lokatè yo ak yon bon dil, epi ba yo presyon pou konvenk yo pran yon apatman ki mwen atiran. Si w wè apatman an pa sanble ak foto nan anons lan oswa ou santi y ap fòse w pran yon lòt kay, retire kò w. 

Fo pwopriyetè: Èske yo posede kay la vre?

Se pa tout moun ki di yo se yon mèt kay ki vrèman posede pwopriyete yo di y ap lwe a. Gen kèk raketè ki pran pòz yo se pwopriyetè epi k ap pran lajan lwaye oswa depo nan men plizyè moun, epi apre sa, yo disparèt. Genyen ki antre nan kay ki vid, yo chanje kadna a, epi yo mete tèt yo kòm pwopriyetè. Yo gentan kouri pran lajan lwaye nan men moun nayif yo pwomèt kay la avan mèt kay la kenbe yo. Pou w evite tonbe nan pyèj sa a, mande pou prèv tankou papye taks kay la oswa kontak konpayi k ap jere kay la. 

  • Ou ka chèche non pwopriyetè a nan achiv pwopriyete vil Nouyòk. Si w wè y ap demake lè w poze kesyon sou mèt kay la konnen ou mèt mache pòs ou. 

Kijan pou w pwoteje tèt ou

Pi bon defans ou kont fwod lokasyon, se fè devwa w. Avan w twò eksite pou yon anons ki parèt bèl, pran w ti tan pou fè rechèch sou pwopriyete a. Yon rechèch byen rapid sou Google ak adrès la ka revele si yo te itilize menm foto sa yo nan lòt anons diferan oswa si gen rapò sou fwod ki lye ak li. 

  • Lè w fè yon rechèch imaj ranvèse ak foto ki nan anons lan, sa ka ede w wè si yo te vòlè foto sa yo nan yon lòt anons.

Toujou wè apatman an an pèsòn avan ou angaje w. Si w poko Nouyòk, eseye fè yon zanmi ou fè konfyans tcheke l pou ou. Yon pwopriyetè lejitim pa p gen pwoblèm pou montre w kote a avan l mande l yon depo. Si yo refize, se yon siy ou pa dwe neglije.

Li enpòtan tou pou w verifye enfòmasyon moun w ap kominike a. Si w ap travay ak yon koutye, ou ka konfime yo gen lisans lè w tcheke si yo enrejistre nan Depatman Deta New York. Si w ap lwe dirèkteman nan men yon pwopriyetè, mande prèv ki montre yo se mèt kay la. Si yo ezite oswa yo fache, sa se yon lòt move siy.

Nan zafè peman, toujou sèvi ak metòd ki ka veriye. Chèk oswa transfè labank ofisyèl yo pi sekirize paske yo ka wè tras tranzaksyon an si yon bagay mal pase. Pa peye ak lajan kach, Venmo, Zelle, oswa transfè elektwonik, espesyalman sou yon kont pèsonèl. Si yon pwopriyetè ensiste sou metòd sa yo, reflechi byen avan w kontinye.

Revize kontra lwaye a ak anpil atansyon. Pa janm konte sou pwomès vèbal – tout bagay, soti nan montan lwaye a rive nan responsablite antretyen kay la, yo ta dwe ekri nan kontra lwaye a. Si gen yon bagay ki pa klè oswa ki diferan de sa nou te diskite, ou pa dwe pè mande klarifikasyon avan w siyen.

Kisa pou w fè si w pran nan fwod

Si w rann ou kont yo pran w nan fwod, rapòte fwod la bay Depatman Zafè Konsomatè Vil Nouyòk oswa rele 311 pou w depoze yon plent. Ou ka rapòte eskrokri lokasyon nan Komisyon Komès Federal (FTC) tou, k ap veye aktivite fwod atravè peyi a. 

Òganizasyon lokatè lokal yo, tankou Konsèy Metwopoliten sou Lojman, ka ofri konsèy ak èd. Si w te pèdi lajan, konsidere pote plent lapolis. Pa gen garanti sa ap ede w jwenn kòb ou a men, li ka anpeche raketè a pyeje plis moun.

Ki kote pou jwenn lokasyon lejitim

Pou w evite rakèt ak fwod, itilize sous lokasyon ki fyab. NYC Housing Connect se yon bon opsyon pou moun k ap chèche opòtinite lojman abòdab. Platfòm tankou  StreetEasy, Zillow, ak Apartments.com dabitid gen plis anons serye, men li toujou enpòtan pou w rete pridan epi verifye tout bagay. Si w ap travay ak ajan imobilye, asire w yo gen lisans epi yo anrejistre ak eta a pou evite koutye magouyè.

Chèche apatman nan vil Nouyòk ka difisil, men ou pa oblije tonbe nan fwod pou jwenn yon bon kote. Si w santi yon bagay louch, suiv ensten w epi tcheke tout bagay anvan w angaje w. Pran tan w, poze kesyon, epi pa pran nan presyon k ap fòse w pran desizyon rapid. Avèk yon ti pasyans ak pridans, ou ka jwenn yon kote ki an sekirite epi ki lejitim pou rele lakay ou.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt