fbpx
Logo
Jun 30, 2025 | Paz Radovic

Kisa pou w fè si w pa ka peye bil medikal ou nan Nouyòk

Men kisa moun k ap viv Nouyòk ka fè pou yo jwenn èd pou peye bil medikal yo, kèlkelanswa estati imigrasyon yo genyen.

Men sa w dwe konnen si w pa gen lajan pou w peye bil medikal ou nan Nouyòk:

  • Nan vil Nouyòk, kèlkeswa estati imigrasyon w, se dwa w pou jwenn aksè ak pwogram medikal ki pa chè oswa ki gratis.
  • Tout lopital nan Eta Nouyòk gen obligasyon pou bay èd finansyè pou pasyan ki pa p touche gwo lajan. Sonje poze kesyon nan lopital yo si w pa gen lajan pou w peye pou swen sante. 
  • Konsiltan finansyè ak moun ki responsab pou konseye sou kesyon swen sante disponib gratis pou ede w enskri nan asirans oswa verifye si w kalifye pou èd finansyè.
  • Si w deja dwe lajan lopital, ou ka toujou negosye yon plan pèman oswa mande pou yo retire sou kantite lajan ou dwe a.

Li ka parèt difisil pou w konprann sistèm swen sante vil Nouyòk la. Si w gen yon bil lopital ou pa ka peye, konnen gen èd ki disponib pou ou.

Si w fenk vini nan vil la, kèlkeswa peyi ou sòti oswa estati imigrasyon w, se dwa w pou w jwenn aksè ak pwogram lasante ki pa chè oswa ki gratis ki ka ede w kouvri depans lopital yo. .

Enskri nan yon plan asirans medikal se youn nan premye demach ou ta dwe fè lè w ap vin viv Nouyòk. Men, si w poko gen asirans epi w bezwen al kay doktè, li enpòtan pou w konnen lopital yo pa kapab egzije w peye tousuit apre w fin resevwa swen. Anvan w peye ou gen dwa pou w chache ki pwogram èd medikal ki ka ede w.

Kisa pou m fè si m gen bil medikal m pa ka peye?

Tout lopital nan Eta Nouyòk oblije bay Charity Care, yon pwogram èd finansyè ki ede pasyan ki pa p touche gwo lajan peye depans lopital yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo.

Men sonje sa: menm si w jwenn èd Charity Care, bil lopital prive yo jeneralman pi chè pase bil lopital piblik yo.

Si w resevwa yon bil lopital ou pa kapab peye, mande pou pwogram Charity Care lopital la ak kijan pou w aplike. Ou kapab mande sa nenpòt kilè: lè ou fenk rive, apre ou fin resevwa swen, oswa lè ou resevwa resi lajan ou dwe a. Chak lopital gen pwòp politik èd finansye pa yo, kidonk mande yon kopi règ lopital pa w la. Men, gen kèk règleman ak sèvis obligatwa tout lopital yo sipoze respekte epi ofri, pi ba n ap eksplike w yo.

Ki demach mwen dwe fè pou m jwenn èd finansye pou m peye bil medikal mwen?

Si w deja gen asirans sante, ou gentan fè yon gwo pa. Asirans sante pèmèt ou jwenn swen pi fasil e a pi ba pri, konsa ou ka jwenn swen prevantif epi trete ti pwoblèm sante avan menm sa ta vin pi grav. Si w ta malad osnon blese, aisrans ou ap kouvri pi fò bil la, konsa ou p ap nan peye gwo bil lopital. 

Si w poko gen asirans sante: Mande pou w pale ak yon konseye finansyè nan NYC Health + Hospitals. Yo ka ede w enskri nan pwogram asirans ki gratis oswa ki pa chè, si w kalifye pou sa.

Epi ou kapab kontakte yon Health Care Navigator. Se yon konseye pwofesyonèl ki pran fòmasyon pou ede w chwazi asirans epi enskri nan pwogram yo. Tout èd yo bay yo gratis ak konfidansyèl, e yo pa dwe janm mande w peye pou enfòmasyon oswa asistans pou w enskri nan yon pwogram asirans.

Pou plis enfòmasyon, vizite: nystateofhealth.ny.gov oubyen rele: 1-855-355-5777.  

Si w pa kalifye pou asirans, ou pa kapab peye pou yon plan, oubyen ou pa gen lajan pou w peye sèvis swen sante, ou ka toujou benefisye èd finansyè lopital yo. 

Ki moun ki kalifye pou èd finansyè pou peye bil lopital?

Men sou ki baz ou ka kakalifye pou èd finansye pou peye bil lopital:

  • Lajan kay ou antre pi piti pase 400% barèm povrete Leta federal etabli a (pou ane 2025 lan, li egal a $62,600 pou yon moun k ap viv poukont li, oswa  $128,600 pou yon fanmi ki gen 4 moun ladan l).
  • W ap viv nan Eta Nouyòk epi w nan youn oswa plis nan kategori sa yo:
    • Ou pa gen asirans sante.
    • Ou gen asirans sante, men pòsyon peman pa w la plis pase 10% kòb ou touche anvan taks.
    • Asirans ou ekspire anvan w te fini ak tretman yo.

Si w kalifye pou èd finansyè nan yon lopital: 

  • Lopital la ap fè yon rabè ki baze sou valè lajan ou antre 
  • Epi lopital la dwe ofri w yon plan peman ki pa chè, kote peman chak mwa yo pa dwe depase 5% nan lajan kay la antre chak mwa.

Sonje: Yo pa gen dwa konsidere estati imigrasyon w kòm yon faktè nan pwosesis sa ditou, epi lopital la pa gen dwa poze w okenn kesyon sou sa lè w ap aplike. 

Èske m ka negosye dèt medikal mwen? 

Si w fin verifye ou dwe lopital la, ou ka toujou eseye negosye kantite lajan an. Gen anpil  founisè swen sante ki pa lopital ki bay asistans finansyè oswa ki pare pou mete sou pye plan pèman. Telechaje gid sila ki ka ede w aprann etap pa etap kijan pou w negosye dèt medikal ou nan lyen sa a

Community Health Advocates (CHA) se yon òganizasyon ki gen pou misyon ede abitan Nouyòk yo jere konplikasyon sistèm sante piplik la. Men kèk nan konsèy ak rapèl yo bay:

  • Nan eta Nouyòk yo pa ka rapòte dèt medikal nan rapò kredi w. 
  • Si yo rele w lajistis pou dèt medikal, sèvi ak gid sa a pou w defann tèt ou. 
  • Depi novamb 2022 si yon tribinal pran yon desizyon kont ou nan yon dosye dèt medikal, yo pa ka pran lajan sou salè w, ni pran okenn dwa sou kay ou.

Ou bezwen èd pou peye frè lopital ou?

Kontakte Community Health Advocates nan 1-888-614-5400 oswa klike lyen sa a pou jwenn yon defansè swen medikal

Ou gen plis kesyon sou sijè sa a ak kijan li konsène w? Kontakte yon ekspè Documented.info pou jwenn repons gratis e konfidansyèl. Klike lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt